Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
107 ¶ Lwanj pou Seyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou!
2 Wi, moun Seyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo,
3 li mennen yo tounen soti nan mitan lòt nasyon yo ki sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche, ki sou bò nò ak sou bò sid.
4 Yo t'ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a. Yo pa t' kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete.
5 Yo t'ap mouri grangou. Swaf dlo t'ap touye yo. Yo santi yo pa t' kapab ankò.
6 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.
7 Li kondi yo sou yon chemen ki pou mennen yo dirèk dirèk nan yon vil kote moun rete.
8 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun.
9 Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje.
10 ¶ Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a, kote lavi yo te an danje anpil. Yo te prizonye, yo t'ap soufri anba chenn,
11 paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la. Yo pa t' okipe konsèy Bondye te ba yo.
12 Li te kraze kouraj yo anba travay di. Yo tonbe atè. pa t' gen pesonn pou ba yo men.
13 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.
14 Li fè yo soti kote ki fè nwa a. Li kase chenn ki te mare yo.
15 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.
16 Li kraze gwo pòt an fè yo. Li kase bawo an fè yo.
15 ¶ Mwen p'ap vire do ban nou ankò. Yo p'ap rayi nou. Nou p'ap rete san pesonn pou vizite nou. M'ap fè moun nou yo toujou kontan wè nou. Y'a fè fèt de tit an tit.
16 Lòt nasyon yo ansanm ak wa yo va pran swen nou tankou yon nouris k'ap bay pitit li tete. Lè sa a n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki sove nou. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen tout pouvwa a, ki delivre nou.
17 M'a fè yo pote lò pou nou nan plas kwiv. M'a fè yo pote ajan pou nou nan plas fè. N'a gen kwiv nan plas bwa, n'a gen fè nan plas wòch. Nan plas chèf ki t'ap peze nou yo, m'a mete chèf k'ap fè nou viv ak kè poze. Nan plas chèf ki t'ap souse nou yo, m'a mete chèf k'ap fè sa ki dwat.
18 Yo p'ap tande moun fè mechanste nan peyi a ankò. Moun p'ap devalize peyi a ankò, ni moun p'ap kraze l'. M'ap sèvi nou ranpa, se mwen menm k'ap pwoteje nou. M'ap sèvi nou pòtay, n'a fè lwanj mwen.
19 Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen. Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit. Se mwen menm, Seyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou.
20 Solèy nou an p'ap janm kouche ankò. Lalin nou an p'ap janm disparèt. Se Seyè a menm ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Jou lafliksyon nou yo fini.
21 Tout moun nan pèp nou an va fè sa ki dwat. Y'a rete nan peyi a pou tout tan. Tankou kreyòl jaden mwen, se mwen ki plante yo, se mwen ki fè yo ak men mwen, pou m' ka fè tout moun wè pouvwa mwen.
22 Fanmi ki pi piti nan mitan nou an pral gen mil (1.000) moun. Fanmi ki pa vo anyen an pral tounen yon gwo nasyon. Se mwen menm Seyè a ki p'ap mize fè sa, lè lè a va rive.
12 ¶ Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.
13 Farizyen yo di li: Apa w'ap pale tèt pa ou byen? Sa w'ap di la a pa gen valè.
14 Jezi reponn yo: Menm si mwen t'ap pale tèt mwen byen, sa m'ap di a se verite, paske mwen konnen ki bò m' soti, mwen konnen ki bò m' prale. Men, nou menm, nou pa konnen ni ki bò m' soti, ni ki bò m' prale.
15 Nou menm, n'ap jije tankou lèzòm jije. Men, mwen menm mwen pa jije pesonn.
16 Mentou, si yon lè mwen gen pou m' jije, m'ap jije byen dapre verite a, paske mwen p'ap jije pou kont mwen. Papa ki voye m' lan ap la avèk mwen.
17 Nou jwenn sa ekri nan Lalwa nou an tou: Lè de temwen fè menm depozisyon an, sa yo di a vre.
18 Mwen sèvi temwen pou tèt pa m'; Papa a ki voye m' lan sèvi m' temwen tou.
19 Yo mande li: Kote papa ou? Jezi reponn yo: Nou pa konnen mwen, nou pa konn Papa mwen. Si nou te konnen m', nou ta konnen Papa m' tou.
20 Jezi te nan tanp lan, kote yo mete bwat pou fè ofrann yo. Se la li t'ap di yo tout pawòl sa yo, li t'ap moutre moun yo anpil lòt bagay ankò. Men, pesonn pa t' mete men sou li, paske lè l' pa t' ankò rive.