Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 107:1-7

107 ¶ Lwanj pou Seyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou!

Wi, moun Seyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo,

li mennen yo tounen soti nan mitan lòt nasyon yo ki sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche, ki sou bò nò ak sou bò sid.

Yo t'ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a. Yo pa t' kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete.

Yo t'ap mouri grangou. Swaf dlo t'ap touye yo. Yo santi yo pa t' kapab ankò.

Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.

Li kondi yo sou yon chemen ki pou mennen yo dirèk dirèk nan yon vil kote moun rete.

Sòm 107:33-37

33 ¶ Seyè a fè larivyè yo cheche nèt. Li fè sous yo pa bay dlo ankò.

34 Li te fè tè ki konn bay bèl rekòt yo tounen salin, paske moun ki t'ap viv la a t'ap fè twòp mechanste.

35 Li fè dezè yo tounen ma dlo. Li fè sous dlo pete kote ki te gen tè sèk.

36 Se la li fè moun ki te grangou yo moute kay yo. Yo bati yon lavil pou yo rete.

37 Yo fè anpil jaden, yo plante pye rezen ki bay bèl rekòt.

Jozye 2:15-24

15 Rarab te rete nan yon kay ki te bati nan miray ranpa lavil la. Se konsa, li file yon kòd desann nan fennèt lakay li a, li fè mesye yo desann sou deyò.

16 Li di yo: -Ale nan mòn yo pou nou pa kontre ak moun yo voye dèyè nou yo. N'a rete kache la pandan twa jou. Sa va ba yo tan pou yo tounen. Apre sa, nou mèt al fè wout nou.

17 Mesye yo di l': -N'ap kenbe pwomès ou te fè nou fè ou la.

18 Tande byen. Lè n'a anvayi peyi a, w'a mare kòdon wouj sa a nan fennèt kote ou fè nou desann lan. W'a pran manman ou ak papa ou, frè ou yo ak tout lòt moun ki nan fanmi ou lan, w'a fè yo reyini lakay ou.

19 Lè sa a, nenpòt kilès ladan yo ki va soti lakay ou, sa ki rive l' se pa l'. Se p'ap fòt nou. Men, si anyen rive yon moun andedan lakay ou, se va fòt pa nou.

20 Konsa tou, si ou di yon moun sa nou te vin fè a, nou p'ap gen ankenn obligasyon kenbe pwomès nou te fè ou la ankò.

21 Fanm lan di yo: -Mwen dakò ak sa nou di a! Epi li voye yo ale, yo pati. Apre sa, li pran ti kòdon wouj la, li mare l' nan fennèt la.

22 ¶ De mesye yo menm ale, yo rive nan mòn yo. Yo rete kache la pandan twa jou. Moun yo te voye dèyè yo menm t'ap chache yo sou tout wout la, men yo pa jwenn yo. Bout pou bout, yo tounen lavil Jeriko.

23 Lè sa a, de mesye yo tounen, yo desann soti nan mòn yo, yo janbe larivyè Jouden an, y' al jwenn Jozye, pitit Noun lan, yo rakonte l' tou sa ki te rive yo.

24 Yo di l' konsa: -Seyè a lage tout peyi a nan men nou. Tout moun nan peyi a ap tranble tèlman yo pè nou.

Matye 23:13-28

13 ¶ Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pesonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre.

14 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap piye pòv vèv yo nèt ale, an menm tan n'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Se poutèt sa, kondannasyon nou pral pi rèd toujou.

15 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap vwayaje toupatou sou lanmè ak sou latè pou nou ka konvèti yon moun lòt nasyon nan relijyon nou an. Lè nou resi jwenn yonn, nou fè l' tounen yon pitit Satan de fwa pi mechan pase nou.

16 Malè pou nou, avèg k'ap kondi moun! Nou di konsa: Yon moun te mèt sèmante sou tanp lan, li pa bezwen kenbe pawòl li pou sa. Men, si l' sèmante sou lò ki nan tanp la, se pou l' kenbe pawòl li.

17 Bann egare, bann moun je pete! Kisa ki pi konsekan: lò a osinon tanp lan kote yo fè lò a sèvi pou Bondye?

18 Nou di ankò: O wi, si yon moun sèmante sou lòtèl la, se pa anyen sa. Li pa bezwen kenbe pawòl li. Men, si l' sèmante sou ofrann ki sou lòtèl la, se pou l' kenbe pawòl li.

19 Bann je pete! Kisa ki pi konsekan: ofrann lan osinon lòtèl la kote yo mete ofrann lan apa pou Bondye?

20 Se sa ki fè, moun ki sèmante sou lòtèl la, li sèmante sou lòtèl la ansanm ak tou sa ki sou li.

21 Moun ki sèmante sou tanp lan, li sèmante sou tanp lan ansanm ak sou Bondye ki rete nan tanp lan.

22 Moun ki sèmante sou syèl la, li sèmante sou fotèy kote Bondye chita a ansanm ak sou Bondye li menm ki chita sou fotèy la.

23 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou bay Bondye ladim nan rekòt pye mant, pye ani etwale ak pye pèsi, men, nou neglije bagay ki pi konsekan nan lalwa a: n'ap fè lenjistis, nou pa gen kè sansib, nou pa kenbe pawòl nou. Men sa pou n' te fè san nou pa neglije lòt bagay yo.

24 Nou menm k'ap kondi pèp la, nou se yon bann avèg pou tèt pa nou. Nou pase lèt la nan paswa pou nou wete ti mouch ki tonbe ladan li. Men, nou vale yon chwal!

25 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la byen netwaye. Men, anndan yo plen ak bagay nou pran nan vòlò, nan fè visye.

26 Farizyen avèg! Pwòpte anndan gode a ak anndan plat la anvan. Se lè sa a deyò yo va pwòp tou.

27 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou sanble tonm yo blanchi nan simityè. Deyò yo parèt byen bèl, anndan yo plen ak zosman mò ak tout kalite vye bagay pouri.

28 Konsa tou, sou deyò nan je moun, nou sanble moun k'ap mache dwat devan Bondye. Men anndan kè nou, nou plen ipokrizi ak mechanste.