Read the Gospels in 40 Days
Jezi voye apot li yo al nan yon misyon
1 Chè Teofil,
Anpil lòt moun te gentan eseye ekri plizyè dokiman sou tout sa k te pase nan mitan nou konsènan Jezikris. 2 Yo rapòte nan dokiman sa yo tout temwanyaj ki soti nan bouch moun ki te temwen sa k te pase yo, epi ki vin tounen predikatè pawòl Bondye. 3 Mwen menm tou, m kwè li nòmal, poutèt mwen gentan fè yon bonjan rechèch sou bagay sa yo depi nan kòmansman, pou m ekri yon rapò byen detaye pou ou tou. 4 Mwen deside fè sa pou w ka rive kwè sa yo te anseye w yo se verite a.
Yon anj Bondye vin anonse nesans Janbatis
5 Nan epòk wa Ewòd t ap renye sou rejyon Jide a, te gen yon sakrifikatè yo te rele Zakari. Li te fè pati yon gwoup sakrifikatè Abija[a] t ap dirije. Madanm Zakari ki te rele Elizabèt te soti nan branch fanmi Arawon, frè Moyiz la. 6 Tou de moun sa yo te mennen lavi yo byen dwat devan Bondye, epi yo te obeyi tout kòmandman Bondye yo. 7 Yo pa t gen pitit, paske Elizabèt pa t ka fè pitit, epi yo te gentan granmoun anpil.
8 Lè lè a te rive pou gwoup Abija a te pran relèv pou sèvi nan tanp lan, Zakari te la pou ranpli wòl sakrifikatè li devan Bondye. 9 Sakrifikatè yo te fè tiraj osò tankou jan yo te toujou fè dapre koutim yo, epi yo te chwazi Zakari pou l te antre nan tanp Senyè a pou l al boule lansan an. 10 Pandan Zakari t ap boule lansan an anndan an, te gen yon gwo foul moun ki te rasanble deyò a ap lapriyè.
11 Sanzatann konsa, yon anj Senyè a parèt sou Zakari. Zanj lan te kanpe sou bò dwat lotèl pou boule lansan an. 12 Lè Zakari wè anj lan, sa te twouble lespri li epi li te pè anpil. 13 Lè sa a, anj lan di li: Zakari, ou pa bezwen pè, paske Bondye tande priyè w, epi madanm ou Elizabèt pral fè yon pitit gason. Ou a rele ti gason sa a Jan. 14 Ou pral gen lajwa ak kontantman nan kè w. Anpil lòt moun pral rejwi nan kè yo tou poutèt nesans li. 15 Paske ti pitit la pral vin yon moun espesyal nan je Senyè a. Li pa fèt pou l bwè ni diven ni okenn bwason ki gen alkòl. Epi l ap ranpli ak Sentespri Bondye depi nan vant manman l.
16 Se Jan ki pral ede anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Bondye, Senyè yo a. 17 Li pral mache kòm avangad devan Senyè a, pou l prepare kè yo pou resevwa Senyè a. L ap gen menm lespri ak pwofèt Eli. L ap ede paran yo fè lapè ak pitit yo. L ap ede moun ki dezobeyisan yo mennen yon vi konfòm ak volonte Bondye poutèt jan yo panse. L ap fè tout bagay sa yo pou l ka prepare kè moun yo pou yo rankontre Senyè a.
18 Lè sa a, Zakari di anj lan konsa: “kijan m ap fè konnen si sa w di m nan se vre? Paske m se yon vye granmoun epi madanm mwen se yon vye granmoun tou.”
19 Zanj lan reponn li: “Mwen rele Gabriyèl, se nan prezans Senyè a menm mwen kanpe. Senyè a te voye m vin pale ak ou pou m te ka ba w bòn nouvèl sa a. 20 Men, fòk mwen di w sa tou wi, ou pral bèbè. Ou p ap ka pale jouk tan sa m sot di w la rive, poutèt ou pa t kwè nan pawòl mwen ki gen pou akonpli nan tan ki fikse pou li a.”
21 Moun yo menm ki te deyò a ap tann Zakari, yo te kòmanse kraponnen poutèt Zakari te pran tout tan sa a anndan tanp lan. 22 Lè Zakari te vin soti, li pa t kapab pale ak foul la. Lè sa a, yo vin reyalize li te resevwa yon vizyon anndan an. Se an siy sèlman li t ap kominike ak yo paske li te bèbè. 23 Lè peryòd li te desèvis la te vin fini, Zakari te retounen lakay li.
