M’Cheyne Bible Reading Plan
Janbatis ap prepare chemen pou Jezi
(Mat 3:1-12; Lik 3:1-9,15-17; Jan 1:19-28)
1 Men kòmansman Bòn nouvèl konsènan Jezikris,[a] Pitit Bondye a.[b] 2 Men kijan pwofèt Ezayi ekri:
“Men m ap voye mesaje m nan devan w.
L ap prepare chemen an devan w.”[c]
3 “Gen yon moun nan dezè a k ap pale byen fò:
Prepare chemen pou Senyè a;
fè wout yo byen dwat devan l.”[d]
4 Janbatis ki te vin nan dezè a epi li t ap di moun yo “vin batize pou montre nou vle chanje lavi nou epi Bondye va padone peche nou.” 5 Moun t ap soti nan tout rejyon Jide a ak nan tout Jerizalem pou vin tande Jan. Yo te konfese peche yo epi Jan te batize yo nan rivyè Jouden an.
6 Jan te abiye ak yon rad ki fèt ak po chamo. Li te gen yon sentiwon an kui nan ren li. Li te konn manje krikèt ak siwo myèl.
7 Men sa Jan t ap di yo: “Moun ki gen pou vin apre m nan pi puisan pase m. Mwen pa bon ase pou m ta demare lasèt sandal li. 8 Mwen batize nou nan dlo, men li menm l ap batize nou nan Sentespri a.”
Jan te batize Jezi
(Mat 3:13-17; Lik 3:21-22)
9 Nan epòk Jan t ap batize moun nan, Jezi sot Nazarèt, yon ti vil ki nan rejyon Galile, epi Jan te batize l tou nan rivyè Jouden an. 10 Tousuit apre l te soti nan dlo a, Jezi wè syèl la fann an de epi Sentespri Bondye desann sou li tankou yon pijon. 11 Epi yon vwa nan syèl la di: “Ou se Pitit mwen renmen anpil la; Ou fè kè m kontan anpil.”
Satan tante Jezi
(Mat 4:1-11; Lik 4:1-13)
12 Tousuit apre, Sentespri a te mennen Jezi nan dezè a. 13 Li pase karant jou nan dezè a pandan Satan t ap tante l pou chache fè l tonbe nan peche. Pandan tan sa a, Jezi te nan mitan bèt sovaj yo epi se te anj Bondye yo ki t ap sèvi l.
Jezi kòmanse ministè li nan Galile
(Mat 4:12-17; Lik 4:14-15)
14 Apre yo fin mete Jan nan prizon, Jezi al Galile, li kòmanse preche Bòn Nouvèl Bondye a. 15 Li di: “Lè a rive! Pa gen tan ankò. Wayòm Bondye rive sou nou. Chanje direksyon lavi nou epi kwè nan Bòn nouvèl la.”
Jezi chwazi kèk disip
(Mat 4:18-22; Lik 5:1-11)
16 Pandan Jezi t ap mache bò lak Galile a, li te wè Simon[e] ak Andre, ki se frè Simon, yo t ap voye senn yo nan lak la, paske mesye sa yo se pechè pwason yo te ye. 17 Jezi di yo: “Vin swiv mwen! Mwen pral montre nou peche moun pito.” 18 La menm, yo kite senn yo epi yo swiv Jezi.
19 Jezi te mache yon ti kras pi lwen, li te wè de lòt frè, Jak ak Jan, pitit Zebede yo. Mesye yo te nan bato a epi yo t ap repare senn yo. 20 San pèdi tan, li rele yo. Mesye yo leve, yo kite papa yo, Zebede, nan bato a ak tout ouvriye yo, epi yo swiv Jezi.
Jezi geri yon nonm ki te anba puisans move lespri
(Lik 4:31-37)
21 Jezi ak disip li yo te ale lavil Kapènawòm. Konsa, lè pwochen jou saba a te rive, Jezi te ale nan reyinyon nan sinagòg la, epi li kòmanse anseye moun ki te la yo.[f] 22 Pèp la pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye. Jezi pa t anseye menm jan ak pwofesè lalwa yo, paske li te anseye avèk otorite. 23 Menm lè sa a, te gen yon nonm ki te gen yon move lespri sou li, nan sinagòg la. Li te pran krye byen fò: 24 “Jezi moun Nazarèt, Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a!”
25 Jezi pale byen rèd ak lespri a, li di l: “Fèmen bouch ou, retire kò w sou misye a!” 26 Movèzespri a sakaje misye a. Li pouse yon gwo kri epi li sòti sou misye a.
27 Tout moun te sezi wè sa ki te rive a, epi yo te komanse ap fè gwo diskisyon ant yo menm, youn t ap di lòt: “Sa k ap pase la a? Nonm sa a vini ak yon nouvo ansèyman ki mache avèk otorite. Li menm pase move lespri yo lòd epi yo oblije obeyi l.” 28 Sa ou tande a, nouvèl la gaye nèt nan tout rejyon Galile a.
