Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

M’Cheyne Bible Reading Plan

The classic M'Cheyne plan--read the Old Testament, New Testament, and Psalms or Gospels every day.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Jij 15 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 19

Pòl nan Efèz

19 Pandan Apolòs te Korent, Pòl menm t ap vizite yon bann kote pandan l sou wout pou l desann Efèz. Lè l rive Efèz, li rankontre ak kèk lòt moun ki kwè nan Jezikris. Li di yo: “Èske nou te resevwa Sentespri a lè nou te mete konfyans nou Kris la?” Kwayan yo reponn: “Nou pa menm janm tande pale de yon bagay ki rele Sentespri.”

Lè sa a, Pòl mande yo: “Ki batèm menm nou te resevwa?” Yo reponn: “Batèm Jan t ap preche a.”

Konsa, Pòl di yo: “Jan te preche yon batèm ki te di moun pou yo montre yo vle chanje lavi yo toutbon vre. Li te di moun yo pou yo mete konfyans yo nan moun k ap vin apre l la, epi moun sa a se Jezi.”

Menm kote yo fin tande mesaj la, yo tout resevwa batèm nan non Senyè Jezi. Apre sa, Pòl mete men sou tèt yo epi Sentespri a desann sou yo. Lapoula, yo kòmanse pale an lang epi yo t ap pwofetize tou. Te gen douz mesye konsa nan gwoup la.

Pòl te ale nan Sinagòg la kote l t ap pale avèk anpil asirans. Li te kontinye fè sa pandan twa mwa. Chak okazyon li te jwenn pou l diskite ak Jwif yo, li t ap eseye konvenk yo pou yo aksepte mesaj li t ap anonse yo konsènan wayòm Bondye a. Men, gen ladan yo ki t ap fè tèt di, yo te refize kwè. La devan tout moun, yo t ap di yon pakèt move pawòl konsènan Chemen Kris la. Konsa, Pòl vire do kite Jwif yo; li sèlman pran disip ki te kwè yo ansanm avèk li. Depi lè sa a, se nan lokal lekòl Tiranis la Pòl te pale ak pèp la chak jou. 10 Pòl te fè travay sa a pandan dezan. Pandan tan sa a, tout moun nan rejyon Lazi a, Jwif tankou Grèk, te tande mesaj Bòn Nouvèl Bondye a.

Pitit gason Seva yo

11 Bondye te sèvi ak Pòl pou l fè kèk gwo mirak. 12 Gen moun ki pran mouchwa osinon moso twal ki te touche kò Pòl, y al mete yo sou moun malad. Malad yo te geri epi sa k te gen move lespri menm, move lespri yo te soti sou yo.

13 Te gen yon ekip Jwif ki t ap vwayaje nan zòn nan, epi yo t ap chase move lespri sou moun nan non Senyè Jezi. Yo t ap di: “Nan non Jezikris Pòl ap preche a, mwen kòmande w pou w soti!” 14 Te gen pi gran sakrifikatè Jwif yo te rele Seva a, li te gen sèt pitit gason ki te konn ap fè bagay sa a.

15 Yon jou, move lespri a di pitit Seva yo konsa: “M konnen kilès Jezi ye, m konnen kilès Pòl ye tou, men nou menm, kilès nou ye?”

16 Apre sa, nonm ki te gen move lespri sou li a plonje sou mesye yo. Li rive metrize yo tout. Se chifonnen l chifonnen mesye yo ak kou epi l chire rad sou yo. Se kouri mesye yo kouri kite kay la toutouni.

17 Tout moun Efèz te vin konn koze a, Jwif tankou Grèk. Sa te fè yo vin gen lakrent epi yo te fè lwanj pou Senyè Jezi. 18 Anpil nan moun ki te kwè yo te kòmanse konfese move bagay yo te konn fè. 19 Yo t ap temwanye jan yo te konn fè maji. Kwayan sa yo te pote liv maji yo vini epi boule yo devan tout moun. Tout liv ki te boule yo ansanm te vo yon senkant mil (50,000) pyès lajan[a] konsa. 20 Se konsa mesaj Bòn Nouvèl Bondye a t ap kontinye gaye avèk puisans, epi sa te fè plis moun t ap vin mete konfyans yo nan Jezikris.

