Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
5 Nou p ap pale moun de pwòp tèt nou. Men n ap fè moun konnen Jezikris se Senyè. Nou menm nou se sèvitè Jezi. 6 Paske yon jou, Bondye di: “Se pou limyè briye nan fènwa.”[a] Se menm Bondye sa a ki fè limyè li briye nan kè nou. Li fè nou konnen glwa li k ap briye sou vizaj Kris la.
7 Bondye konfye nou trezò sa a, men nou se sèlman po ki fèt an ajil ki kenbe trezò sa a. Konsa, li klè, puisans nou genyen pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti. 8 Pwoblèm anviwonnen nou toupatou, yo pa kraze nou. Anpil fwa nou pa konn kisa pou nou fè, nou p ap bay legen. 9 Nou resevwa pèsekisyon, men Bondye pa abandone nou. Nou tonbe kèk fwa, men yo pa touye nou. 10 Se chak minit nou fè eksperyans lanmò Kris la nan pwòp kò nou. Konsa tou, se chak minit moun ka wè lavi Kris la nan nou. 11 Nou vivan, se vre, men se chak jou nou pase touprè lanmò poutèt Jezi. Se sa k fè li fasil pou moun wè lavi Jezi nan kò nou ki gen pou mouri. 12 Konsa, lanmò ap fè travay li nan nou, men lavi ap fè travay li nan ou.
Jezi se mèt jou saba a
(Mat 12:1-8; Lik 6:1-5)
23 Apre sa, yon jou saba, Jezi t ap pase nan yon jaden ble. Disip li yo ranmase kèk zepi ble pou yo manje. 24 Kèk Farizyen di Jezi: “Pouki sa n ap fè sa lalwa pa pèmèt nan jou saba a?”
25 Jezi reponn yo: “Èske nou pa li kisa David te fè, lè li menm ak moun ki te avèk li yo te grangou, yo te bezwen manje? 26 Li te antre nan tanp Bondye a, lè Abyata te gran prèt, li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje epi li bay mesye ki te ak li yo tou, epi se prèt yo sèlman ki te gen dwa manje pen sa yo.”
27 Jezi di yo ankò: “Saba te fèt pou moun, men se pa moun ki te fèt pou saba, 28 konsa, Pitit Lòm nan se chèf jou saba a.”
Jezi geri yon nonm yon jou saba
(Mat 12:9-14; Lik 6:6-11)
3 Yon lòt fwa ankò, Jezi antre nan sinagòg la. Te gen yon nonm ki te gen yon men l paralize ki te la nan sinagòg la. 2 Kèk moun ki te la t ap veye Jezi byen pou wè si Jezi ta geri nonm nan jou saba a, pou yo ta jwenn yon bagay pou akize l. 3 Jezi di nonm ki te gen men paralize a: “Kanpe nan mitan pou tout moun ka wè w.”
4 Jezi mande moun yo: “Èske lalwa pèmèt nou fè bon bagay oubyen move bagay jou saba? Èske lalwa pèmèt sove lavi oubyen touye yon moun.” Yo pa reponn Jezi yon mo.
5 Lè sa a, Jezi gade yo ak yon kòlè melanje ak yon tristès, tèlman tèt yo te rèd. Jezi di nonm lan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri. 6 Apre sa, Farizyen yo pati al jwenn Ewodyen yo, pou yo fè plan pou wè kijan ki pi fasil pou yo touye Jezi.
Copyright © 2017 by Bible League International