Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 93 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '2 Wa 2:13-15' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 8:21-30

Kèk Jwif pa konprann Jezi

21 Yon lòt fwa ankò, Jezi di moun yo: “Mwen prale. Yon jou n ap gen pou n chache m, men nou gen pou n mouri nan peche nou. Kote m prale a, nou pa gen pouvwa rive la.”

22 Konsa, lidè Jwif yo t ap poze tèt yo kesyon, “Ou kwè nonm nan ta touye tèt li? Paske li di kote l prale a nou pa gen pouvwa pou n al la?”

23 Jezi di yo tou: “Nou menm, nou se moun isiba, mwen menm, mwen se moun anwo nan syèl la; nou menm, nou se moun mond sa a, mwen menm mwen pa moun mond sa a. 24 Se poutèt sa mwen di nou, n ap mouri nan peche nou. Paske si nou pa kwè moun mwen ye a,[a] n ap mouri nan peche nou.”

25 Lè sa a, yo di Jezi: “Ki lès ou ye?”

Jezi reponn yo: “Sa m te toujou ap di nou depi nan kòmansman an. 26 Mwen gen anpil bagay pou m ta kritike pi plis toujou sou nou. Men, m ap di nou sa m tande moun ki voye m nan di sèlman, epi sa l di se verite a.”

27 Yo pa t konprann li t ap pale yo de Bondye, Papa li. 28 Jezi di yo konsa: “Lè n a fin leve Pitit Lòm nan mete anlè[b] sou yon kwa, n a konnen ki moun mwen ye, epi n a konnen mwen pa fè anyen ak pwòp otorite m, men mwen di sa Papa a te anseye m. 29 Epi moun ki voye m nan la ak mwen; li pa kite m poukont mwen, paske mwen toujou fè bagay ki fè l plezi.” 30 Lè l t ap di bagay sa yo konsa, anpil moun te kwè nan li.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International