Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Jezi se granprèt nou
14 Nou gen yon granprèt ki monte nan syèl la bò kote Bondye. Se Jezi Pitit Bondye a. An nou kenbe lafwa nou fèm nan Jezi. 15 Nou gen yon granprèt ki konprann feblès nou yo. Li pase anba tout kalite tantasyon menm jan avèk nou lè li t ap viv sou latè, men li pa t janm peche. 16 Kounye a nou ka pwoche bò twòn Bondye ak konfyans kote nou ka jwenn gras Bondye agogo pa mwayen Jezikri ki se granprèt nou. N ap jwenn gras ak konpasyon bò twòn Bondye pou ede nou nan moman nou pi bezwen yo.
5 Se nan mitan lèzòm yo chwazi granprèt yo. Granprèt la la pou ede moun nan sèvis y ap fè pou Bondye. Li la pou ofri ofrann ak sakrifis pou peche yo bay Bondye 2 granprèt la genyen pwòp feblès pa l. Konsa, li ka aji avèk dousè ak moun ki fè sa ki mal poutèt inyorans yo. 3 Se rezon sa a ki fè li ofri sakrifis pou peche pa l menm jan li ofri sakrifis pou peche pèp la.
4 Se yon onè pou yon moun vin granprèt. Poutan, okenn moun pa ka chwazi tèt li pou l fè travay sa a. Se Bondye ki pou rele l menm jan li te fè l pou Arawon.
Copyright © 2017 by Bible League International