Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 61

61 ¶ (61:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. (61:2) Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou!

(61:3) Kè m' kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m' al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.

(61:4) Paske, se ou k'ap pwoteje m', se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m' yo.

(61:5) Mwen ta renmen pase tout lavi m' lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou.

¶ (61:6) Bondye, ou tande pwomès mwen fè. Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan.

(61:7) Mete kèk jou sou lavi wa a: Se pou l' viv lontan lontan ankò.

(61:8) Se pou l' gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l' wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l'.

(61:9) Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m' te pwomèt ou a.

2 Wa 5:19-27

19 Elize reponn li: --Ale ak kè poze! Naaman pati. Lè li rive yon distans,

20 ¶ Gerazi, domestik Elize, pwofèt Bondye a, di nan kè l': --Mèt mwen kite Naaman, moun Siri a, ale, li pa pran anyen nan sa l' te pote pou li a. Mwen pran Seyè vivan an pou temwen, mwen pral kouri dèyè l' pou m' pran kichòy nan men l'.

21 Se konsa li pati dèyè Naaman. Lè Naaman wè l' ap kouri vin jwenn li, li prese desann sot sou cha li a, l' al jwenn li, li mande l': --Ki malè ki rive?

22 Gerazi reponn li: --Se pa anyen non. Se mèt mwen ki voye m' di ou konsa gen de jenn pwofèt ki soti nan mòn Efrayim yo ki fèk rive lakay li, li ta renmen ou voye twasan (300) pyès ajan ak de rad nèf pou l' ba yo.

23 Naaman reponn: --Tanpri, pran sisan (600) pyès ajan. Li fòse l' pran yo, li mare pyès ajan yo nan de ti sak, li lonje yo bay de nan domestik pa l' yo ansanm ak de bèl rechanj pou yo pote yo devan Gerazi.

24 Lè yo rive sou ti mòn lan, Gerazi pran de ti sak yo nan men domestik yo, li mete yo lakay li, lèfini, li voye domestik Naaman yo ale fè wout yo.

25 Apre sa, l' ale jwenn mèt li. Elize mande l': --Gerazi, kote ou soti? Gerazi reponn: --M' pa t al ankenn kote non, mèt!

26 Elize di li: --Mwen te la avè ou, nan lespri m', lè nonm lan desann soti sou cha li a pou l' resevwa ou. Men se pa lè sa a pou nou resevwa lajan ak rad ni pou n' achte jaden oliv, jaden rezen, bèf, mouton, kabrit, osinon fanm ak gason pou sèvi nou esklav.

27 Se poutèt sa, maladi Naaman an pral tonbe sou ou, sou pitit ak pitit pitit ou yo pou tout tan. Lè Gerazi soti, li te gen maladi po a. Po kò l' te blan kou koton.

Efèz 6:10-20

10 ¶ Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Seyè a ak nan gwo pouvwa li.

11 Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan.

12 Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.

13 Se poutèt sa, depi koulye a, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou.

14 Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo.

15 Pou soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bon nouvèl k'ap fè moun viv ak kè poze a.

16 Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou.

17 Resevwa pouvwa Bondye k'ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou.

18 Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a.

19 ¶ Lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m'a gen pou m' pale, pou m' ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bon nouvèl la.

20 Nou mèt wè m' nan prizon koulye a, se Bondye ki ban m' misyon fè konnen bon nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m' ka pale avèk lasirans, jan m' dwe fè l' la.