Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Sòti nan lanmò pase nan lavi
2 Te gen yon lè, nou te mouri espirityèlman poutèt peche nou yo epi bagay nou fè ki mal kont Bondye. 2 Wi, se vre, lontan lavi nou te plen ak peche. Nou t ap viv jan lemonn viv. Nou t ap fè volonte lespri k ap dirije pouvwa mechan yo[a] ki nan lè a. Se li menm k ap travay nan lavi moun k ap dezobeyi Bondye yo. 3 Nou menm tou, te gen yon lè nou t ap viv konsa tou; nou t ap fè pwòp tèt nou plezi. Nou te fè tout sa lespri nou ak kò nou te dezire. Konsa, menm jan ak tout lòt moun nan mond lan, nou te merite pou n sibi kòlè Bondye.
4 Men, Bondye gen anpil mizerikòd epi li renmen nou anpil. 5 Nou te mouri espirityèlman poutèt tout sa nou te fè ki mal kont Bondye. Men, Bondye ban nou lavi ansanm ak Kris la. Se grenmesi gras Bondye ki fè nou sove. 6 Se vre wi, se paske nou fè youn ak Kris la ki fè Bondye Papa a resisite nou epi li fè nou chita ansanm ak li nan syèl la. 7 Kalite bonte sa a, Bondye manifeste l anvè nou menm ki pou Kris, se pou l ka montre aklè kantite richès gras li genyen pou tout tan gen tan.
8 Se gras Bondye fè nou ki fè nou sove, sèlman paske nou kwè. Se pa nou menm ki te sove tèt nou. Se yon kado Bondye te fè nou. 9 Se pa anyen nou te fè pou sa. Konsa, pèsonn pa ka bat lestomak li pou fè chèlbè. 10 Se Bondye ki fè nou sa nou ye a. Li fè nou vin moun nouvo nan Jezikris. Konsa, nou ka pase lavi nou ap fè bon bagay li te planifye davans pou nou fè.
14 Menm jan Moyiz te leve sèpan[a] an nan dezè a, se konsa yo dwe leve Pitit Lòm nan tou. 15 Konsa nenpòt moun ki kwè nan li va gen lavi etènèl.”[b]
16 Paske Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li a, konsa nenpòt moun ki kwè nan li, p ap peri, men li gen lavi etènèl. 17 Bondye voye Piti li a nan lemonn, Li pa t voye l pou l jije lemonn, men pou l sove lemonn. 18 Moun ki kwè nan Pitit Bondye a, yo p ap kondane. Men moun ki pa kwè, yo deja kondane, paske yo pa kwè nan sèl Pitit Bondye a. 19 Men sa k fè yo kondane: Limyè a te vini nan lemonn. Men, yo pa vle limyè[c] a. Yo pito fènwa, paske y ap fè sa ki mal. 20 Nenpòt moun k ap fè sa ki mal rayi limyè a. Yo p ap vin jwenn limyè a, paske limyè a ap devwale tout move zèv y ap fè. 21 Men, moun k ap pratike verite a yo vini nan limyè a. Alò limyè a ap devwale tout sa yo te fè nan obeyi Bondye.
Copyright © 2017 by Bible League International