Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Egzòd 14:19-31

19 Zanj Bondye ki t'ap mache devan moun pèp Izrayèl yo chanje plas, li pase dèyè. Nwaj ki te devan yo a chanje plas tou, li pase dèyè yo.

20 Li rete nan mitan ant moun peyi Lejip yo ak moun pèp Izrayèl yo. Nwaj la te tou nwa yon bò. Sou lòt bò a, li t'ap klere tout lannwit. Konsa, de lame yo pa t' ka pwoche yonn sou lòt pandan tout lannwit lan.

21 ¶ Moyiz lonje men l' sou lanmè a. Seyè a fè yon gwo van nòde soufle byen fò pandan tout lannwit lan sou lanmè a. Li fè fon lanmè a tounen tè sèk, dlo a fann de bò.

22 Moun pèp Izrayèl yo antre sou tè sèk la, nan mitan lanmè a. Dlo a te kanpe de bò tankou yon miray sou bò dwat yo ak sou bò gòch yo.

23 Moun peyi Lejip yo pran rapouswiv yo. Yo antre dèyè yo nan mitan lanmè a ak tout chwal farawon yo, tout cha li yo ak tout kavalye l' yo.

24 Lè devanjou rive, Seyè a rete nan dife a ak nan nwaj la, li voye je l' sou lame peyi Lejip la, li lage yon sèl dezòd nan mitan yo.

25 Li bloke wou cha yo. Sa te difisil anpil pou cha yo te vanse. Lè sa a, moun peyi Lejip yo di konsa: -Ann kouri kite moun Izrayèl yo an repo. Paske, Seyè a ap goumen pou yo kont nou.

26 Lè sa a, Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou sou lanmè a ankò. Dlo a ap tounen nan plas li, l'ap kouvri moun peyi Lejip yo ansanm ak tout cha yo ak kavalye yo.

27 Se konsa, lè jou pral kase, Moyiz lonje men l' sou lanmè a, dlo a tounen nan plas li. Lè moun peyi Lejip yo wè dlo a ap vini sou yo, yo t'ap chache sove poul yo. Yo pran kouri. Men, Seyè a voye yo jete nan lanmè a.

28 Dlo a tounen nan plas li, li kouvri cha yo, kavalye yo ak tout lame farawon an. Wi, li kouvri tout moun ki t'ap kouri dèyè moun pèp Izrayèl yo nan lanmè a. Pa gen yonn ki chape.

29 Men, moun Izrayèl yo menm te mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk. Dlo a te kanpe tankou yon miray sou bò dwat ak sou bò gòch yo.

30 Sè jou sa a Seyè a te delivre pèp Izrayèl la anba men moun peyi Lejip yo. Moun pèp Izrayèl yo te wè kadav moun peyi Lejip yo sou tout bò lanmè a.

31 Yo wè sa Seyè a te fè moun peyi Lejip yo pase ak fòs ponyèt pa li. Pèp Izrayèl la vin gen krentif pou Seyè a. Yo mete konfyans yo nan Seyè a ak nan Moyiz, sèvitè l' la.

Sòm 114

114 ¶ Lè pèp Izrayèl la te soti nan peyi Lejip, lè pitit pitit Jakòb yo te kite peyi etranje yo,

Bondye chwazi branch fanmi Jida a pou pèp li, moun Izrayèl yo pou byen pa l'.

Lè Lanmè Wouj la wè l', li pran kouri san gad dèyè. Larivyè Jouden sispann koule desann.

Mòn yo sote ponpe tankou bouk kabrit, ti mòn yo sote ponpe tankou ti mouton.

Kisak pase ou, lanmè, kifè ou pran kouri konsa? Ou menm larivyè Jouden, kisak rive ou kifè ou sispann koule?

Nou menm mòn yo, sa nou genyen pou n'ap sote ponpe konsa tankou bouk kabrit? Nou menm ti mòn yo, poukisa n'ap sote ponpe tankou ti mouton?

Ou menm latè, tranble devan Seyè a, devan Bondye Jakòb la.

Se li menm ki fè gwo wòch la tounen yon basen dlo, li fè wòch la tounen yon sous dlo.

Egzòd 15:1-11

15 ¶ Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Seyè a. Men sa chante a di: -M'ap chante pou Seyè a, paske li genyen batay la. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè.

Seyè a, se tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'. Se Bondye mwen li ye, m'ap fè lwanj li. Se Bondye zansèt mwen yo, m'ap di jan li gen pouvwa.

Seyè a, se yon vanyan sòlda. Se Seyè yo rele l'.

Li voye cha farawon yo ansanm ak tout lame l' a jete nan lanmè. Li fè pi bon sòlda li yo mouri neye nan lanmè Wouj la.

Lanm lanmè a kouvri yo. Yo fè fon tankou ròch.

Seyè, fòs bra dwat ou se kokenn zafè! Seyè, fòs bra dwat ou kraze lènmi an!

Jan ou gen anpil pouvwa sa a, Seyè! Ou kraze moun k'ap goumen avè ou yo. Ou fè yon sèl kòlè, ou boule yo tankou dife nan pay.

Nan kolè ou, ou soufle. Souf ou fè dlo a ranmase kò l'. Lanm yo kanpe dwat tankou yon miray. Dlo a vin di nan mitan lanmè a.

