Font Size
Revised Common Lectionary (Complementary) / Psalm 41 (Heal me O God); Isaiah 39:1-8 (A gift for a healed king); Luke 4:38-41 (The healing at Simon’s house) (Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil)
Revised Common Lectionary (Complementary)
Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Error: 'Sòm 41 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Ezayi 39 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 4:38-41
Jezi geri bèlmè Simon Pyè a
(Mat 8:14-15; Mak 1:29-31)
38 Jezi menm te leve kite sinagòg la, li ale lakay Simon.[a] Bèlmè Simon t ap soufri ak yon gwo lafyèv, epi yo te mande Jezi pou fè kichòy pou li. 39 Jezi te kanpe kote malad la, li pase lafyèv la lòd, epi lafyèv la tonbe. La pou la, madanm nan leve epi li resevwa yo.
Jezi geri yon bann lòt malad
(Mat 8:16-17; Mak 1:32-34)
40 Pandan solèy t ap kouche, yo mennen tout malad ki t ap soufri ak tout kalite maladi, bay Jezi. Li te poze men l sou yo, youn pa youn epi li te geri yo. 41 Te gen anpil denmon tou ki t ap soti sou anpil moun. Yo t ap kriye byen fò, yo t ap di: “Se pitit Bondye ou ye.” Men Jezi te reprimande yo. Li pa t ba yo pèmisyon pou yo pale, paske yo te konnen se Kris la li ye.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International