Pòl fè plan pou yon vwayaj

21 Apre bagay sa a, Pòl fè plan pou l monte Jerizalèm. Li te planifye pou l pase pa Masedwàn ak Lakayi anvan l pati pou ale Jerizalèm. Li te menm di tèt li: “Apre m fin vizite Jerizalèm, fò m vizite lavil Wòm tou.” 22 Pòl voye Timote ak Eras, de nan moun ki t ap ede l yo, ale Masedwàn, tandiske li menm li te rete pou yon ti tan ankò nan Lazi.

Manifestasyon nan Efèz

23 Pandan tan sa a, te vin gen gwo latwoublay nan Efèz konsènan Chemen Kris la. 24 Yon òfèv yo te rele Demetriyis te konn fè ti tanp an lajan sou menm modèl tanp yo te bati pou deyès yo te rele Atemis la. Demetriyis, ansanm ak bòs ki te konn travay ak li yo, yo te konn fè anpil lajan nan travay sa a.

25 Demetriyis rasanble tout bòs ki te avè l yo ansanm ak tout lòt moun ki te gen menm metye òfèv la tou, li di yo: “Mesye, nou konnen se travay sa n ap fè a ki fè nou fè lajan, pa vre? 26 Epoutan, nou wè ak je nou, nou tande ak zòrèy nou tou kijan nonm yo rele Pòl la ap fè kanpay kont nou. L ap ankouraje foul la pou yo chanje relijyon yo. Se pa sèlman nan Efèz, men se nan tout rejyon Lazi a nèt l ap mache di dye moun fè ak men yo se pa Bondye yo ye vre. 27 Sa riske kraze repitasyon nou tout ki se òfèv, epi sa riske fè tanp Atemis la pèdi repitasyon l tou nan je pèp la. Menm Atemis, deyès tout moun nan Lazi ak tout moun ap adore a, ka rive pèdi repitasyon l tou.”

28 Tande yo fin tande Demetriyis, tout òfèv yo te vin ankòlè, yo pran rele: “Atemis moun Efèz yo ap sèvi a se yon gran deyès.” 29 Dezòd la te gaye nan tout vil la nèt. Apre yo fin mete men sou Gayis ansanm ak Aristak, ki se moun peyi Masedwàn ki te akonpanye Pòl nan vwayaj la. 30 Pòl te vle parèt devan pèp la pou pale avèk yo, men kwayan yo te anpeche l fè sa, paske yo pa t dakò. 31 Te gen kèk nan chèf Lazi yo ki te zanmi Pòl, yo voye moun vin pote mesaj bay Pòl pou di l tanpri pa vin nan teyat la ditou.

32 Nan foul la menm, te gen enpe moun ki t ap lanse yon slogan bò isit, yon lòt gwoup menm ap lanse yon lòt slogan bò lòtbò. Sa te kreye yon konfizyon total nan foul la. Pi fò moun ki te la yo pa t menm konnen pou kisa yo te reyini. 33 Kèk Jwif te chwazi yon nonm yo te rele Aleksann, epi ankouraje l pase devan, pou l pale ak foul la; se yo menm tou ki te di l sa pou l di. Aleksann fè yon siy ak men li, li te vle pran lapawòl pou pran defans Jwif yo devan foul la. 34 Men, lè yo reyalize Aleksann se Jwif tou, yo tout tonbe fè bri; pandan dezèdtan, yo t ap rele byen fò: “Atemis moun Efèz yo se yon gran deyès.”

35 Men, finalman, sekretè lakomin nan te rive konvenk foul la pou yo fè silans. Li di yo: “Nou menm moun Efèz, ki moun ki pa konnen se lavil Efèz k ap veye sou tanp Atemis lan, gran nègès nou an, ansanm ak estati l la, yon wòch ki sot tonbe nan syèl la? 36 Pa gen pèsonn ki ka di se pa vre. Enben, se pou n pran tèt nou. Pa gen rezon la pou n ap fè anyen nan tèt cho.

37 Nou mennen mesye sa yo[b] vin la a se vre, men yo pa vòlè anyen nan tanp yo, ni yo pa pale deyès nou an mal. 38 Bò isit la, nou gen tribinal epi nou gen jij ki pou fè jijman. Si Demetryis ak ekip ouvriye l yo gen yon bagay kont yon moun, se pou yo pote plent nan tribinal.