24 Kèk tan apre sa, Elizabèt madanm Zakari vin ansent. Li fè senk mwa kache anndan kay. Elizabèt di konsa: 25 “Finalman, Senyè a chwazi ede m nan fason sa a. Li sitèlman panche sou ka mwen, li leve kalite wont sa a pou mwen devan je pèp la.”
Yon anj vin anonse nesans Jezi
26 Lè Elizabèt te gen simwa ansent, Bondye voye yon anj ki rele Gabriyèl vin nan yon ti vil ki rele Nazarèt, nan zòn Galile. 27 Zanj lan te vin pale ak yon jèn fi ki pa t ko nan lavi gason ki te rete lavil Nazarèt. Jèn fi sa a te fiyanse ak yon jèn gason yo te rele Jozèf ki li menm te soti nan branch fanmi David. Yo te rele jèn fi sa a Mari. 28 Zanj lan avanse sou Mari epi li di l: “Bonjou! Senyè a avèk ou. Ou se yon moun Bondye beni anpil.”
29 Men, sa anj lan te di a te twouble Mari anpil. Li t ap mande tèt li kisa sa vle di.
30 Epi anj lan di li: “Ou pa bezwen pè, Mari. Ou se yon moun Senyè a fè gras. 31 Tande byen, ou gen pou ou vin ansent epi ou ap fè yon pitit gason. Ou a rele pitit gason sa a Jezi. 32 L ap vin yon moun ki gran. Y a rele l Pitit Bondye ki pi wo nan syèl la. Senyè a ap fè l vin wa tankou David gran gran papa li. 33 L ap renye sou pèp Izrayèl la pou tout tan. Pouvwa li p ap janm fini.”
34 Lè sa a, Mari di anj lan konsa: “Ki jan sa ka fè rive? Mwen se yon moun ki pa ko nan lavi gason.”
35 Zanj lan reponn li: “Sentespri a pral vini sou ou, epi pouvwa Bondye ki pi wo nan syèl la pral kouvri w. Se poutèt sa, pitit ou pral fè a ap sen. Y ap rele l Pitit Bondye. 36 Epi fòk mwen di w sa tou, fanmi ou, Elizabèt, ansent kounye a la a. Malgre li fin granmoun, li pral fè yon pitit gason. Yo te di li pa t kapab fè pitit, epoutan gen simwa la a depi li ansent. 37 Sa rive konsa, paske pa gen anyen ki enposib pou Bondye.”
38 Mari di li: “Se sèvant Senyè a mwen ye. Se pou sa rive m jan ou di a.” Apre sa, Zanj lan ale.
Mari al rann Zakari ak Elizabèt yon vizit
39 Nan menm epòk la, Mari leve, san pèdi tan, li ale nan yon ti vil nan mòn Jide. 40 Mari antre lakay Zakari epi li salye Elizabèt. 41 Menm kote Elizabèt fin tande salitasyon Mari a, pitit ki nan vant Elizabèt la pran sote nan vant li epi Sentespri a ranpli Elizabèt.
42 Li pale byen fò epi li di Mari konsa: “Bondye beni ou pami tout fi, li beni pitit ou ap fè a tou. 43 Ki sa m ye menm, pou manman Senyè m nan vin lakay mwen? 44 Paske menm kote salitasyon ou nan rive nan zòrèy mwen, pitit la pran danse nan vant mwen, tèlman li kontan. 45 Ou se yon moun ki beni, paske ou te kwè sa Senyè a te di w la gen pou rive vre.”
Mari fè lwanj pou Senyè
46 Apre sa Mari di:
“Nanm mwen beni non Bondye.
47 Lespri m rejwi nan Bondye sovè mwen.
48 Malgre mwen pa gen enpòtans,
Senyè a manifeste favè li anvè mwen, pòv sèvant li a.
Depi kounye a pou jouktan sa fini,
tout moun ap sonje kijan Bondye beni m anpil.
49 Wi, Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil gwo bagay pou mwen.
Non li sen anpil.
50 Li toujou gen konpasyon
pou moun ki gen krentif pou li.
51 Li manifeste pouvwa li nan sa li fè ak men li.
Moun ki ògeye yo epi ki panse se yon pakèt afè yo ye, li fè yo wont.
52 Li ranvèse wa yo sou twòn yo
epi li leve tèt moun ki bese byen ba devan li.
