Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 61

61 ¶ (61:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. (61:2) Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou!

(61:3) Kè m' kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m' al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.

(61:4) Paske, se ou k'ap pwoteje m', se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m' yo.

(61:5) Mwen ta renmen pase tout lavi m' lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou.

¶ (61:6) Bondye, ou tande pwomès mwen fè. Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan.

(61:7) Mete kèk jou sou lavi wa a: Se pou l' viv lontan lontan ankò.

(61:8) Se pou l' gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l' wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l'.

(61:9) Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m' te pwomèt ou a.

2 Wa 5:15-19

15 ¶ Lè sa a li tounen bò kote sèvitè Bondye a ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. Li kanpe devan l', li di l' konsa: --Koulye a, mwen konnen pa gen Bondye lòt kote sou latè pase nan peyi Izrayèl la. Tanpri, resevwa kado m'ap ba ou la a.

16 Men Elize di l': --Mwen pran Seyè vivan m'ap sèvi a pou temwen, mwen p'ap resevwa ankenn kado. Naaman t'ap fòse l' pou l' pran kado a, men Elize derefize.

17 Lè sa a, Naaman di: --Dakò, ou pa vle. Men tanpri, ban m' ti gout tè pou m' chaje sou de milèt pote ale avè m'. Paske mwen menm ki la pou sèvi ou la, depi jòdi a mwen p'ap fè ofrann, mwen p'ap boule bèt pou ankenn lòt bondye pase pou Seyè a.

18 Tansèlman, se pou Seyè a padonnen m' kichòy. Lè chèf mwen pral fè sèvis nan tanp Rimon an, se pou l' apiye sou bra m', mwen fèt pou m' bese tèt ansanm avè l' nan tanp lan. Mwen ta mande Seyè a pou l' padonnen m' sa.

19 Elize reponn li: --Ale ak kè poze! Naaman pati. Lè li rive yon distans,

Travay 26:24-29

24 ¶ Antan Pòl t'ap pale konsa pou defann tèt li, Festis rele byen fò: Ou fou, Pòl! Twòp lespri fè ou pèdi tèt ou.

25 Pòl reponn li: Mwen pa fou non, ekselans. Tout pawòl mwen di la a se verite a tou klè, epi yo gen sans.

26 Wa Agripa konn tout bagay sa yo. Se poutèt sa mwen pa pè pale devan li. Mwen sèten li konnen tout bagay sa yo, paske pa gen okenn ladan yo mwen te fè an kachèt.

27 Wa Agripa, èske ou pa kwè sa pwofèt yo di? Mwen konnen ou kwè.

28 Agripa di Pòl: Talè konsa ou pral pran tèt mwen tou pou fè m' kretyen?

29 Pòl reponn li: Kit koulye a, kit pita, m'ap lapriyè Bondye ni pou ou ni pou nou tout k'ap koute m' jòdi a pou yon lè konsa nou vin tankou m', wetan chenn sa yo!