Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
130 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou.
2 Seyè, koute m' non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.
3 Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?
4 Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou.
5 ¶ Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di.
6 N'ap tann Seyè a, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve!
7 Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre.
8 Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo.
27 Men, nan denmen, jou apre jou lalin nouvèl la, plas David la te vid ankò. Sayil mande Jonatan: -Poukisa David, pitit Izayi a, pa vin manje ni ayè, ni jòdi a?
28 Jonatan reponn li: -Li te mande m' pèmisyon pou l' al lavil Betleyèm.
29 Li te di m': Tanpri, kite m' ale paske fanmi nou ap fè yon sèvis ofrann bèt nan lavil Betleyèm. Frè m' yo te voye lòd ban mwen pou m' la. Si ou se zanmi m', kite m' al wè fanmi m' yo. Se poutèt sa li pa nan plas li bò tab wa a.
30 Sayil fè yon sèl kòlè sou Jonatan, li di l': -Ou se yon loraj kale! Koulye a mwen konnen se pran w'ap pran pou David. Se yon wont pou ou! Se yon wont pou manman ou!
31 Men, m' fè ou konnen toutotan pitit Izayi sa a vivan, ou p'ap janm wa nan peyi a, ou p'ap janm ka gouvènen. Voye chache l' mennen ban mwen. Se pou l' mouri.
32 Men Jonatan reponn: -Pouki pou yo touye l' la? Kisa li fè?
33 Lè sa a, Sayil leve frenn li tankou si li ta vle voye l' sou Jonatan. Jonatan vin wè papa l' te soti pou touye David vre.
34 Li leve soti bò tab la, li te fache anpil. Jou sa a, li pa manje anyen. Se te dezyèm jou fèt lalin nouvèl la. Sa te fè l' lapenn anpil pou David, paske papa l' te pale David mal.
35 ¶ Nan denmen maten, Jonatan leve, l' al nan jaden yo pou l' wè David jan li te pwomèt li a. Li pran yon jenn gason avè l'.
36 Epi li di l': -Kouri non. Ou pral chache flèch mwen pral tire yo. Ti gason an pran kouri. Jonatan voye flèch la pou l' depase ti gason an.
37 Lè ti gason an rive kote flèch la te tonbe a, Jonatan pale byen fò, li di l' konsa: -Flèch la pi devan an toujou!
38 Pa kanpe la konsa. Fè vit non! Ti gason an ranmase flèch la, li pote l' tounen bay mèt li.
39 Li pa t' konnen sa sa te vle di. Sèl Jonatan ak David te konnen.
40 Jonatan bay ti gason an tout zam li yo, epi li di l' pote yo tounen lavil pou li.
41 Lè ti gason an fin ale, David soti dèyè pil wòch la, li lage kò l' atè, li bese twa fwa devan Jonatan. Apre sa, li menm ak Jonatan, yo tonbe yonn nan bra lòt, yo t'ap kriye. Men David te nan pi gwo lapenn pase Jonatan.
42 Apre sa, Jonatan di David konsa: -Ale ak kè poze! Nou te fè sèman devan Seyè a pou nou toujou zanmi. Bondye va fè fanmi nou toujou rete zanmi tou. Lè sa a, David leve, l' ale fè wout li. Jonatan menm tounen lavil la.
31 ¶ Apre sa, Jezi desann Kapènawòm, yon vil nan peyi Galile. Jou repo a, li t'ap moutre moun yo anpil bagay.
32 Yo te sezi tande sa l' t'ap moutre yo, paske li t'ap pale tankou moun ki gen dwa di sa l'ap di a.
33 Te gen yon nonm nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Li pran rele byen fò:
34 Ey, kisa nou gen avè ou, Jezi, nonm Nazarèt? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen ki moun ou ye; ou se moun Bondye chwazi a.
35 Jezi pale byen fò ak move lespri a, li di li: Pe la! Soti sou nonm lan. Move lespri a jete nonm lan atè nan mitan tout moun yo epi li soti, li ale san l' pa fè l' ankenn mal.
36 Tout moun te sezi, yonn t'ap di lòt: Ki pawòl sa a ye menm? Avèk otorite ak pouvwa li pase move lespri yo lòd sevè epi yo soti, y' ale.
37 Se tout moun ki t'ap nonmen non l' nan tout peyi a.