Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Old/New Testament

Each day includes a passage from both the Old Testament and New Testament.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Deteronòm 32-34' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mak 15:26-47

26 Sa yo te ekri kòm rezon kondanasyon: nonm sa a, se li menm ki wa Jwif yo. 27 Yo te klouwe de kriminèl sou kwa tou ansanm ak li, youn adwat, youn agoch. 28 [a]

29 Moun ki t ap fè ale vini nan wout la t ap joure Jezi, epi yo t ap souke tèt yo. Yo t ap di: “Gade misye, se pa ou menm ki t ap di ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la? 30 Ebyen, kounye a sove tèt ou, desann kwa a!”

31 Se te menm jan tou, chèf prèt yo ak direktè Lalwa yo t ap pase li nan betiz, yo t ap di youn lòt: “Li sove lòt moun, epi l pa ka sove pwòp tèt pa l. 32 Si l se Kris la, wa Izrayèl la, se pou l desann kwa a, pou nou wè, epi n ap kwè nan li.” Menm kriminèl ki te klouwe sou lòt kwa yo t ap pase l nan betiz tou.

Jezi mouri

(Mat 27:45-56; Lik 23:44-49; Jan 19:28-30)

33 Sòti midi pou rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a. 34 A twazè, Jezi rele byen fò: “Eloyi, Eloyi, lama sabaktani.” Sa te vle di: “Bondye m, Bondye m, poukisa ou abandone m?”[b]

35 Kèk nan moun ki te la yo te tande lè l fè kri a, epi yo di: “Tande, men l ap rele Eli.”[c]

36 Yon nonm kouri al tranpe yon eponj nan vinèg, li mete l nan pwent yon gòl bwa epi li lonje l bay Jezi pou l bwè. Epi li di: “Tann! Ann gade si Eli ap vin desann li sou kwa a.”

37 Apre sa, Jezi pouse yon gwo, epi li mouri.

38 Nan menm lè a, vwal tanp la te chire fè de moso, sòti anwo pou desann anba. 39 Lè ofisye lame a ki te kanpe toupre a, anfas Jezi wès mouri nan fason sa a, li di: “Anverite nonm sa a te reyèlman Pitit Bondye.”

40 Te gen kèk fanm ki te rete a yon distans ap gade. Pami yo, te genyen Mari, moun Magdala a, Mari, manman Ti Jak ak Joz epi Salome. 41 Lè Jezi te nan Galile, medam sa yo t ap swiv li epi yo te sèvi l. Te gen anpil lòt fi tou ki te la ki te monte Jerizalèm ak Jezi tou.

Yo antere Jezi

(Mat 27:57-61; Lik 23:50-56; Jan 19:38-42)

42 Se te nan aswè, kòm yo te bezwen kòmanse fè preparasyon, nan lavèy jou saba, 43 Jozèf, moun lavil Arimate a, yon manm nan tribinal Jwif la tout moun respekte anpil, ki limenm tou t ap tann etablisman wayòm Bondye, li ale kareman kot Pilat pou l mande l kò Jezi.

44 Pilat te sezi tande Jezi gen tan mouri. Li rele ofisye lame a, epi li mande l si Jezi gentan mouri vre. 45 Lè ofisye a fè Pilat konnen byen sa ki te rive, Pilat bay Jozèf kadav la.

46 Se konsa Jozèf achte twal len, li desann Jezi sou kwa a, li vlope kò a nan twal len yo epi li mete Jezi nan yon kavo yo te taye nan wòch. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. 47 Mari, moun Magdala a, ak Mari, manman Joze t ap obsève pou wè kote yo te antere Jezi.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International