Old/New Testament
Satan tante Jezi
(Mat 4:1-11; Mak 1:12-13)
4 Sentespri a te ranpli Jezi, lè l te retounen soti nan rivyè Jouden an. Apre sa, Sentespri a te mennen l nan dezè a. 2 Pandan l te nan dezè a, Satan tante Jezi pandan karant jou (40). Kòm li pa t manje anyen ditou pandan tan sa a, lè peryòd tantasyon an te fini, li te vin grangou anpil.
3 Satan di Jezi konsa: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, di wòch sa a pou l tounen pen.”
4 Jezi reponn li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Lavi lòm pa depann sèlman de pen.”[a]
5 Apre sa, san pèdi tan, Satan gentan pran Jezi l ap montre l tout wayòm yo sou latè. 6 Satan di Jezi konsa: “M ap ba ou tout otorite sou tout wayòm sa yo ak tout laglwa yo. Paske yo remèt mwen tout bagay sa yo. Mwen ka bay yo a nenpòt moun mwen vle. 7 Kidonk, si ou mete ajenou devan m ou adore m, m ap ba ou tout bagay sa yo.” 8 Lè sa a, Jezi reponn, li di li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Ou va adore Senyè Bondye ou. Se li menm sèlman ou dwe sèvi.”[b]
9 Apre sa, Satan mennen Jezi nan Jerizalèm. Li mete l kanpe sou pwent tèt tanp lan epi li di Jezi: “Si w se pitit Bondye toutbon vre, lage kò w anba, 10 paske men sa ki ekri nan Bib la:
L ap bay anj li
yo lòd pou yo veye sou ou.[c]
11 Epi y ap pote w
nan men yo pou pye w
pa frape nan wòch.”[d]
12 Lè sa a Jezi reponn li: “Men sa Bib la di: Ou pa dwe tante Senyè Bondye w.”[e]
13 Lè dyab la te fin tante Jezi nan tout sans, li pati kite li pou jouktan l ta jwenn yon lòt okazyon ankò.
Jezi kòmanse ministè li nan Galile
(Mat 4:12-17; Mak 1:14-15)
14 Jezi retounen nan Galile, anba pouvwa Sentespri a. Nan tout rejyon alantou Galile a, moun yo t ap pale sou li. 15 Li te kòmanse anseye nan tout sinagòg yo nan zòn nan, epi tout moun yo t ap fè lwanj pou li.
Jezi ale nan vil kote l te grandi
(Mat 13:53-58; Mak 6:1-6)
16 Apre sa, Jezi ale Nazarèt, nan ti vil kote li te grandi a. Jan l te gen abitid fè a, nan jou saba a, li antre nan yon sinagòg, epi li kanpe pou fè lekti a. 17 Yo te ba li liv pwofèt Ezayi a, epi li louvri li nan kote pawòl sa yo ekri a:
18 “Lespri Senyè a sou mwen.
Li chwazi m pou m anonse pòv yo bòn nouvèl la.
Li voye m vin di prizonye yo, yo libere,
pou m di avèg yo yo kapab wè ankò.
Pou m libere moun k ap sibi opresyon yo.
19 Epi pou m anonse lè a rive
pou Bondye montre konpasyon li.”[f]
20 Jezi fèmen liv la. Li remèt li bay sekretè a, epi li chita. Kòm tout je moun yo nan sinagòg la te fikse sou li, 21 Li kòmanse pale ak yo konsa: “Jodi a, pandan nou t ap tande m ap li pawòl sa yo ki soti nan Bib la, yo akonpli!”
22 Tout moun yo t ap pale byen de li. Yo te sezi tande bèl pawòl ki t ap soti nan bouch li yo. Epi yo t ap di: “Sa a se pa pitit gason Jozèf la?”
23 Epi li di yo: “M konnen nou pral di m pwovèb sa a: Doktè, geri tèt ou. Tout bagay nou te tande ou t ap fè nan Kapènawòm yo se pou fè yo tou isit la ki se lakay ou.” 24 Men li di yo: “An verite, m ap di nou sa, yon pwofèt pa janm jwenn bon akèy nan peyi li.
25 M ap di nou sa tou, te gen anpil vèv nan peyi Izrayèl nan tan pwofèt Eli. Men lè syèl la te fèmen pandan twa zan si mwa, epi te gen yon gwo grangou tonbe nan tout peyi a, 26 Bondye pa t voye Eli lakay youn nan yo. Okontrè, se lakay yon vèv nan Sarepta, nan zòn Sidon Bondye te voye li.
27 Nan tan pwofèt Elize tou, te gen anpil moun nan Izrayèl ki te gen maladi lalèp. Menm youn ladan yo pa t jwenn gerizon nan men li. Se sèl Naaman, moun peyi Siri a, ki te jwenn gerizon.”
28 Tout moun yo nan sinagòg la te vin ankòlè lè yo tande Jezi ap di pawòl sa yo. 29 Yo leve, yo pouse l mete deyò lavil la. Yo mennen li sou tèt mòn kote lavil la te bati a toutespre pou yo te ka lage l anba. 30 Jezi menm pase tou dwat nan mitan foul la, li chape poul li.
Copyright © 2017 by Bible League International