Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
130 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou.
2 Seyè, koute m' non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.
3 Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?
4 Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou.
5 ¶ Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di.
6 N'ap tann Seyè a, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve!
7 Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre.
8 Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo.
18 ¶ David menm kouri chape kò l', l' al jwenn Samyèl lavil Rama. Li rakonte l' tou sa Sayil te fè l'. Apre sa, li menm ansanm ak Samyèl y' ale rete lavil Najòt.
19 Y' al di Sayil men David te lavil Najòt nan zòn Rama a.
20 Sayil voye kèk moun al arete l'. Lè yo rive, yo wè yon gwoup pwofèt ki te gen lespri Bondye a nan tèt yo, avèk Samyèl kanpe devan yo tankou chèf yo. Lamenm lespri Bondye a desann nan tèt moun Sayil te voye yo, epi yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo.
21 Yo vin di Sayil sa. Lè sa a, li voye lòt moun ankò. Yo menm tou, yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo tou. Yon twazyèm fwa, Sayil voye lòt moun ankò. Yo menm tou, yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo.
22 Lè sa a, Sayil leve, l' ale li menm lavil Rama. Lè li rive bò gwo sitèn dlo ki lavil Sekou a, li mande kote Samyèl ak David ye. Yo di l' yo lavil Najòt nan zòn Rama a.
23 Li pati dèyè yo. Antan l'ap mache konsa, lespri Bondye a desann nan tèt li tou. Li t'ap fè menm bagay ak pwofèt yo sou tout wout la, jouk li rive devan lavil Najòt nan zòn Rama a.
24 Li wete tout rad sou li, li fè tankou pwofèt yo devan Samyèl. Apre sa, li tonbe atè a toutouni. Li rete tout rès jounen an ak tout lannwit lan atè a konsa. Se depi lè sa a, yo di: Menm Sayil gen lè pwofèt tou?
2 Tanpri, ban m' yon ti plas nan kè nou! (Konprann mwen byen). Mwen pa fè pesonn okenn mal, pesonn pa ka di mwen lakòz yo pèdi pozisyon yo. Pesonn pa ka di mwen pwofite sou yo.
3 Mwen pa di nou sa pou kondannen nou. Mwen deja di nou sa: sitèlman mwen renmen nou, mwen pote nou sou kè mwen pou lavi ak pou lanmò.
4 Mwen gen anpil konfyans nan nou, mwen kontan nou anpil. Nan mitan tout soufrans mwen yo, mwen toujou gen anpil kouraj, kè m' kontan nèt.
5 ¶ Se konsa, depi mwen te rive nan peyi Masedwan, kè m' pa t' poze menm: mwen jwenn traka tout jan. Yon bò mwen te nan gwo diskisyon ak kèk moun, yon lòt bò mwen te pè nan kè mwen.
6 Men, Bondye ki bay moun ki nan lafliksyon yo kouraj te ban m' kouraj lè l' te voye Tit vin jwenn mwen.
7 Se pa rive Tit la ase ki te ankouraje mwen. Sa te remoute kouraj mwen anpil tou lè li rakonte m' jan nou menm nou te ba li ankourajman. Li fè m' konnen jan nou anvi wè m', jan sa fè nou lapenn pou mwen, jan nou pare pou nou pran defans mwen. Se sak fè, koulye a mwen pi kontan toujou.
8 Menm si lèt mwen te ekri nou an te fè nou lapenn, mwen pa règrèt sa. Mwen te regrèt mwen te ekri l' lè m' te wè jan l' te fè nou lapenn lè sa a.
9 Men koulye a, kè m' kontan, pa paske mwen te fè nou lapenn, men paske lapenn nou te genyen an te fè nou chanje kondit. Nou te sipòte lapenn sa a jan Bondye vle l' la. Se konsa mwen pa fè nou okenn mal.
10 Paske, lè yon moun sipòte lapenn li jan Bondye vle l' la, sa chanje kè li pou l' ka rive sove. Pa gen anyen la a pou n' règrèt. Men, lapenn nou sipòte jan tout moun fè l' la, se touye l'ap touye nou.
11 Nou menm, nou sipòte lapenn nou an jan Bondye vle l' la. Koulye a, gade sa l' fè pou nou! Gade ki jan li fè nou pran sitiyasyon an pou bagay serye! Gade ak ki lanpresman nou soti pou defann tèt nou? Gade jan n' te fache! Gade jan n' te pè! Gade jan nou anvi wè m' ankò! Gade jan nou aktif, jan nou prese peni moun ki te fè sa ki mal la! Nou moutre nou pa t' koupab nan tout bagay sa yo.
12 ¶ Se pa pou moun ki te fè sa ki mal la, ni pou moun yo te fè mal la mwen te ekri nou. Mwen ekri nou pou n' te ka wè jan nou devwe pou mwen devan Bondye. Se poutèt sa, sa te ban m' anpil ankourajman.
13 Se pa ankouraje sèlman mwen te ankouraje. Mwen te pi kontan ankò lè m' wè kouman Tit te kontan pou jan nou te ba li ankourajman.
14 Mwen te pale byen pou nou anpil ak Tit, epi nou pa fè m' wont. Mwen pa janm ban nou manti lè m'ap pale ak nou. Se konsa, sa m' te di Tit sou nou an se te verite a tout bon.
15 Koulye a, li vin renmen nou plis toujou lè l' chonje jan nou tout nou te dispoze obeyi, jan nou te resevwa l' avèk krentif sitèlman nou t'ap tranble.
16 Mwen kontan nèt mwen ka toujou konte sou nou.