53 Li bay moun ki grangou yo manje pou plen vant yo,
men li voye moun rich yo ale san anyen.
54 Bondye ede Izrayèl pèp li chwazi pou sèvi l la.
Li pa t janm bliye mizerikòd li.
55 Jan li te di zansèt nou yo,
Abraram ansanm ak desandan l yo,
li t ap fè l la, pou tout tan gen tan.”
56 Mari pase anviwon twa mwa lakay Elizabèt, apre sa li tounen lakay li.
Nesans Janbatis
57 Lè lè a te rive pou Elizabèt akouche, li fè yon pitit gason. 58 Lè vwazen l yo ak fanmi l yo pran nouvèl kijan Bondye te manifeste bonte li anvè Elizabèt, sa te fè yo kontan anpil pou li. 59 Lè ti bebe a te gen uit jou, yo te ale pou sikonsi li. Yo te vle rele l Zakari tou pou te leve non papa l. 60 Men, manman l te di: “Non, se Jan pou l rele.”
61 Moun ki te la yo di Elizabèt konsa: “Men, pa gen pèsonn nan fanmi w ki rele Jan.” 62 Lè sa a, yo pale an siy ak papa a, yo mande l: “Ki jan ou ta renmen rele pitit la?”
63 Zakari mande pou yo ba li yon bagay pou l ekri. Epi li ekri, “Non li se jan.” Tout moun te sezi. 64 Apre sa, Zakari te vin ka pale ankò, epi li te kòmanse fè lwanj pou Bondye. 65 Tout moun nan vwazinay la te vin pè pou sa k pase a. Epi nan tout mòn Jide a moun pa t sispann pale koze a. 66 Tout moun ki te pran nouvèl sa k pase a t ap poze tèt yo anpil kesyon. Yo t ap mande tèt yo: “Ki sa ti gason sa a ap devni menm?” Yo te ka wè pouvwa Senyè a te avèk ti gason an.
Zakari fè lwanj pou Bondye
67 Apre sa, Sentespri a te ranpli Zakari, papa Jan, epi li te kòmanse ap bay pèp la yon mesaj ki soti nan Bondye ki di konsa:
68 “Lwanj pou Senyè a, Bondye Izrayèl la.
Li vin pote konkou bay pèp li a,
li vin libere yo.
69 Li ban nou yon Sovè ki gen anpil puisans
ki soti nan branch fanmi sèvitè li David.
70 Se sa menm li te pwomèt
pa mwayen pwofèt li yo depi nan tan lontan.
71 Li te pwomèt pou l delivre nou anba lènmi nou yo
anba grif tout moun ki rayi nou yo.
72 Li te di li t ap manifeste konpasyon li anvè gran paran nou yo,
epi li t ap toujou sonje alyans san defo li te fè ak yo a.
73 Se sa menm li te pwomèt
gran papa nou Abraram,
74 yon pwomès pou l delivre nou anba puisans lènmi nou yo,
pou nou kapab sèvi li san kè sote,
75 nan sentete ak nan yon fason ki kòrèk
devan je li toutotan n ap viv.
76 Kanta pou ou menm, ti gason,
y a rele w pwofèt Bondye ki pi wo nan syèl la.
Ou ap gen pou pran devan Senyè a pou prepare chemen an pou li.
77 Ou ap fè pèp li a konnen y ap jwenn delivrans
nan resevwa padon pou peche yo.
78 Paske Bondye gen kè sansib,
l ap fè yon limyè[b] soti anwo vin klere nou tankou solèy k ap leve.
79 L ap klere sa yo k ap viv nan fènwa epi ki chita anba lonbray lanmò.
L ap gide nou nan chemen lapè a.”
80 Ti gason an menm t ap grandi epi li te byen devlope nan lespri l. Li te rete nan dezè a jouktan lè a te rive pou l parèt an piblik pou l preche mesaj Bondye a devan pèp Izrayèl la.
Nesans Mesi a
(Mat 1:18-25)
2 Nan menm peryòd sa a, Seza Ogis ki te wa nan lavil Wòm te pase lòd pou yo fè yon gran resansman nan tout peyi ki fè pati teritwa li t ap dirije a. 2 Premye gran resansman sa a te fèt nan epòk lè Kiriniyis te gouvènè nan lavil Siri. 3 Tout moun te oblije vwayaje ale nan vil kote yo te fèt pou yo te ka mete non yo sou lis resansman an.
