Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
114 ¶ Lè pèp Izrayèl la te soti nan peyi Lejip, lè pitit pitit Jakòb yo te kite peyi etranje yo,
2 Bondye chwazi branch fanmi Jida a pou pèp li, moun Izrayèl yo pou byen pa l'.
3 Lè Lanmè Wouj la wè l', li pran kouri san gad dèyè. Larivyè Jouden sispann koule desann.
4 Mòn yo sote ponpe tankou bouk kabrit, ti mòn yo sote ponpe tankou ti mouton.
5 Kisak pase ou, lanmè, kifè ou pran kouri konsa? Ou menm larivyè Jouden, kisak rive ou kifè ou sispann koule?
6 Nou menm mòn yo, sa nou genyen pou n'ap sote ponpe konsa tankou bouk kabrit? Nou menm ti mòn yo, poukisa n'ap sote ponpe tankou ti mouton?
7 Ou menm latè, tranble devan Seyè a, devan Bondye Jakòb la.
8 Se li menm ki fè gwo wòch la tounen yon basen dlo, li fè wòch la tounen yon sous dlo.
14 ¶ Bondye pale ak Moyiz, li di l':
2 -Pale ak pèp Izrayèl la, di yo: Tounen dèyè, moute tant nou devan Pyakiròt, ant Migdòl ak lanmè a, anfas Baalsefon. N'a moute tant nou devan kote sa a, bò lanmè a.
3 Farawon an pral mete nan tèt li pèp Izrayèl la pèdi nan peyi a, yo pa konn kote pou yo fè nan dezè a.
4 M'ap fè farawon an fè tèt di ankò, l'a rapouswiv nou. Men, m'ap bat ni farawon an ni tout lame li yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. Konsa, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a. Moun pèp Izrayèl yo fè jan Bondye te di yo a.
5 Farawon an, wa Lejip la, resevwa rapò. Yo vin di l' pèp la sove ale. Lè sa a, farawon an ak moun pa l' yo chanje lide. Yo di: -Sa nou fè la a? Nou kite yo ale? Yo sove kite travay yo t'ap fè pou nou an?
6 Farawon an fè pare cha lagè li. Li pran sòlda li yo ak li.
7 Li pran sisan (600) cha nan sa ki te pi bon yo. Tout lòt cha yo te ale tou. Yo tout te gen sòlda ame sou yo.
8 Seyè a te fèmen kè farawon an, wa Lejip la. Farawon an pran rapouswiv moun pèp Izrayèl yo ki te soti kite peyi a devan je tout moun san pesonn pa t' di yo anyen.
9 Men apre sa, moun peyi Lejip yo pran kouri dèyè yo ak tout chwal yo, tout cha lagè farawon yo, tout kavalye yo. Tout lame yo te dèyè pèp Izrayèl la. Yo jwenn yo kote yo te moute tant yo a, bò lanmè a, toupre Pyakiròt anfas Baalsefon.
10 ¶ Antan farawon an t'ap pwoche, moun Izrayèl yo leve je yo, yo wè moun peyi Lejip yo ki t'ap rapouswiv yo. Yo te pè anpil. Yo pran rele nan pye Seyè a.
11 Yo di Moyiz konsa: -Eske se paske pa gen kote pou antere moun nan peyi Lejip la kifè ou mennen nou vin mouri isit la nan dezè a? Kisa ou fè nou konsa lè ou te fè nou soti kite Lejip la?
12 Eske nou pa t' di ou sa lè nou te Lejip toujou? Nou te di ou: Kite nou travay pou moun peyi Lejip yo, pa vre! Pito nou travay pou moun peyi Lejip yo pase pou nou mouri nan dezè a.
13 Moyiz reponn pèp la: -Nou pa bezwen pè. Pran kouraj. Louvri je nou pou nou wè jan Seyè a pral delivre nou jòdi a. Moun peyi Lejip sa yo nou wè jòdi a, nou p'ap janm wè yo ankò.
14 Seyè a ap goumen pou nou. Nou menm, poze san nou.
15 ¶ Seyè a di Moyiz: -Poukisa w'ap rele konsa nan zòrèy mwen? Di moun pèp Izrayèl yo pou yo leve mache.
16 Ou menm, leve baton ou lan. Lonje men ou sou lanmè a, fann li de bò. Konsa, moun pèp Izrayèl yo va mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk.
17 M'ap fè moun peyi Lejip yo fè tèt di pi rèd. Y'ap antre dèyè moun pèp Izrayèl yo nan mitan lanmè a. Mwen pral bat farawon an ansanm ak tout lame l' a, tout cha li yo ak tout kavalye l' yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen.
18 Lè m'a bat farawon an ansanm ak tout cha li yo ak kavalye li yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a.
9 Pitit Jakòb yo, zansèt nou yo, fè jalouzi pou Jozèf. Yo vann li tankou yon esklav nan peyi Lejip. Men, Bondye te kanpe la avèk Jozèf.
10 Li delivre l' nan tout malè li. Lè Jozèf parèt devan farawon an, wa peyi Lejip la, Bondye ba l' bon konprann, li fè l' aji yon jan ki fè wa a plezi. Farawon an mete Jozèf chèf pou l' gouvènen tout peyi Lejip la ansanm ak kay wa a tou.
11 Apre sa, vin gen yon grangou nan tout peyi Lejip ak nan peyi Kanaran. Moun t'ap soufri anpil. Zansèt nou yo pa t' jwenn anyen pou yo te manje.
12 Lè Jakòb tande te gen manje nan peyi Lejip, li voye zansèt nou yo la yon premye fwa.
13 Dezyèm fwa y' ale a, Jozèf fè frè l' yo rekonèt li. Se konsa farawon an vin fè konesans ak fanmi Jozèf yo.
14 Jozèf voye chache Jakòb, papa l', ansanm ak tout fanmi li. Lè sa a, yo te swasannkenz moun antou.
15 Jakòb desann nan peyi Lejip. Se la li mouri, li menm ak tout zansèt nou yo.
16 Yo pote kò yo Sichèm, yo antere yo la, nan twou wòch Abraram te achte nan men eritye Emò yo, lavil Sichèm.