Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
12 Se poutèt sa, moun ki apa pou Bondye yo, moun k ap obeyi kòmannman Bondye epi ki kwè nan Jezi, yo dwe gen pasyans.
13 Apre sa, mwen tande yon vwa ki soti nan syèl la. Li di: “Ekri sa: Depi kounye a, moun ki mouri nan sèvis Senyè a byennere.” Sentespri a di: “Se vre, y ap repoze apre anpil travay yo te fè. Wi, zèv yo ap rann temwanyaj pou yo.”
Latè mwasonnen
14 M gade ankò. Te gen yon nyaj blan. Yon siy ki sanble ak yon moun te chita sou nyaj la. Li pote yon kouwòn an n ò sou tèt li. Nan men li, li gen yon manchèt byen file. 15 Lè sa a, yon lòt anj soti nan tanp lan, li pale avèk fòs, ak moun ki te chita sou nyaj la: “Pran manchèt ou, ranmase rekòt la, paske lè a rive pou rekòlte, paske rekòt latè a pare.” 16 Lè sa a, moun ki te nan mitan nyaj la pase manchèt la sou latè, yo te ranmase rekòt la.
17 Apre sa, yon lòt anj soti nan tanp ki nan syèl la. Li menm tou li te gen yon manchèt byen file. 18 Se lè sa a, yon lòt anj, anj ki gen pouvwa sou dife a, li te soti kote lotèl la ye a. Li pale byen fò ak anj ki te gen manchèt byen file nan men l lan: “Voye manchèt byen file w la, rekòlte grap rezen ki sou latè yo, paske rezen yo pare.” 19 Anj lan voye manchèt li sou latè, li ranmase grap rezen sou latè yo epi li jete yo tout nan gwo basen kòlè Bondye a. 20 Yo te kraze rezen yo nan basen andeyò lavil la. San te koule sou yon distans 300 kilomèt[a] epi monte rive jis nan fè ki bride cheval yo.
Copyright © 2017 by Bible League International