Jezi geri anpil moun
(Mat 8:14-17; Lik 4:38-41)
29 Tousuit apre, Jezi avèk moun ki t ap swiv li yo soti nan sinagòg la. Yo ale lakay Simon ak Andre ansanm avèk Jak epi Jan. 30 Bèlmè Simon an te twouve l kouche malad ak lafyèv. Moun nan kay la di Jezi sa. 31 Jezi pwoche bò kote madanm lan, Jezi te touche men madanm lan epi lafyèv la tonbe. Madanm nan leve epi li te sèvi moun yo manje.[g]
32 Nan aswè, apre solèy te fin kouche, moun nan Kapènawòm mennen yon pakèt moun malad ak moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. 33 Tout vil la te rasanble devan pòt kay la. 34 Jezi geri yon pil moun ki te gen tout kalite maladi, li chase anpil demon ki te sou yo tou. Men li pat pèmèt demon yo pale, paske demon yo te konnen kilès li ye.
Jezi ale nan lòt vilaj yo
(Lik 4:42-44)
35 Byen bonè nan demen maten, anvan menm li fè jou, Jezi kite kay la, l ale nan yon ti kote apa pou li priye. 36 Simon ak moun ki te avèk li yo te soti pou yo al chache Jezi. 37 Lè yo jwenn Jezi, yo di li: “Tout moun ap chache w wi.”
38 Men Jezi reponn yo: “Ann al nan lòt ti vil yo tou pou m kapab preche yo tou, paske se pou sa m vini nan zòn nan.” 39 Se konsa li te mache bay mesaj la nan sinagòg yo ki nan tout rejyon Galile a, epi li t ap chase demon.
Jezi geri yon nonm malad
(Mat 8:1-4; Lik 5:12-16)
40 Yon nonm ki te gen yon move maladi po vin kote Jezi, li mete ajenou devan l epi li mande Jezi fè yon bagay pou li. Nonm nan di Jezi: “Si ou vle ou kapab geri m.”[h]
41 Jezi te santi l endinye[i] poutèt nonm nan. Li lonje men l epi li touche nonm nan. Li di: “Mwen vle. Geri!” 42 La menm, maladi po a te disparèt sou nonm nan, li te geri epi li te pwòp.
43 Jezi te di nonm lan li dwe ale. Men li ba li yon avètisman byen sevè. 44 Li di l: “Pa di pèsonn sa m fè pou ou. Men al fè sakrifikatè a egzamine w,[j] epi ofri sakrifis lalwa Moyiz la mande a. Konsa, tout moun va wè ou geri vre.” 45 Men, li gaye nouvèl la bay tout moun li rankontre. Se sa k fè Jezi pa t ka antre nan yon vil an piblik ankò. Jezi rete nan kèk ti zòn izole. Ak tout sa, pèp la sòti toupatou pou vin jwenn li.
1 Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikri,[a] k ap salye nou.
Bondye te chwazi m pou m vin Apot epi li ban m responsabilite pou m preche Bòn Nouvèl li a. 2 Bondye te pwomèt Bòn Nouvèl sa a nan Pawòl li byen lontan deja pa mwayen pwofèt li yo. 3 Bòn Nouvèl la konsène Jezikri, Pitit Bondye a, ki soti nan ras David epi ki te pran fòm yon moun. 4 Men lè Sentespri a[b] resisite Jezikri, Senyè nou an, se yon fason pou l deklare li se Pitit Bondye avèk puisans, pou l gouvène ak tout otorite.
5 Bondye montre m bonte li pa mwayen Jezikri. Li ban m otorite pou m ale pou m ka fè tout moun nan tout nasyon kwè nan li epi obeyi l. Tout travay sa a, se pou li menm sèl. M fè tout sa pou m fè lwanj pou Kris. 6 Nou menm tou, nou se moun Bondye chwazi pou Jezikri.
7 Lèt sa a, se pou tout byenneme ki nan lavil Wòm. Bondye chwazi nou pou n ka viv tankou yon pèp ki apa pou li.
Se pou Bondye, papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè nou ban nou gras ak lapè li.
Yon priyè pou di Bondye Mèsi
8 Premye bagay m ta renmen di se remèsye Bondye pou nou tout, pa mwayen Jezikri. M di Bondye mèsi paske moun tout kote sou latè ap di kijan nou se moun ki gen anpil lafwa. 9 M toujou sonje nou chak fwa m ap priye. Bondye konnen sa m di a se verite a. Se li menm m ap sèvi ak tout kè m lè m ap preche tout moun Bòn Nouvèl ki konsènen Pitit li a. 10 M toujou mande Bondye, nan priyè m, pou l louvri yon pòt pou pèmèt mwen rive al lakay nou. 11 Mwen anvi wè nou toutbon pou m ka ban nou kèk don espirityèl ki ka fè lafwa nou vin pi fò. 12 Sa m vle di nou, se ede m vle pou n ede youn lòt nan lafwa. Lafwa pa nou ap ede m, lafwa pa m ap ede nou.