4 Konsa, Jozèf te oblije kite Nazarèt tou, ti vil nan rejyon Galile a, pou l te ale nan rejyon Jide, nan yon lòt ti vil ki rele Bètleyèm, lavil wa David la. Se la Jozèf te oblije ale pou resanse, paske li te soti nan branch fanmi David. 5 Jozèf ak Mari te resanse ansanm nan menm kote a, paske yo te gentan fiyanse. Lè sa a, Mari te gentan ansent. 6 Pandan Jozèf ak Mari te nan lavil Bètleyèm pou resansman an, lè a te rive pou Mari akouche. 7 Mari akouche premye pitit gason li. Li vlope l byen vlope epi li mete l kouche nan yon kote yo konn bay bèt manje. Li te mete pitit la kouche la paske pa t gen plas ankò nan otèl[c] la.
Nouvèl nesans Mesi a rive jwenn kèk bèje
8 Nan menm nuit sa a, yon bann bèje te nan raje a toupre lavil Bètleyèm ap veye mouton yo. 9 Sanzatann konsa, yon anj Senyè a parèt sou yo epi laglwa Senyè a, tankou yon gwo limyè, te klere tout kote yo te ye a. Bèje yo te pran tranble, tèlman yo te pè. 10 Zanj lan di yo konsa: “Nou pa bezwen pè. Mwen vin anonse nou yon bòn nouvèl, sa pral pote lajwa pou tout pèp Izrayèl la. 11 Jodi a menm, Sovè nou an fèt nan lavil David la. Se li menm Senye, Mesi[d] yo k ap delivre nou anba tout tray nou yo. 12 Men ki siy k ap fè nou rekonèt li: N ap jwenn yon ti bebe byen vlope epi kouche nan yon bwat an planch kote yo konn bay bèt manje.”
13 Menm lè a, yon foul lòt anj nan syèl la, tankou yon lame, vin jwenn ak anj lan, epi yo t ap fè lwanj Bondye, yo t ap di:
14 “Lwanj pou Bondye nan syèl la,
epi kè poze sou latè pou tout moun
ki fè Bondye plezi.”
15 Apre sa, anj yo kite bèje yo, yo retounen nan syèl la. Lè sa a, bèje yo te pale youn ak lòt, yo te di: “Ann ale lavil Bètleyèm pou n al wè gwo evènman sa a Senyè a fè nou konnen an.”
16 Konsa, yo kouri ale epi yo te jwenn Mari ak Jozèf ansanm ak ti bebe a ki te kouche nan bwat an planch kote bèt yo te konn manje a. 17 Lè bèje yo te wè ti bebe a, yo te rakonte sa anj lan te di yo de li a. 18 Tout moun ki t ap koute yo te sezi tande sa bèje yo te di yo. 19 Mari menm te kenbe bagay sa yo nan tèt li. Li pa t sispann reflechi sou yo. 20 Bèje yo te retounen kote mouton yo te ye a, yo t ap fè lwanj Bondye epi yo t ap remèsye li pou tout sa yo te wè ak sa yo te tande. Tout bagay yo te egzakteman jan anj lan te di yo a.
21 Lè ti bebe a te gen uit jou, yo te sikonsi li, epi yo te ba l non Jezi. Se non sa a anj lan te bay depi menm anvan Mari te ansent pitit la.
Yo prezante Jezi nan tanp lan
22 Lè lè a te rive pou Mari ak Jozèf te fè sa Lalwa Moyiz la te anseye sou koze pirifikasyon[e] yo, yo mennen Jezi Jerizalèm pou yo te ka prezante l bay Senyè a. 23 Dapre sa ki ekri nan Lalwa Senyè a: “Tout premye pitit gason ki fèt, y a mete yo apa pou Senyè a.”[f] 24 Yo te ofri de toutrèl osinon de jèn pijon an sakrifis,[g] dapre sa Lalwa Senyè a te egzije tou.
Simeyon wè Mesi a
25 Vwala te gen yon nonm ki te rele Simeyon ti t ap viv nan Jerizalèm. Se te yon nonm ki te viv lavi l byen selon volonte Bondye epi li te gen krentif pou Li tou. Li t ap veye ki lè pou Mesi a te parèt vin delivre Izrayèl. Senyè a te avèk Simeyon. 26 Sentespri a te fè l konnen l ap wè Mesi a anvan l mouri. 27 Sentespri a pouse Simeyon ale nan tan plan. Konsa, li te la lè Mari ak Jozèf te mennen ti pitit la vini pou yo fè sa Lalwa Jwif yo te egzije. 28 Simeyon pran ti pitit la, li kenbe li. Li beni non Bondye. Li di:
29 “Kounye a, Senyè, ou mèt kite sèvitè ou mouri nan lapè,
jan ou te pwomèt mwen an.