Lènmi an te di: M'ap kouri dèyè yo, m'ap pran yo. M'ap separe tout richès yo, m'ap pran tou sa m' vle. M'ap rale nepe mwen, avèk fòs ponyèt mwen, m'ap disparèt yo.

10 Ou annik fè yon ti van leve, lanmè a kouvri yo. Lanmè a te move, yo desann nan fon tankou plon.

11 Seyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou?

Egzòd 15:20-21

20 Miryam, sè Arawon an, te yon pwofèt. Li pran yon tanbouren nan men l', tout medam yo t'ap mache dèyè l', yo t'ap bat tanbouren, yo t'ap danse.

21 Miryam t'ap chante pou yo, li t'ap di moun pèp Izrayèl yo: Annou chante pou Seyè a! Paske li genyen yon bèl batay! Li voye chwal yo jete nan fon lanmè ak tout kavalye yo sou yo.

Ròm 14:1-12

14 ¶ Se pou n' resevwa moun ki fèb nan konfyans yo byen san nou pa bezwen diskite openyon yo genyen.

Men yon egzanp: Gen moun ki kwè li kapab manje tout bagay; gen lòt ki fèb nan konfyans yo epi ki manje legim ase.

Moun ki manje tout manje pa fèt pou meprize moun ki pa manje tout manje. Konsa tou, moun ki pa manje tout manje pa fèt pou jije moun ki manje tout manje, paske Bondye asepte ni yonn ni lòt jan yo ye a.

Ki moun ou ye konsa pou w'ap jije domestik lòt moun? Kit domestik la kenbe fèm nan sèvis la, kit li tonbe, sa se zafè ki gade mèt li ase. Men, pa pè, li gen pou l' kenbe fèm, paske Seyè a gen pouvwa pou l' soutni li.

M'ap pran yon lòt egzanp: Gen moun ki kwè gen jou ki pi konsekan pase lòt. Gen lòt ki di tout jou se menm. Se pou chak moun gen konviksyon pa yo.

Moun ki kwè yon jou pi konsekan pase lòt, li fè sa pa respè pou Mèt la menm jan ak moun ki manje tout manje a, li fè sa pa respè pou Mèt la paske li di Bondye mèsi pou manje a. Moun ki pa manje tout manje a, li fè sa tou pa respè pou Mèt la, paske li menm tou, li di Bondye mèsi.

Se konsa, pa gen yon sèl moun nan nou k'ap viv pou tèt pa li. Pa gen yonn nan nou tou k'ap mouri pou tèt pa li. Paske si n'ap viv, n'ap viv pou Seyè a,

si n'ap mouri, n'ap mouri pou Seyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Seyè a nou ye.

Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve soti vivan ankò pou l' te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo.

10 Men ou menm, pouki pou w'ap jije frè ou konsa? Ou menm, pouki pou w'ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a.

11 Paske men sa ki ekri nan Liv la: Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan an vre, konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen. Nan tout lang moun va pale byen fò pou rekonèt pouvwa Bondye.

12 Se konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo.

Matye 18:21-35

21 ¶ Lè sa a, Pyè pwoche bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, konbe fwa pou m' padonnen frè m' lè li fè m' yon bagay mal? Sèt fwa konsa?

22 Jezi reponn li: Non, Pyè. Mwen pa di ou padonnen l' sèt fwa, men padonnen l' swasanndis fwa sèt fwa.

23 Men ki jan sa ap pase nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon wa ki te vle fè regleman ak domestik li yo.

24 Li te fèk kòmanse fè regleman an lè yo mennen yonn ba li ki te dwe l' senkantmil (50.000) goud.

25 Men, nonm lan pa t' gen dekwa peye tout lajan sa a. Mèt la bay lòd pou yo vann li tankou esklav, li menm, madanm li, pitit li yo ansanm ak tou sa l' te genyen, pou peye dèt la.

26 Domestik la tonbe ajenou devan mèt la, li di li: Mèt, tanpri souple, pran yon ti pasyans pou mwen, m'a peye ou tout lajan an.

27 Kè mèt domestik la fè l' mal, li kite lajan an la pou li, li kite l' ale.

28 Lè domestik la soti, li kontre ak yon kanmarad ki te dwe l' san (100) goud. Li kenbe l', li pran trangle l', li di li: Peye m' sa ou dwe m' lan.

29 Kanmarad la lage kò l' atè, li di lòt la: Tanpri, pran yon ti pasyans pou mwen, m'a peye ou.

30 Men, lòt la pa tande. Li fè mete kanmarad la nan prizon, pou jouk lè li fin peye sa li dwe a.

31 Lè lòt domestik yo wè sak te rive, sa te fè yo mal anpil. Y al rakonte mèt la sak te pase.

32 Lè sa a, mèt la fè rele domestik la. Li di l' konsa: Gade jan ou mechan! Mwen kite tout lajan sa a pou ou paske ou te mande m' fè sa pou ou.

33 Ou te dwe gen pitye pou kanmarad ou a menm jan mwen te gen pitye pou ou a.

34 Mèt la fè gwo kòlè, li fè mete msye nan prizon pou yo bat li jouk lè li fin peye tou sa l' te dwe a.

35 Se konsa Papa m' ki anwo nan syèl la va aji ak nou, si nou pa padonnen frè nou yo ak tout kè nou.