39 Apre sa, si nou gen lòt reklamasyon toujou nou vle fè, n ap tann lè gen yon asanble legal reyini pou nou regle sa. 40 Mwen di sa paske nenpòt moun ki wè sa k pase jodi ta gen dwa akize nou kòm moun k ap fè mouvman kont gouvènman an. Paske pa gen okenn rezon vre pou tout dezòd sa a. Nou pa t ap ka bay okenn eksplikasyon pou rasanbleman sa a si yo ta mande nou.” 41 Apre sekretè a fin pale konsa, li mande tout moun yo pou yo rantre lakay yo.

Error: 'Jeremi 28 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mak 14

Plan pou touye Jezi

(Mat 26:1-5; Lik 22:1-2; Jan 11:45-53)

14 De jou anvan fèt Pak la ak fèt Pen san ledven an, Chèf Jwif yo ak direktè Lalwa yo t ap chache yon fason avèk riz pou arete Jezi ankachèt epi touye l. Paske yo t ap di: “Nou pa ka arete Jezi pandan fèt la. Pèp la ka leve kont nou.”

Yon dam fè lwanj pou Jezi

(Mat 26:6-13; Jan 12:1-8)

Lè Jezi te nan Betani, li t ap manje ansanm ak Simon. Simon sa a te gen maladi po yo te rele lèp. Pandan l t ap manje atab, yon fanm vini ak yon boutèy ki te fèt ak yon pyè presye yo rele albat, plen ak yon pafen byen chè ki fèt ak yon pwodui ki rele n a. Li ouvri boutèy la epi li vide pafen an sou tèt Jezi.

Kèk moun ki te la te fache anpil epi yo t ap di youn lòt, “Poukisa gaspiyaj sa a? Paske nou ta ka vann pafen sa a pou plis pase 300 denye,[a] epi nou ta bay pòv lajan an.” Epi yo t ap blame fanm nan.

Men Jezi di yo: “Kite fanm nan a trankil. Poukisa n ap fatige l konsa? Se yon bon bagay li fè pou mwen. N ap toujou gen pòv ak nou, nou ka ede yo nen pòt lè nou vle.[b] Men mwen menm mwen p ap avèk nou tout tan. Fanm sa a fè sa l te kapab pou mwen. Li vide pafen sou kò m pou anbome l davans pou antèman m. An verite m ap di nou, kèlkeswa kote Bòn Nouvèl la preche nan lemonn, yo gen pou yo pale de aksyon sa a, epi moun ap sonje dam nan.”

Jida dakò pou l ede lènmi Jezi yo

(Mat 26:14-16; Lik 22:3-6)

10 Jida Iskaryòt, youn nan douz disip yo, al kot chèf prèt yo pou li trayi Jezi. 11 Chèf prèt yo te kontan anpil, epi yo te pwomèt li yo t ap ba l lajan. Konsa Jida te kòmanse ap chache yon okazyon pou trayi Jezi.

Repa fèt Pak la

(Mat 26:17-25; Lik 22:7-14,21-23; Jan 13:21-30)

12 Nan premye jou fèt Pen san ledven an, lè yo te sakrifye ti mouton pou fèt Pak la, disip Jezi yo di l: “Ki kote ou ta vle nou al prepare pou ou repa fèt Pak la?”

13 Jezi voye de nan disip li yo, epi li di yo: “Al nan vil la, n ap rankontre yon nonm k ap pote yon krich dlo. Swiv li. 14 Kèlkeswa kote li antre a, di mèt kay la: Mèt la di Kote salamanje pou m manje repa fèt Pak la avèk disip mwen yo? 15 Mèt kay la ap montre nou you gwo chanm aletaj ki tou meble. Se la pou nou prepare manje a.”

16 Disip yo sòti, yo ale nan vil la. Yo jwenn tout bagay jan Jezi te di yo a. Se konsa yo prepare manje pou fèt Pak la.

17 Nan aswè, Jezi vini ak douz disip yo nan kay la. 18 Pandan y ap manje konsa, Jezi di: “An verite m ap di nou, gen youn nan nou ki pral trayi m, sila a k ap manje ak mwen an.”

19 Disip yo te vin tris, epi yo t ap di l, yonn apre lòt: “Sètènman se pa mwen menm.”

20 Jezi di yo: “Youn nan nou douz la, sila a k ap tranpe pen l nan bòl la avè m nan. 21 Pitit Lòm nan gen pou mouri jan sa te prevwa nan Bib la, men malè pou moun ki livre l bay la. Li t ap pi bon pou moun sa pou l pa t janm fèt.”

