Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
22 Lè sa a, Pòl kanpe nan mitan yo nan Areyopaj la, li di: “Nou menm moun Atèn, lè m voye je gade, m reyalize nou se moun ki relijye anpil. 23 Paske, pandan m ap vizite vil nou an, m ap gade kote nou abitye adore yo, m wè yon lotèl ki gen pawòl sa yo make sou li: pou bondye nou pa konnen an. Ebyen, Bondye sa a n ap adore san nou pa konnen l lan, se de li m ap pale nou la a.
24 Se Bondye sa a ki kreye mond lan ak tout sa k ladan l. Se li menm ki mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan okenn tanp moun fè ak men yo. 25 Se li menm ki bay moun lavi, posibilite pou yo respire, ak tout sa yo bezwen pou yo viv. Li pa bezwen èd nan men pèsonn. Li gen tout sa l bezwen. 26 Bondye te kreye yon sèl moun, epi avèk moun sa li vin fè tout moun nèt ki sou tè a, kèlkeswa kote y ap viv. Li deside davans ki kote ak nan ki epòk y ap gen pou yo viv.
27 Bondye te vle moun chache li, epi nan chache l konsa toupatou, yo ta jwenn li. Men, Bondye pa lwen okenn nan nou. 28 Paske se nan li nou kapab viv, kapasite pou n fè sa nou fè epi tou pou nou sa nou ye. Se sa wi youn nan pwòp powèt ou yo te di: Nou tout se nan li nou soti.
29 Kidonk, si nou tout se nan Bondye nou soti, nou pa ka panse Bondye se yon bagay imajinè osinon yon bagay moun kapab fè ak lò, ak lajan, osinon ak wòch yo taye. 30 Nan tan lontan, moun pa t konnen kilès Bondye ye, li pa t kenbe sa kont yo. Men, kounye a, l ap fè tout moun nan lemonn konnen yo bezwen chanje epi tounen vin jwenn li. 31 Li gentan deside ki jou l ap jije tout moun nan mond lan selon lajistis. Pou l fè jijman sa a, l ap sèvi ak yon moun li te chwazi depi lontan. Bondye gentan bay prèv se nonm sa a k ap fè jijman an nan resisite li te fè l resisite a.”
13 Si n ap chache fè sa ki byen ak tout kè nou, ki lès moun ki pral fè nou mal? 14 Men menm si nou ta soufri paske nou fè sa ki dwat, nou se moun beni. “Pa pè yo, pa kite yo kraponnen nou.”[a] 15 Men, se pou nou gen krentif pou Kris nan kè nou epi fè lwanj pou li kòm Senyè nou. Se pou nou toujou pare pou n reponn nenpòt moun ki poze kesyon sou esperans nou genyen an. 16 Reponn yo avèk sajès ak respè. Kenbe konsyans nou klè. Konsa, moun ap wè bon lavi n ap mennen tankou disip Kris la. Moun ki pale nou mal pral wont poutèt sa yo di.
17 Li pi bon pou n soufri nan fè sa ki byen pase pou n soufri nan fè sa ki mal. Wi, li pi bon paske se sa Bondye vle.
18 Kris li menm te mouri yon fwa pou peche nou yo.
Li menm ki te inosan,
li mouri pou koupab yo,
pou l mennen yo bay Bondye.
Moun yo te touye l,
men Sentespri Bondye a te resisite l.
19 Se ak puisans Sentespri Bondye a l al pwoklame laviktwa l pami lespri ki nan prizon yo. 20 Sa vle di, sila yo ki te dezobeyi Bondye lè l t ap pran pasyans pou yo nan epòk Noye t ap bati lach la. E se yon ti gwoup uit moun sèlman ki te sove nan bato a anba gwo lapli a. 21 Dlo sa a, se tankou yon imaj batèm ki sove nou jodi a. Batèm se pa pou retire salte sou kò nou, se yon angajman nou pran pou n kenbe yon konsyans san repwòch devan Bondye. Li sove nou paske Jezikri te leve vivan nan lanmò. 22 Kounye a li monte nan syèl. Li chita adwat Bondye kote l ap domine sou tout anj, sou tout otorite ak sou tout lòt puisans nan syèl la.
Jezi pwomèt Sentespri a va vini
15 Si nou renmen m, n ap fè sa m di nou fè. 16 Mwen menm, m ap mande Papa a pou l ban nou yon lòt konsolatè[a] ki va la avèk nou pou tout tant. 17 Se li menm ki Lespri verite a.[b] Moun ki nan lemonn pa kab resevwa l, paske yo pa wè li epi yo pa menm konnen l. Nou menm, nou konnen li, paske li bò kote nou epi l ap vin viv nan nou.
18 Mwen p ap kite nou òfelen, m ap vin jwenn nou. 19 Yon ti kras tan ankò lemonn p ap wè m ankò, men nou menm n ap wè m. Nou va viv paske mwen menm mwen vivan. 20 Nan jou sa a, nou va konnen mwen nan Papa m, nou menm nou nan mwen epi mwen menm mwen nan nou. 21 Moun ki genyen kòmandman m yo epi ki fè sa m mande, se moun sa a ki renmen m. Moun ki renmen m, Papa m ap renmen l. Mwen menm m ap renmen l tou, epi m ap fè l konnen ki moun mwen ye.”
Copyright © 2017 by Bible League International