Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 107:1-3

107 ¶ Lwanj pou Seyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou!

Wi, moun Seyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo,

li mennen yo tounen soti nan mitan lòt nasyon yo ki sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche, ki sou bò nò ak sou bò sid.

Sòm 107:17-22

17 ¶ Gen ladan yo ki te vin fou, akòz peche yo te fè. Yo t'ap soufri paske yo te fè sa ki mal.

18 Yo pa t' menm anvi manje, yo te prèt pou mouri.

19 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.

20 Li louvri bouch li, li pale epi yo geri. Li wete yo nan bouch twou a.

21 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.

22 Se pou yo ofri bèt pou touye ba li pou di l' mèsi. Se pou yo rakonte tou sa li fè. Se pou yo chante tèlman yo kontan.

Danyèl 12:5-13

¶ Mwen gade, mwen wè de lòt moun ki te kanpe bò larivyè a, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch.

Yonn ladan yo pale ak zanj ki te pi wo a, nan direksyon tèt dlo a, zanj ki te gen rad swa sou li a, li mande l': -Konbe tan ankò anvan pou gwo bagay sa yo rive?

Zanj lan leve bra l' anlè nan syèl la, mwen tande li fè yon gwo sèman nan non Bondye vivan an, li di konsa: -Nan twazan si mwa, lè y'a fin kraze tout fòs pèp Bondye a, tout bagay sa yo va rive.

Mwen tande sa l' te di a, men mwen pa t' konprann. Konsa, mwen mande l': -Men, mèt, ki jan sa ap fini menm?

Li reponn mwen: -Danyèl monchè, ou mèt al fè wout ou, paske koze sa a fèt pou rete kache epi byen sele, jouk lè a va rive pou sa fini.

10 Lè sa a, anpil moun pral pase anba soufrans yo te anonse a. Y'ap soti netwaye, lave, blanchi. Moun k'ap fè mechanste yo menm p'ap konprann anyen, y'ap toujou rete ap fè mechanste yo. Men, moun ki gen lespri ap konprann.

11 Si ou konte depi lè yo va aboli ofrann bèt ki pou fèt chak jou a, pou yo mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, kanpe nan Tanp lan, w'ap jwenn mil desankatrevendis (1290) jou ki gen pou pase.

12 Ala bon sa pral bon pou moun ki va kenbe fèm jouk mil twasantrannsenk (1.335) jou sa yo va fin pase!

13 Ou menm, Danyèl, kenbe fèm jouk sa kaba. Apre sa, w'a mouri. Men, w'a leve vivan ankò pou resevwa rekonpans ou lè tout bagay va fini!

Efèz 1:7-14

Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo; Bondye fè nou wè jan li renmen nou anpil.

Li ban nou favè l' an kantite, li ban nou tout kalite konprann ak konesans.

Li fè nou konnen plan travay li te kenbe sekrè nan kè l', plan travay li te gen lide fè depi lontan an. Se plan sa a li vin reyalize nan Kris la.

10 Dapre plan travay Bondye a, plan ki gen pou fin reyalize nèt lè lè a va rive, Bondye ap mete tout bagay ki nan syèl la ansanm ak tout bagay ki sou latè a anba yon sèl chèf, anba Kris la.

11 Bondye ap fè tout bagay rive jan l' te deside l' la ak jan l' te vle l' la. Konsa, nou menm jwif, nou se moun Bondye te chwazi depi davans dapre plan li. Lè n'ap viv ansanm nan Kris la, nou resevwa pòsyon pa nou nan byen l' yo.

12 Se sak fè, nou menm ki premye moun ki t'ap tann Kris la, n'ap viv yon jan ki sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a.

13 Konsa tou, nou menm, moun lòt nasyon yo, apre nou te fin tande mesaj laverite a, ki vle di bon nouvèl k'ap fè nou konnen jan Bondye delivre nou an, nou te mete konfyans nou nan Kris la, n'ap viv ansanm nan Kris la tou. Bondye te make nou ak letanp li tou, li ban nou Sentespri li te pwòmèt la.

14 Sentespri sa a, se yon avalwa Bondye ban nou sou eritaj li te pwòmèt li t'ap bay pèp li a. Sa ban nou garanti Bondye gen pou fin delivre moun pa l' yo nèt. Se sak fè, nou menm tou, moun lòt nasyon yo, n'ap sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a tou.