Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Old/New Testament

Each day includes a passage from both the Old Testament and New Testament.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Ezayi 17-19' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Efezyen 5:17-33

17 Se poutèt sa, piga nou viv tankou moun egare. Okontrè, chache konnen sa Senyè a vle n fè. 18 Piga nou soule tèt nou ak diven, bagay konsa ap mennen nou nan debòch. Okontrè, kite Sentespri Bondye a ranpli lavi nou pito. 19 Ankouraje youn lòt avèk sòm yo, ak chan, ak kantik espirityèl. Chante epi fè mizik pou lwanj Senyè a ak tout kè nou. 20 Nan non Senyè Jezikris, toujou di Bondye, Papa a, mèsi pou tout bagay.

Jan pou yon fanmi mache

21 Se pou nou soumèt nou youn anvè lòt, poutèt respè nou gen pou Kris la.

22 Medam, soumèt ou devan mari w menm jan ou soumèt ou devan Kris la. 23 Yon mari se chèf madanm li, menm jan Kris la se chèf legliz la. Kris la se sovè legliz la epi legliz la menm se kò Kris la. 24 Konsa, menm jan legliz la soumèt devan Kris la, se menm jan an tou madanm yo dwe soumèt devan mari yo nan tout bagay.

25 Mari yo, se pou n renmen madanm nou menm jan kris la renmen legliz, jis li menm bay lavi l pou legliz la. 26 Kris bay lavi li pou l ka mete legliz la apa pou Bondye. Li pirifye Legliz la lè l lave l ak dlo epi netwaye l fè l pwòp ak pawòl li. 27 Kris bay lavi l tou pou l ka fè legliz la parèt devan l ak tout bèlte li, san tach, san okenn pli nan figi l, san menm yon ti defo.

28 Menm jan an tou, mari yo dwe renmen madanm yo tankou jan yo renmen pwòp kò yo. Yon mari ki renmen madanm li, se pwòp tèt pa l ankò li renmen. 29 Paske pa gen pèsonn ki rayi pwòp kò li. Okontrè, li ba l manje, li pran swen l. Se sa menm Kris fè pou legliz, 30 paske nou se manm kò li. 31 Bib la di: “Yon gason dwe kite papa l ak manman l, pou l atache l ak madanm li. Konsa, de moun sa yo ap vin fè yon sèl.”[a] 32 Gen yon gwo mistè nan pawòl sa a. M ap pale de Kris la ansanm ak legliz la. 33 Kidonk, chak moun dwe renmen madanm li menm jan li renmen pwòp tèt li, epi se pou chak madanm respekte mari li.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International