Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
107 ¶ Lwanj pou Seyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou!
2 Wi, moun Seyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo,
3 li mennen yo tounen soti nan mitan lòt nasyon yo ki sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche, ki sou bò nò ak sou bò sid.
4 Yo t'ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a. Yo pa t' kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete.
5 Yo t'ap mouri grangou. Swaf dlo t'ap touye yo. Yo santi yo pa t' kapab ankò.
6 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.
7 Li kondi yo sou yon chemen ki pou mennen yo dirèk dirèk nan yon vil kote moun rete.
33 ¶ Seyè a fè larivyè yo cheche nèt. Li fè sous yo pa bay dlo ankò.
34 Li te fè tè ki konn bay bèl rekòt yo tounen salin, paske moun ki t'ap viv la a t'ap fè twòp mechanste.
35 Li fè dezè yo tounen ma dlo. Li fè sous dlo pete kote ki te gen tè sèk.
36 Se la li fè moun ki te grangou yo moute kay yo. Yo bati yon lavil pou yo rete.
37 Yo fè anpil jaden, yo plante pye rezen ki bay bèl rekòt.
2 ¶ Lè sa a, Jozye, pitit gason Noun lan, rete Sitim kote yo te ye a, li voye de nèg an kachèt al wè jan sa ye lavil Jeriko. Li di yo: -Ale vizite peyi a ak lavil Jeriko. Se konsa mesye yo ale, yo antre lakay yon jennès ki te rele Rarab. Se la yo desann.
2 Men, nouvèl la tonbe nan zòrèy wa Jeriko a. Yo vin di l' konsa: -Gen kèk moun nan pèp Izrayèl la ki antre isit la lannwit lan pou espyonnen nou.
3 Lè wa a tande sa, li voye di Rarab konsa: -Mesye ki vin lakay ou yo, se espyonnen yo vin espyonnen tou sa k'ap fèt nan peyi a, tande! Mete yo deyò lakay ou.
4 Men, fanm lan menm pa fè ni de ni twa, li pran de mesye yo, li kache yo. Apre sa, li voye di wa a: -Wi, te gen kèk mesye ki te vin lakay mwen. Mwen pa t' konnen ki bò yo soti.
5 Men, lè yo tapral fèmen pòtay la apre solèy fin kouche, mesye yo soti, y' ale fè wout yo. Mwen pa konn ki wout yo fè. Si nou fè vit rapouswiv yo, n'a jwenn yo.
6 Men madanm lan te fè de mesye yo moute sou teras anwo kay li a, li te kache yo anba yon pakèt kòs bwa ki te blayi atè sou teras la pou yo cheche.
7 Sòlda wa yo menm soti sou wout ki mennen larivyè Jouden an, yo pati dèyè mesye yo pou yo pran yo anvan yo rive nan pas la. Soti sòlda yo soti, yo fèmen pòtay la.
8 ¶ Anvan mesye yo gen tan dòmi, Rarab moute bò kote yo, sou teras la.
9 Li di yo: -Mwen konnen Seyè a lage peyi a nan men nou. Mwen rekonèt tout moun pè nou, tout moun nan peyi a pa konn sa pou yo fè devan nou.
10 Paske, nou tande ki jan Seyè a te cheche dlo Lanmè Wouj la devan nou lè nou t'ap soti kite peyi Lejip la. Nou tande sa nou te fè Siyon ak Og, de wa peyi Amori yo, ki rete lòt bò larivyè Jouden an, jan nou te touye yo pou Seyè a.
11 Lè nou tande sa, kè nou fann. Tout moun pèdi kouraj lè yo wè nou, paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm vre ki Bondye anwo nan syèl la ak sou latè a.
12 Koulye a, m'ap mande nou pou nou fè sèman devan Seyè a pou nou pwomèt n'ap aji byen avèk fanmi mwen, menm jan mwen aji byen avèk nou tou. Men sa m'ap mande nou pou nou fè pou mwen.
13 Tanpri, sove lavi manman m' ak papa m', sove lavi frè m' yo ak sè m' yo ansanm ak tout fanmi m' yo. Pa kite yo touye nou.
14 Mesye yo reponn li. -Nou pwomèt ou n'a pito mouri nou menm pase pou n' kite yo touye ou. Si ou pa di pesonn sa nou vin fè isit la, lè Seyè a va ban nou peyi a, n'a aji byen avè ou, n'a kenbe pawòl nou.
2 ¶ Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk direktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula.
2 Anpil moun pral swiv yo nan sa y'ap fè ki mal yo. Konsa, y'ap lakòz moun pale chemen laverite a mal.
3 ¶ Nan kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo.