Revised Common Lectionary (Complementary)
66 ¶ Pou chèf sanba yo. Chante sa a se yon sòm li ye. Nou tout ki rete sou latè, rele ak kè kontan pou Bondye! Fe fèt pou fè lwanj Bondye!
2 Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li!
3 Di Bondye: -Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou.
4 Tout moun ki rete sou latè ap adore ou. Y'ap chante pou ou, y'ap chante pou sa ou fè.
5 Vini non! Al gade sa Bondye fè! Li fè bagay ki pou fè moun sou latè respekte li.
6 Li fè fon lanmè a tounen tè sèk: Zansèt nou yo travèse rivyè a san pye yo pa mouye. Ann fè kè nou kontan pou sa li te fè!
7 Avèk fòs kouraj li l'ap dominen pou tout tan. L'ap gade tout sa nasyon yo ap fè. Si gen moun ki vle fè rebèl, pito yo pa leve tèt yo?
8 ¶ Nou menm pèp yo, di Bondye mèsi! Fè tout moun tande jan n'ap fè lwanj li!
9 Se li menm ki ban nou lavi. Li pa kite pye nou glise.
47 Men jou yo rive pou m' regle ak vye zidòl Babilòn yo. Tout peyi a pral wont. Yo pral touye dènye moun ladan l'.
48 Tout bagay nan syèl la ak sou latè a pral kontan, yo pral rele lè moun k'ap soti bò nan nò yo va vin ravaje lavil Babilòn. Se Seyè a menm ki di sa.
49 Babilòn te lakòz anpil moun mouri toupatou sou latè. Koulye a se Babilòn ki pral tonbe, paske li te touye anpil moun nan pèp Izrayèl la.
50 Seyè a pale ak moun pèp Izrayèl yo ki lavil Babilòn. Li di yo konsa: -Nou menm ki te chape anba lanmò, ale, pa rete! Nou te mèt byen lwen lakay nou, mete lide nou sou mwen, chonje lavil Jerizalèm!
51 Nou di: nou te wont lè nou tande jan yo t'ap joure nou. Lawont fè nou bouche figi nou, paske moun lòt nasyon yo te mete pye yo nan kote ki apa nèt pou Seyè a nan tanp lan.
52 Enben, men sa Seyè a di ankò: Lè a rive, mwen pral regle avèk zidòl lavil Babilòn yo. Nan tout peyi a moun blese yo pral plenn.
53 Menm si Babilòn ta rive moute nan syèl pou l' ta bati yon gwo fò moun pa ka rive pran, moun m'ap voye dèyè l' yo ap jwenn li, y'ap kraze l'. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
54 Seyè a di ankò: -Yon sèl rèl pete lavil Babilòn. Bri kouri yon gwo malè tonbe sou tout peyi a.
55 Se mwen menm Seyè a k'ap detwi lavil Babilòn. Mwen fè l' pe bouch li. Menm si lavil Babilòn t'ap fè bri tankou lanmè lè li move, m'ap fè l' sispann rele.
56 Wi, lènmi ap vin detwi lavil Babilòn. Y'ap mete men sou sòlda li yo. L'ap kraze tout banza yo. Mwen menm, Seyè a, mwen se yon Bondye k'ap pini moun ki fè sa ki mal. M'ap fè yo peye pou sa yo fè.
57 M'ap soule chèf li yo, moun save ak majistra li yo, chèf lame ak sòlda li yo. Yo pral dòmi nèt ale, yo p'ap janm leve. Se mwen menm wa a ki pale, mwen menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a.
58 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Yo kraze gwo miray lavil Babilòn lan ratè. Yo boule gwo pòtay byen wo li yo. Pèp yo te travay pou gremesi. Tou sa yo te bat kò yo fè a tounen sann dife.
8 ¶ Frè m' yo, mwen ta renmen nou konnen ki jan Bondye te fè wè favè l' nan legliz ki nan peyi Masedwan yo.
2 Patizan Kris yo te pase anba anpil eprèv avèk tout soufrans ki te tonbe sou yo. Men, yo te sitèlman kontan, yo te moutre jan yo ka bay ak tout kè yo, malgre yo te nan nesesite.
3 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yo bay sa yo te kapab, yo menm bay pase sa yo te kapab. San moun pa fòse yo,
4 se yo menm menm ki mande, se yo menm menm ki plede ak nou pou nou ba yo privilèj patisipe nan sekou n'ap voye pou manm pèp Bondye nan peyi Jide a.
5 Sa depase sa nou te kwè a anpil: yo ofri tèt yo bay Seyè a anvan. Apre sa, yo ofri tèt yo ban nou jan Bondye vle l' la.
6 Se konsa, mwen mande Tit pou li al lakay nou pou l' ka kontinye travay li te kòmanse a, pou nou ka bay sa nou gen pou n' bay la ak tout kè nou.
7 ¶ Wi, nou rich sou tout pwen, kit se nan lafwa, kit se nan konn pale byen, kit se nan kònesans verite a, kit se nan aktivite nou pou Bondye, kit se nan renmen nou gen pou mwen. Se poutèt sa mwen ta renmen wè nou bay ak tout kè nou pou zèv sa a tankou moun ki rich.