Repa Senyè a

(Mat 26:26-30; Lik 22:15-20; 1 Kor 11:23-25)

22 Pandan yo t ap manje, Jezi pran pen an, li di Bondye mèsi, li kase l, li bay disip yo, epi li di: “Pran, Sa a se kò mwen.”

23 Apre sa li pran yon vè diven, li di Bondye mèsi, epi li bay disip li yo. Epi yo tout bwè ladan l. 24 Jezi di yo: “Sa a se san mwen, san k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou siyen nouvo kontra Bondye fè ak anpil moun. 25 Sa m di a, se vre: Mwen p ap bwè diven ak nou ankò, jouk lè mwen va bwè nouvo diven an nan wayòm Bondye a.”

26 Apre yo chante kèk kantik, yo ale sou Mòn Olivye a.

Jezi anonse disip yo pral abandone l

(Mat 26:31-35; Lik 22:31-34; Jan 13:36-38)

27 Apre sa Jezi di disip yo: “Nou tout gen pou n kouri kite m, paske men sa ki ekri nan Bib la:

M ap touye bèje a
    epi mouton yo ap gaye toupatou.[c]

28 Men apre m fin resisite, M pral tann nou nan Galile.”

29 Lè sa a Pyè di l: “Menmsi tout lòt moun yo kouri, mwen m p ap janm kouri kite.”

30 Alò Jezi di li: “Anverite, m ap di w sa, aswè a menm, anvan menm kòk chante de fwa, ou ap di ou pa konnen m pandan twa fwa.”

31 Men Pyè te ensiste pi plis toujou: “Menm si mwen ta dwe mouri pou w Mwen p ap janm di m pa konnen w.” Tout lòt disip yo t ap di menm bagay la tou.

Jezi ap priye poukont li

(Mat 26:36-46; Lik 22:39-46)

32 Jezi ak disip li yo ale yon kote yo rele Jetsemane. Li di disip li yo: “Rete isit la pandan m pral lapriyè.” 33 Li pran Pyè, Jak, Jan ak li. Li te kòmanse santi gwo tristès ak anpil kè sere. 34 Jezi di disip ki te avè l yo: “Kè m tèlman lou, mwen santi se mouri m ap mouri. Kenbe m konpay, pa kite dòmi pran nou.”

35 Jezi avanse pi devan, li lage kò l atè epi li priye. Li mande Bondye si li ta posib pou li pa ta pase nan moman soufrans sa a. 36 Li di: “Abba,[d] O Papa! Tout bagay posib pou ou. Retire gode[e] soufrans sa a devan m non. Men, pa fè volonte pa m, fè volonte pa w.”

37 Lè Jezi tounen bò kote disip li yo, li jwenn yo tout ap dòmi. Li di Pyè: “Simon, ou ap dòmi? Ou pa ka rete veye avè m pou inèdtan? 38 Fè je nou klè! Epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon! Lespri a byen dispoze, men lachè a fèb.”

39 Jezi deplase yon dezyèm fwa pou l te ka priye, li repete menm priyè a. 40 Lè l tounen bò kote yo ankò, li jwenn yo ap dòmi, paske je yo pa t ka rete ouvè. Disip yo pa t konnen kisa pou yo te di li.

41 Li retounen yon twazièm fwa epi li di yo: “N ap dòmi toujou? N ap repoze? Se twòp atò. Lè a rive, yo pral livre Piti lòm nan bay mechan yo. 42 Leve! Ann ale! Men moun k ap livre m nan rive.”

Yo arete Jezi

(Mat 26:47-56; Lik 22:47-53; Jan 18:3-12)

43 Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, direktè Lalwa yo ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe ak baton.

44 Jida, nonm ki te gen pou trayi Jezi a, te bay moun ki avè l yo yon sinyal. Li di yo: “Moun nou wè m bo a, se li menm. Nou mèt arete l, epi eskòte l mennen l ale.” 45 Konsa, kou Jida rive, l al sou Jezi epi l di: “Mèt mwen!” Epi Jida bo Jezi. 46 Moun ki te avèk Jida yo met men sou li, yo arete l. 47 Youn nan disip Jezi yo ki te kanpe tou pre, rale nepe l, li fè you kout nepe sou sèvitè gran chèf prèt la, li koupe zòrèy li.

