Old/New Testament
Apot Jezikris
4 Konsidere nou menm lidè yo tankou moun ki la pou sèvi Kris la, moun ki responsab pou fè konnen verite Bondye a bay moun ki pa ko konnen. 2 An reyalite, sèl sa yo mande moun ki gen responsablite sa a, se pou l yon moun fidèl. 3 Sou pwen sa a, mwen pa bay okenn valè swa ak jijman pa nou oswa jijman yon tribinal. Menm pwòp jijman pa m mwen pa bay valè. 4 Konsyans mwen klè, menmsi sa pa vle di m inosan pou sa. Se Senyè li menm k ap fè jijman an. 5 Se poutèt sa m ap mande nou: pa kouri jije pèsonn anvan lè. Senyè a gen pou l vini. Se li menm k ap devwale tout sa ki fènwa. Se li ki gen pou mete deyò tout sekrè ki kache nan fon kè. Lè sa a se Bondye li menm k ap bay chak moun louwanj yo merite.
6 Frè m ak sè m yo, mwen pran egzanp sou mwen ak Apolòs pou nou ka byen pran sans pwovèb la ki di: “Pa mete pase genyen[a] sou sa Bib la di.” Lè konsa nou p ap kite lògèy anvayi nou pou n ap pran pati pou yon nonm kont yon lòt. 7 Ki sa k fè w panse w siperyè a lòt moun? Ki sa w genyen se pa ba ou yo te ba ou l? Nan ka sa a, poukisa w ap frape lestomak kòmsi se pa t ba ou yo te ba ou l?
8 Nou met nan tèt nou, nou pa manke anyen. Nou met nan tèt nou nou rich. Nou met nan tèt nou nou se wa. M vrèman swete nou te wa toutbon vre, konsa nou men apot nou ta wa tou. 9 Men gen lè Bondye mete mwen menm avèk lòt apot an dènye. Nou tankou prizonye yo kondane amò y ap fè fè parad non sèlman devan lèzòm men devan anj yo tou. 10 Nou fou pou Kris, men ou panse w saj nan Kris. Nou fèb, men ou santi w tèlman fò. Yo ba w anpil respè, men nou menm yo meprize nou. 11 Jouk jodi a, nou pa gen ase pou n manje oswa bwè. Nou pa gen ase rad pou n mete. Yo maltrete nou. Nou pa ka rete yon sèl kote. 12 N ap kraze kò nou nan travay ak men nou pou nou ka jwenn dekwa pou n manje. Lè moun joure nou, nou swete byen pou yo. Lè moun fè nou soufri, nou sipòte. 13 Lè moun pale nou mal, nou reponn ak dousè. Poutan jouk jodi a yo konsidere nou tankou dechè, tankou fatra nan mond la y ap bale jete.
14 Mwen p ap ekri nou pou m fè nou wont, men m vle ede nou chanje fason n ap panse, tankou pitit mwen renmen anpil. 15 Menmsi nou ta gen dimil pwofesè nan Kris, se yon sèl papa nou genyen. Mwen tounen papa pou nou, lè m te pote Levanjil la ba nou. 16 Konsa m ap sipliye nou pou nou swiv egzanp mwen! 17 Se poutèt sa m ap voye Timote lakay nou. Li se yon pitit mwen renmen anpil. Se yon pitit ki fidèl nan jan l ap viv pou Senyè a. Li a fè nou sonje tout prensip lavi m menm jan mwen anseye l nan tout legliz kote m pase.
18 Gen kèk moun ki panse mwen p ap janm tounen Korent. Epi y ap fè lwanj pou tèt yo. 19 Si Bondye vle, mwen p ap pran lontan pou m vini wè nou. Lè sa a m a konnen si moun sa yo ka fè yon bagay valab oswa si se bèl pawòl ase yo genyen. 20 Wayòm Bondye a se pa afè bèl pawòl men se puisans ki konte. 21 Ki sa n pito? Mache ak yon fwèt lè m ap vini oubyen vini ak dousè epi amou?
Copyright © 2017 by Bible League International