Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
15 Paske, mwen pa fè sa m vle fè yo, se sa m rayi m ap fè. M pa konprann pou kisa m aji jan m aji a. 16 Si se sa m pa vle fè, m ap fè, sa vle di m dakò pou m di Lalwa se yon bon bagay. 17 Kounye a, se pa mwen ki fè sa m ap fè a, men se peche ki rete nan mwen an ki fè sa. 18 Wi, m konnen pa gen anyen ki bon nan mwen, m vle di nan feblès lachè mwen. Pou mwen menm, m vle fè sa ki byen, men m pa rive fè l. 19 M pa fè sa ki byen mwen vle fè a, sa ki mal m pa vle fè a, se li mwen fè. 20 Konsa, si m fè sa m pa vle fè, se pa mwen ki fè sa m fè a. Se peche ki abite nan mwen ki fè sa.
21 Men sa m aprann konsènan Lalwa: Lè m vle fè sa ki byen, se sa ki mal la ki parèt. 22 M dakò ak Lalwa Bondye a nan lespri m. 23 Men m jwenn yon lòt lwa k ap travay nan mwen. L ap goumen ak Lalwa lespri mwen byen renmen an. Lwa sa a k ap travay nan mwen an, se lwa peche a ki fè m tounen prizonye li. 24 Ala tèt chaje, ala mizè pou mwen! Ki lès ki pou sove m anba kò lanmò sa a? 25 (Remèsiman pou Bondye pa mwayen Jezikri, Senyè nou an!) Konsa, nan lespri m, mwen esklav Lalwa Bondye, men nan feblès lachè mwen, mwen esklav lalwa peche a.
16 Ak kisa pou m konpare jenerasyon sa a? M ap konpare nou ak yon gwoup timoun ki chita sou yon plas piblik k ap rele yon lòt gwoup timoun.
17 Yo di lòt yo: Nou jwe bon ti mizik sou flit pou ou,
ou pa danse.
Nou chante chan fineray pou ou,
ou pa menm fè tankou w ta pral kriye.
18 Koute! Jan vini, li pa bwè li pa manje menm manje ak tout moun. Yo di li gen move lespri sou li. 19 Pitit Lòm nan vini, li manje li bwè menm jan ak tout moun. Yo di li se granmanjè, ak bwasonyè. Yo di li se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun ki gen move renome. Men vrè sajès la ap toujou bay bon rezilta nan aksyon l yo.”
Yon mo konsolasyon
(Lik 10:21-22)
25 Apre sa Jezi leve vwa li, li di: “Mwen louwe non ou, Papa, Senyè syèl la ak tè a, dèske ou te kache tout bagay sa yo devan je nèg save yo ak moun lespri yo. Alòske ou revele yo bay ti piti sa yo ki pa reprezante anyen. 26 Wi, Papa, sa fèt konsa paske se konsa menm ou te vle li.
27 Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye pi byen, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye pi byen nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.
28 Vin jwenn mwen ou menm ki santi w fatige anba fado ki twò lou pou pote, m ap ba ou repo. 29 Aksepte nouvo prensip lavi[a] m ap ba ou, epi w a jwenn repo. Mwen se moun dou epi m pa gen gwo kòlèt. 30 Fado pa m nan fasil pou pote, chay mwen an lejè.”
Copyright © 2017 by Bible League International