13 Frè ak sè m yo, mwen fè n konnen mwen te fè plan plizyè fwa pou m ale lakay nou, men yon bagay toujou pase pou chanje plan m yo. Mwen ta renmen wè lakay nou menm bon rezilta mwen te genyen nan mitan moun lòt nasyon ki pa Jwif yo.
14 Mwen dwe sèvi tout moun, kit se moun sivilize, kit se moun ki pa sivilize, kit se moun enstwi, kit se moun ki pa enstwi. 15 Se poutèt sa, mwen si tèlman vle pote Bòn Nouvèl la ban nou, nou menm k ap viv nan lavil Wòm.
16 Pou mwen, pa gen wont[c] nan prezante Bòn Nouvèl la. Paske se puisans Bondye li ye, pou sove nenpòt moun ki kwè: pou sove Jwif yo an premye, epi kounye a pou sove sa yo ki pa Jwif tou. 17 Wi, Bòn Nouvèl la montre kijan Bondye bon epi li fidèl jan li fè sa l te pwomèt l ap fè. Li montre kijan fidelite[d] yon moun kapab kondui anpil moun rive nan lafwa. Jan Ekriti Sent yo di a, “Moun Bondye aksepte a poutèt lafwa[e] li, l ap viv.”[f]
Tout moun fè sa k mal
18 Nou wè tou, kijan Bondye montre kòlè li kont tout move zak moun ap komèt devan l. Yo pa gen okenn respè pou Bondye, y ap komèt move zak youn kont lòt. Mechanste lavi yo anpeche moun konnen verite a sou Bondye. 19 Bondye an kòlè kont yo, paske yo te dwe gen plis konesans, pa vre? Yo konnen tout sa moun ka konnen sou Bondye. Wi, paske Bondye, li menm, li montre yo tout sa aklè.
20 Gen bagay Bondye genyen moun pa ka wè: egzanp puisans san limit li ak sa ki fè Bondye se Bondye toutbon vre. Tout bagay sa yo, moun ka konprann yo byen fasil nan sa Bondye fè, depi nan kreyasyon an. Bondye fè yo parèt byen klè nan sa l fè. Se poutèt sa, pa gen eskiz pou pèsòn.
21 Paske, menm lè yo te konnen Bondye, yo pa t ni adore l jan yo te dwe adore l ni di l mèsi kòm sa dwa. Okontrè, panse yo te vin menm jan ak panse moun fou epi lespri yo te egare nèt plonje nan fènwa. 22 Menm lè yo te pran pòz yo saj, se fou yo te fou. 23 Olye yo adore Bondye k ap viv pou tout tan an, yo te brade li ak adorasyon yo bay zidòl yo, bagay yo fè ki sanble ak moun ki ka tonbe malad epi ki ka mouri. Yo te fè yo pou yo ka sanble ak zwazo, zannimo ak bèt ki mache trennen sou vant.
24 Poutèt sa, Bondye livre yo pou yo fè sa lide yo di yo. Sa lakòz yo dezonore pwòp tèt yo nan komèt move zak. 25 Yo vann verite a sou Bondye nan bay manti. Yo adore epi yo sèvi bagay Bondye kreye, olye yo adore Kreyatè a, Bondye beni an ki merite adorasyon pou tout tan. Amèn.
26 Poutèt yo pa adore Bondye, Bondye livre yo pou yo swiv dezi kè yo, bagay k ap fè yo wont. Olye fi swiv prensip natirèl Bondye mete pou yo kouche ak gason, yo prefere kouche ak fi parèy yo. 27 Olye gason swiv prensip natirèl Bondye mete pou yo kouche ak fi, yo prefere gen anvi pou gason parèy yo. Moun sa yo ap fè tout voksal sa yo youn ak lòt nan gen rapò ak gason parèy yo. Sa fè wont! Poutèt sa, yo jwenn sa yo merite, paske yo pran distans yo ak verite a.
28 Poutèt yo pa t wè sa enpòtan pou yo chache konnen toutbon vre ki lès Bondye ye, Bondye te lage yo pou kite yo swiv tout move lide lespri yo. Konsa, yo te fè anpil bagay yo pa t dwe fè. 29 Yo plen ak tout kalite enjistis. Yo fè sa ki mal, yo pote anvi sou bagay ki pa pou yo. Yo mechan, yo plen ak jalouzi. Yo fè kont ak moun, yo touye moun. Yo twonpe moun, yo bay manti sou yo epi yo vle fè moun mal. 30 Y ap pale youn lòt mal. Yo rayi Bondye. Yo ensolan, yo gen lògèy, yo lwanjè. Yo envante fason pou yo fè sa ki mal. Yo pa obeyi paran yo, 31 yo pa gen bon konprann, yo pa kenbe pwomès yo, yo pa montre okenn jantiyès, yo san pitye pou lòt moun. 32 Yo byen konnen Lalwa Bondye a di moun k ap viv konsa dwe mouri. Men, non sèlman yo kontinye ap aji konsa, yo aplodi moun k ap fè menm bagay sa yo tou.
Copyright © 2017 by Bible League International