Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
6 Konsa, nou kapab toujou gen konfyans, menm si nou konnen pandan n ap viv nan kò sa a, nou pako nan prezans Senyè a. 7 Nou viv lavi nou dapre sa nou kwè, men se pa dapre sa nou kapab wè. 8 Wi, mwen di nou gen konfyans. Anverite, m ta prefere kite kò sa a epi ale lakay mwen ak Senyè a. 9 Objektif nou, se pou nou toujou fè Bondye plezi kit n ap viv isit nan kò sa kit nou parèt nan prezans li. 10 Nou tout gen pou parèt devan tribinal Kris la. Chak moun gen pou resevwa rekonpans pa yo selon aksyon te komèt, swa byen swa mal, jan yo t ap viv pandan yo te nan kò sa a.
Nou se anbasadè Bondye
11 Nou konnen sa sa vle di gen krentif pou Bondye. Konsa, nou fè sa nou kapab pou ede lòt moun aksepte verite a. Bondye konnen ki kalite moun nou ye, epi mwen espere nan fon kè w ou konnen ki moun nou ye tou. 12 Nou p ap chache vante tèt nou ankò. Men n ap di w tout sa pou nou ka ba w yon okazyon pou santi w fyè de nou. Konsa ou ap gen yon repons solid pou moun ki kwè anpil nan aparans. Sa k nan kè yon moun pa enterese yo. 13 Si moun wè nou tankou moun fou se pou Bondye nou fou. Si tèt nou dwat se pou ou menm.
14 Lanmou Kris la ranpli kè nou, paske nou konnen yon sèl moun mouri pou tout moun. Sou baz sa a, se nou tout ki te mouri. 15 Li te mouri pou tout moun, poutèt pou moun k ap viv pa viv pou pwòp tèt pa yo ankò. Li te mouri pou yo epi li resisite pou yo ka viv pou li.
16 Konsa, nou sispann gade moun ak menm je lèzòm gade moun. Se vre, se konsa nou te konnen Kris la nan tan pase. Men nou pa panse konsa ankò. 17 Donk, si yon moun fè yon sèl ak Kris la, li tounen yon lòt moun. Bagay lontan yo pase, kounye a tout bagay vini nouvo!
Jezi rakonte yon lòt istwa sou grenn
26 Jezi di yo: “Wayòm Bondye a tankou you kiltivatè k ap plante grenn nan tè.” 27 L al dòmi aswè, li leve lajounen san pwoblèm. Pandan tan sa a, grenn nan leve, li grandi, san kiltivatè a pa konnen ki jan. 28 Tè a pwodui grenn poukont li; plant lan parèt anvan, apre sa li fè zepi, epi grenn vin plen zepi yo. 29 Kou grenn yo pare, kiltivatè a koupe yo. Se lè rekòlt la ki rive.
Yon lòt istwa sou wayòm
(Mat 13:31-32,34-35; Lik 13:18-19)
30 Apre sa, Jezi di: “Avèk kisa nou ta konpare wayòm Bondye a? Ak ki parabòl nou ta sèvi pou eksplike l? 31 Wayòm Bondye a tankou sa k rive you ti grenn moutad lè ou plante l nan tè. Se li ki pi piti pase tout semans sou latè. 32 Men lè ou plante l, li grandi, li vin pi gwo plant ki genyen. Li fè gwo branch ki fè zwazo nan syèl la ka fè nich yo nan lonbraj li.”
33 Se avèk anpil istwa konsa Jezi t ap sèvi pou fè moun reflechi. Li anseye yo yon fason pou yo te kapab konprann. 34 Li pa t janm di yo yon bagay san li pa sèvi ak yon istwa pou fè moun reflechi. Men lè l te pou kont li ak disip yo li te eksplike yo tout istwa yo.
Copyright © 2017 by Bible League International