Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Old/New Testament

Each day includes a passage from both the Old Testament and New Testament.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Ezayi 14-16' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Efezyen 5:1-16

Se poutèt sa, nou menm, pitit Bondye, nou pran egzanp sou Bondye ki renmen nou anpil. An n mennen yon lavi ki ranpli ak lanmou. An n renmen lòt moun yo, menm jan Kris la renmen nou. Li te bay lavi l pou nou tankou yon ofrann, yon sakrifis yo ofri bay Bondye epi ki fè Bondye plezi ak bon sant li.

Se moun Bondye nou ye, konsa pawòl ki konsène imoralite seksyèl, bagay sal, ak move lanvi pa ta dwe jann soti nan bouch nou. Menm jan an tou, lè n ap pale, piga nou nan repete gwo mo ak vye blag, bagay ki pa gen enpòtans. Bagay sa yo pa pou nou. Okontrè, se pawòl remèsiman anvè Bondye ki pou nan bouch nou pito. Nou mèt sèten, moun k ap viv tankou moun k ap sèvi zidòl, yo p ap kapab antre nan wayòm Bondye ak Kris la: moun ki pote lanvi sou zafè lòt moun, se tankou moun k ap sèvi zidòl; moun ki sal tèt yo nan komèt imoralite seksyèl andeyò mariyaj, se tankou moun k ap sèvi zidòl.

Pa kite okenn moun twonpe nou ak yon kantite manti. Se poutèt peche sa yo menm Bondye fache epi li pini moun ki pa vle obeyi l yo. Konsa, pa asosye w ak kalite moun konsa. Anvan nou te kwè nan Kris la, nou te nan fènwa. Men kounye a, nou se yon sous limyè nan Senyè a. Konsa, nou fèt pou n mennen bak nou tankou moun ki nan limyè a vre. Paske limyè sa a fè moun fè sa ki byen, sa ki dwat epi viv nan verite a. 10 Chache konnen ki bagay ki fè Senyè a plezi. 11 Pa asosye w ak anyen moun ki nan fènwa yo ap fè, bagay sa yo pa janm pote bon rezilta. Okontrè, denonse yo pou moun wè klè jan yo pa bon. 12 Se yon wont pou w menm ta pale de bagay moun sa yo ap fè an kachèt. 13 Men, limyè a montre aklè kijan bagay sa yo pa bon ditou. 14 Se vre wi, limyè a montre kijan tout bagay ye. Se poutèt sa yo di:

“Reveye w, ou menm k ap dòmi!
    Leve nan mitan moun ki mouri yo,
    epi Kris ap klere w.”

15 Pran anpil prekosyon ak jan n ap viv. Piga nou viv tankou moun fou, okontrè viv tankou moun ki saj. 16 Pa kite okenn bon okazyon pase pou nou pa fè sa ki byen, paske tan sa yo n ap viv la a pa bon menm.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International