Old/New Testament
Bondye ak pèp Jwif la
9 Mwen se moun Jezikri, epi m ap di nou verite a. Epi Sentespri a k ap dirije konsyans mwen dakò sa m ap di a se verite a: 2 Mwen gen gwo lapenn nan kè m epi m toujou santi anpil tristès 3 pou pwòp pèp mwen an. Yo se frè m ak sè m, nou soti nan menm ras fanmi. Mwen swete m te ka ede yo. M ta menm aksepte separe ak Kris la, si sa te ka ede yo jwenn chemen delivrans lan. 4 Yo se moun pèp Izrayèl, pitit Bondye adopte. Bondye ba yo laglwa li ak tout Alyans Bondye fè ant li menm ak yo menm. Bondye ba yo Lalwa Moyiz la, li ba yo Tanp lan pou adore li epi li ba yo pwomès li yo. 5 Yo se desandan zansèt nou yo, epi yo soti nan menm fanmi ak Mesi[a] a, Bondye k ap gouvène tout bagay la. Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.
6 Sa pa vle di Bondye pa kenbe pwomès li te fè pèp Jwif la. Men, sa vle di, se kèk moun nan pèp Izrayèl la sèlman ki fè pati pèp Bondye a vre. 7 Epi se kèk nan pitit Abraram yo sèlman ki desandan Abraram toutbon. Se sa Bondye te di Abraram: “Moun ki desandan w toutbon yo se moun ki soti nan Izarak yo.”[b] 8 Sa vle di: se pa tout pitit natirèl Abraram yo ki pitit Bondye, men se pitit Abraram ki fèt dapre pwomès Bondye te fè a nou ka konsidere kòm desandan Abraram. 9 Men ki pwomès Bondye te fè: “Lane pwochèn, nan menm epòk sa a, m ap retounen epi Sara ap gen yon pitit gason.”[c]
10 Men se pa sa sèlman. Genyen Rebeka tou. Li te ansent epi li fè de jimo, de pitit pou yon sèl papa, Izarak, zansèt nou. 11-12 Anvan menm de pitit sa yo te fèt, lè yo pa t ko fè ni sa k byen ni sa k mal, Bondye te di Rebeka: “Pi gran an ap sèvitè pi piti a.”[d] Sa fèt konsa, paske plan Bondye, chwa Bondye pa chita sou sa yon moun fè, men li chita sou Bondye li menm. 13 Jan Bib la di sa: “M renmen Jakòb, men m rayi Ezayi.”[e]
14 Kisa pou n ta di sou sa? “Èske sa vle di Bondye ta enjis?” Non, se pa sa ditou! 15 Bondye te di Moyiz: “M ap fè moun mwen vle gras. M ap gen pitye pou moun mwen chwazi gen pitye.”[f]
Copyright © 2017 by Bible League International