48 Lè sa a, Jezi reponn yo: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? 49 Chak jou mwen te avèk nou, m t ap anseye nan tanp lan chak jou ap anseye, pouki nou pa t arete m? Antouka, sa pase konsa pou pawòl pwofèt yo te ka akonpli.” 50 Lè sa a, disip Jezi yo abandone l, yo kouri.

51 Te gen yon jenn gason ki t ap swiv li, li pa t gen anyen sou li, eksepte yon dra. Yo fè sa yo mete men sou li pou yo te arete l; 52 Jenn gason an kite dra a nan men yo, epi li chape poul li toutouni.

Jezi devan lidè relijye yo

(Mat 26:57-68; Lik 22:54-55,63-71; Jan 18:13-14,19-24)

53 Yo mennen Jezi devan gran chèf prèt la. Epi yo rasanble tout chèf prèt yo, lidè pèp Juif la ak pwofesè lalwa yo. 54 Pyè ki t ap swiv yo a yon distans te antre nan lakou granprèt la tou. Li rantre nan lakou a epi li chita nan mitan sèvitè yo, li t ap chofe dife.

55 Chèf prèt yo ak gran Konsèy Juif la t ap chache fo temwayaj pou yo met sou do Jezi pou yo ka jwenn yon rezon pou yo fè touye l, men yo pa t jwenn anyen. 56 Anpil moun te vin bay fo temwanyaj kont li, men tout temwanyaj yo te depaman youn ak lòt.

57 Se konsa kèk lòt moun kanpe pou kontinye bay plis manti toujou. Yo di: 58 “Nou tande nonm lan di M ap kraze tanp sa lèzòm fè a, epi nan twa jou m ap bati yon lòt tanp ki pa fèt ak men lòm.” 59 Men, menm sa moun sa yo t ap di te depaman tou.

60 Lè sa a, Granprèt la leve kanpe nan mitan mesye yo epi l mande Jezi: “Ki sa w di sou akizasyon sa yo? Èske sa yo di a se vre?” 61 Men Jezi rete an silans, li pa reponn anyen. Gran chèf prèt la mande l ankò: “Èske ou se Mesi a,[f] Pitit Bondye beni an?”

62 Jezi reponn li: “Oui, se sa menm. Nou gen pou n wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.”[g]

63 Lè sa a gran chèf prèt la chire rad li. Epi li di: “Ki temwanyaj nou bezwen anplis! 64 Nou tout tande jan li t ap ensite Bondye. Ki sa a n ap fè ak sa? Konsa, yo tout kondane l, yo di li merite lanmò.”

Yo tout kondane li pou li mouri. 65 Kèk moun kòmanse krache sou li. Yo kouvri figi l epi yo di l: “Pwofetize non, di nou ki moun ki te frape w?” Apre sa, gad tanp lan yo te ba l anpil kalòt.

Pyè di li pa konnen Jezi

(Mat 26:69-75; Lik 22:56-62; Jan 18:15-18,25-27)

66 Pandan Pyè te toujou nan lakou a, youn nan ti sèvant gran chèf prèt la vin parèt. 67 Lè li wè Pyè ki t ap chofe dife, li gade Pyè epi li di l: “Ou menm tou ou te avèk Jezi, nonm Nazarèt la.”

68 Men Pyè te nye sa jenn fi a di a, li di: “M pa ni konnen ni menm konprann sa ou ap di la.” Apre sa, Pyè fè yon vire, l al kanpe nan baryè a, se konsa yon kòk vin chante.[h]

69 Lè ti sèvant lan wè li, li ensiste devan moun ki te la yo, li di: “Nonm sa a se youn nan yo!” 70 Pyè nye sa ankò. Apre yon ti moman, moun ki te la yo di Pyè: “vle pa vle ou se youn nan yo, paske ou menm tou, ou sòti Galile.”

71 Pyè kòmanse fè sèman, li di: “M pa konn nonm sa a n ap pale a.”

72 La menm kòk la chante yon dezyèm fwa epi Pyè sonje pawòl Jezi te di li la: “Anvan kòk la chante de fwa, ou gen pou di ou pa konnen m twa fwa.” Lè Pyè pran sans sa k pase a, li tonbe kriye.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International