Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 25:1-10

25 ¶ Se yon sòm David. Seyè, m'ap fè lapriyè m' moute devan ou. Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

Piga ou fè m' wont, pa kite lènmi yo pase m' nan betiz.

Wi, moun ki mete konfyans yo nan ou p'ap janm wont. Men, moun ka soti wont yo, se moun k'ap trayi ou pou gremesi.

Seyè, fè m' konnen jan ou vle m' viv la! Moutre m' nan ki chemen ou vle pou m' mache a!

Moutre m' sa pou m' fè pou m' viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen.

Seyè, chonje jan ou gen kè sansib, chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan.

Pa chonje peche ak fòt mwen te fè lè m' te jenn. Seyè, jan ou renmen m' sa a, jan ou gen bon kè, tanpri, pa bliye m'!

¶ Seyè a bon, li pa nan patipri, li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv.

Li pran men moun ki soumèt devan l' yo, li fè yo mache nan bon chemen an, li moutre yo jan li vle pou yo viv la.

10 Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a, moun ki obeyi kòmandman l' yo, li fè yo wè jan li renmen yo, jan li p'ap janm lage yo.

Jenèz 41:14-36

14 Farawon an voye chache Jozèf. Yo fè l' soti byen vit nan prizon an. Jozèf fè labab, li koupe cheve l', li chanje rad, epi li parèt devan farawon an.

15 Farawon an di Jozèf konsa: -Mwen fè yon rèv, pesonn pa ka di m' sa l' vle di. Men yo di m' depi yo rakonte ou yon rèv, ou ka esplike l'.

16 Jozèf reponn farawon an: -Se pa mwen menm non! Se Bondye ki pral bay farawon an esplikasyon rèv la.

17 ¶ Farawon an di: -Mwen reve mwen te kanpe bò larivyè Nil la.

18 Konsa, sèt bèl vach byen gra te moute soti nan larivyè a, yo t'ap manje zèb bò dlo a.

19 Apre sa, sèt lòt vach tout mèg, tout lèd, tout chèch te moute soti nan dlo a dèyè lòt yo. Mwen poko janm wè vye vach lèd konsa nan tout peyi Lejip la.

20 Vye vach mèg yo manje bèl vach gra yo.

21 Lè yo te fin vale yo, se tankou si yo pa t' janm manje. Yo te rete menm jan yo te ye anvan an. Epi je m' vin klè.

22 Apre sa, mwen fè yon lòt rèv. Mwen wè sèt grap ble byen plen, byen mi ki t'ap pouse ansanm sou yon sèl pye ble a.

23 Apre sa, sèt lòt grap parèt dèyè yo. Yo te chèch, van nòde te fin boule yo.

24 Grap mèg yo souse sèt bèl grap yo. Mwen rakonte rèv yo bay divinò yo, men yo yonn pa t' kapab esplike yo ban mwen.

25 Jozèf di farawon an: -tout de rèv yo vle di menm bagay la: Bondye fè ou konnen sa li pral fè.

26 Sèt vach gra yo, se sèt lanne. Sèt bèl grap yo se sèt lanne tou. Yo vle di menm bagay.

27 Sèt vach tout mèg, tout lèd ki vin apre lòt yo, se sèt lanne. Sèt grap ble boule yo, se sèt lanne tou. Sa vle di pral gen sèt lanne grangou.

28 Se jan m' sot di farawon an: Bondye vle fè ou konnen sa li pral fè.

29 Pandan sèt lanne pral gen bèl rekòt nan tout peyi Lejip la.

30 Apre sa, pral gen sèt lanne grangou. Lè sa a, moun pral bliye tout bèl rekòt yo te fè nan peyi a. Grangou pral fini nèt ak peyi a.

31 Grangou ki pral tonbe sou peyi a pral rèd anpil. Moun p'ap wè tras rekòt ki te fèt nan peyi a.

32 Si farawon an fè menm rèv la de fwa, sa vle di Bondye gen tan fin fè plan l' nèt. Se yon bagay Bondye pral fè talè konsa.

33 ¶ Koulye a, se pou farawon an chwazi yon moun ki gen lespri ak bon konprann pou l' mete l' chèf sou tout peyi Lejip la.

34 Se pou ou mete chèf toupatou nan peyi Lejip la, pou yo ranmase yon senkyèm nan tout rekòt ki pral fèt pandan sèt bon lanne yo.

35 Se pou yo ranmase pwovizyon pandan tout lanne ki pral vini yo. Se pou farawon an ba yo otorite pou yo anpile pwovizyon yo nan depo nan chak vil, lèfini pou yo veye yo.

36 Konsa, pwovizyon sa yo va sèvi yon rezèv pou peyi a pandan sèt lanne grangou k'ap vin tonbe apre sa sou peyi Lejip, pou grangou pa fini ak peyi a.

Jak 2:14-26

14 ¶ Frè m' yo, kisa sa fè pou yon moun k'ap di li gen konfyans nan Bondye, si li pa fè bagay pou moutre li gen konfyans lan vre? Eske konfyans sa a ka delivre li?

15 Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki toutouni, ki pa manje kont li chak jou,

16 si yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo?

17 Konsa tou pou konfyans nan Bondye a: si l' pa fè nou fè sa ki byen, si l' rete pou kont li, li mouri.

18 Men, gen moun ki va di: Ou menm, ou gen konfyans. Mwen menm, mwen fè sa ki byen. M'a reponn li: Moutre m' ki jan ou ka gen konfyans san ou pa fè sa ki byen, mwen menm m'ap moutre ou jan mwen gen konfyans ak sa m'ap fè ki byen.

19 Ou kwè gen yon sèl Bondye. Ou fè byen. Denmon yo tou yo kwè sa, men y'ap tranble sitèlman yo pè.

20 Gade jan ou manke konprann! Eske ou vle wè ki jan konfyans pa vo anyen si l' pa mache ak sa ou fè ki byen?

21 Abraram granpapa nou, èske Bondye pa t' fè l' gras poutèt sa li te fè lè l' te ofri Izarak, pitit li a, sou lotèl la?

22 Ou wè. Konfyans li te mache ansanm ak sa li te fè. Konsa tou, sa l' te fè a te fè konfyans li vin bon nèt.

23 Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, epi Bondye fè l' gras. Se sak fè yo te rele Abraram zanmi Bondye.

24 Ou wè: se pa sèlman paske yon moun gen konfyans kifè Bondye fè l' gras, men se paske li fè sa ki byen anmenmtan an tou.

25 Se menm jan an tou pou Rarab, fanm movèz vi a. Eske se pa t' poutèt sa l' te fè a Bondye te fè l' gras, lè l' te resevwa mesaje jwif yo, lè l' te fè yo pran yon lòt wout pou tounen lakay yo?

26 Menm jan yon kò ki san nanm se yon kò ki mouri, konsa tou, konfyans nan Bondye ki pa mache ak fè sa ki byen se yon konfyans ki mouri.