Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Old/New Testament

Each day includes a passage from both the Old Testament and New Testament.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Levitik 23-24' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mak 1:1-22

Janbatis ap prepare chemen pou Jezi

(Mat 3:1-12; Lik 3:1-9,15-17; Jan 1:19-28)

Men kòmansman Bòn nouvèl konsènan Jezikris,[a] Pitit Bondye a.[b] Men kijan pwofèt Ezayi ekri:

“Men m ap voye mesaje m nan devan w.
    L ap prepare chemen an devan w.”[c]
“Gen yon moun nan dezè a k ap pale byen fò:
Prepare chemen pou Senyè a;
    fè wout yo byen dwat devan l.”[d]

Janbatis ki te vin nan dezè a epi li t ap di moun yo “vin batize pou montre nou vle chanje lavi nou epi Bondye va padone peche nou.” Moun t ap soti nan tout rejyon Jide a ak nan tout Jerizalem pou vin tande Jan. Yo te konfese peche yo epi Jan te batize yo nan rivyè Jouden an.

Jan te abiye ak yon rad ki fèt ak po chamo. Li te gen yon sentiwon an kui nan ren li. Li te konn manje krikèt ak siwo myèl.

Men sa Jan t ap di yo: “Moun ki gen pou vin apre m nan pi puisan pase m. Mwen pa bon ase pou m ta demare lasèt sandal li. Mwen batize nou nan dlo, men li menm l ap batize nou nan Sentespri a.”

Jan te batize Jezi

(Mat 3:13-17; Lik 3:21-22)

Nan epòk Jan t ap batize moun nan, Jezi sot Nazarèt, yon ti vil ki nan rejyon Galile, epi Jan te batize l tou nan rivyè Jouden an. 10 Tousuit apre l te soti nan dlo a, Jezi wè syèl la fann an de epi Sentespri Bondye desann sou li tankou yon pijon. 11 Epi yon vwa nan syèl la di: “Ou se Pitit mwen renmen anpil la; Ou fè kè m kontan anpil.”

Satan tante Jezi

(Mat 4:1-11; Lik 4:1-13)

12 Tousuit apre, Sentespri a te mennen Jezi nan dezè a. 13 Li pase karant jou nan dezè a pandan Satan t ap tante l pou chache fè l tonbe nan peche. Pandan tan sa a, Jezi te nan mitan bèt sovaj yo epi se te anj Bondye yo ki t ap sèvi l.

Jezi kòmanse ministè li nan Galile

(Mat 4:12-17; Lik 4:14-15)

14 Apre yo fin mete Jan nan prizon, Jezi al Galile, li kòmanse preche Bòn Nouvèl Bondye a. 15 Li di: “Lè a rive! Pa gen tan ankò. Wayòm Bondye rive sou nou. Chanje direksyon lavi nou epi kwè nan Bòn nouvèl la.”

Jezi chwazi kèk disip

(Mat 4:18-22; Lik 5:1-11)

16 Pandan Jezi t ap mache bò lak Galile a, li te wè Simon[e] ak Andre, ki se frè Simon, yo t ap voye senn yo nan lak la, paske mesye sa yo se pechè pwason yo te ye. 17 Jezi di yo: “Vin swiv mwen! Mwen pral montre nou peche moun pito.” 18 La menm, yo kite senn yo epi yo swiv Jezi.

19 Jezi te mache yon ti kras pi lwen, li te wè de lòt frè, Jak ak Jan, pitit Zebede yo. Mesye yo te nan bato a epi yo t ap repare senn yo. 20 San pèdi tan, li rele yo. Mesye yo leve, yo kite papa yo, Zebede, nan bato a ak tout ouvriye yo, epi yo swiv Jezi.

Jezi geri yon nonm ki te anba puisans move lespri

(Lik 4:31-37)

21 Jezi ak disip li yo te ale lavil Kapènawòm. Konsa, lè pwochen jou saba a te rive, Jezi te ale nan reyinyon nan sinagòg la, epi li kòmanse anseye moun ki te la yo.[f] 22 Pèp la pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye. Jezi pa t anseye menm jan ak pwofesè lalwa yo, paske li te anseye avèk otorite.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International