Revised Common Lectionary (Complementary)
Pòl ak Banabas nan List ak Dèb
8 Te gen yon nonm nan vil Lis ki te andikape. Li te fèt ak tou de pye l paralize. Li pa t janm konn mache nan vi l. 9 Nonm nan te chita ap tande Pòl k ap preche. Pòl fikse je l sou li, epi l wè nonm nan te kwè Bondye ta ka geri l. 10 Konsa, Pòl pale byen fò, li di nonm nan: Leve, kanpe dwat sou de pye w. Nonm nan fè sa l leve kanpe, epi l kòmanse mache nòmal.
11 Lè foul la wè sa Pòl te fè a, yo tonbe rele byen fò, nan pwòp lang yo pale nan Likawoni, yo di: “Mezanmi, men dye yo desann vin jwenn nou sou fòm moun.” 12 Moun yo tonbe rele Banabas Zeyis, epi yo rele Pòl Emès, paske se sitou Pòl ki te pale. 13 Tanp kote yo te konn adore Zeyis la te toupre lavil la. Konsa, prèt tanp lan vin nan baryè lavil la avèk kèk towo bèf ansanm ak flè pou yo menm ak foul la ofri sakrifis bay Pòl ak Banabas.
14 Men, lè apot yo, Banabas ak Pòl, vin konprann sa foul la t ap chache fè a, yo chire rad sou yo.[a] Yo kouri nan mitan foul la, yo leve vwa yo, yo di: 15 Mezanmi, sa n ap fè konsa? Se moun nou ye menm jan avèk nou. Nou sèlman vin isit la pou n anonse nou Bòn Nouvèl la. Nou vin di nou pou n vire do nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen. Tounen vin jwenn vrè Bondye vivan an pito, li menm ki kreye syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo.
16 Nan tan lontan, Bondye te kite tout nasyon yo viv jan lide yo te di yo. 17 Men Bondye te toujou la ap fè anpil bon bagay pou montre li reyèl. Li ban nou lapli ki sot nan syèl la ansanm ak bon rekòt selon sezon yo. Li ban manje an kantite epi li ranpli kè nou ak lajwa.
18 Pòl ak Banabas te toujou gen anpil difikilte pou anpeche foul la ofri sakrifis ba yo, malgre tout pawòl sa yo.
Copyright © 2017 by Bible League International