30 Paske mwen wè ak pwòp je mwen sa ou ap fè pou delivre pèp ou a.
31 Ou prepare l mete devan je tout pèp yo.
32 Li se yon limyè k ap klere pou montre chemen w lan devan nasyon moun ki pa Jwif yo.
Se li menm tou k ap fè lonè Izrayèl, pèp ou a.”
33 Papa Jezi ansanm ak manman l te sezi tande bagay Simeyon t ap di de li yo. 34 Apre sa, Simeyon beni yo epi li di Mari konsa: “Gade non, ou wè ti pitit sa a, l ap lakòz anpil moun tonbe, men, l ap lakòz anpil lòt moun leve tou nan pami pèp Izrayèl la. Bondye ap sèvi ak li pou avèti moun konsènan sa k pral rive nan tan k ap vini yo. Men anpil moun ap kanpe an kwa devan l. 35 Konsa, l ap devwale sekrè ki kache nan kè anpil moun. Kanta pou ou menm, sa k gen pou rive ti pitit sa a ap fè w soufri anpil, se kòmsi se yon kouto ki t ap fann kè w.”
Àn wè Mesi a
36 Te gen yon fi ki te pwofèt yo te rele Àn. Li te rete nan tanp lan. Àn te soti nan fanmi Fanyèl, ki li menm te soti nan tribi Azè. Li te gentan vye granmoun. Se yon fi ki te sèlman gen chans viv setan avèk mari li anvan mari li te mouri. 37 Apre sa, li rete vèv jouktan li te gen katrevenkat ane. Àn te toujou nan tanp lan, li pa t janm deplase. Li te sèvi Bondye lajounen tankou lannuit. Li te toujou ap jene epi priye.
38 Nan menm lè sa a, Àn pwoche bò kote yo, li kòmanse fè lwanj Bondye epi li t ap pale de Jezi ak tout moun ki t ap tann ki lè pou Bondye te vin delivre Jerizalèm.
Jozèf ak Mari retounen lakay yo
39 Lè Jozèf ak Mari te fin fè tout sa Lalwa Senyè a te egzije pou yo fè, yo te retounen lakay yo nan Nazarèt, ti vil kote yo te rete a, nan Galile. 40 Jezi li menm t ap grandi epi li t ap devlope. Li te ranpli ak sajès epi gras Bondye te sou li.
Jezi antan yon ti gason
41 Chak ane, paran Jezi yo te konn monte Jerizalèm pou sezon fèt Pak la. 42 Lè Jezi te gen douz an, li akonpanye paran yo ki t ap monte Jerizalèm pou fèt la kòm dabitid. 43 Lè peryòd fèt la te fin pase, paran yo pran wout pou tounen lakay, men Jezi li menm te rete Jerizalèm san paran yo pa t reyalize sa. 44 Yo te vwayaje pandan tout yon jounen avèk lide Jezi te nan foul la. Apre sa, yo kòmanse chache li nan pami zanmi ak fanmi ki te nan wout la ak yo. 45 Men, yo pa t jwenn li. Konsa, yo te blije tounen Jerizalèm pou y al chache li.
46 Apre twa jou ap chache, yo te jwenn Jezi nan lakou tanp lan ansanm ak direktè Lalwa yo. Li t ap koute sa yo t ap di epi li t ap poze yo anpil kesyon tou. 47 Tout moun ki t ap tande repons li yo te etone devan konpreyansyon ak sajès li. 48 Lè manman l ak papa l te wè li, yo pa t manke sezi. Apre sa, manman l di l konsa: “Pitit mwen, poukisa ou fè nou sa? Mwen menm ak papa w te enkyete anpil pou ou. Se pa ti chache nou gentan chache w.”
49 Lè sa a Jezi di yo: “Pou kisa nou t ap chache m? Nou te dwe konnen, kote travay Papa m ye se la pou m ye.” 50 Men yo pa t konprann anyen nan sa li te di yo a.
51 Jezi te desann ansanm ak yo ale Nazarèt epi li te obeyi yo. Manman li te sere tout bagay sa yo nan kè li. 52 Firamezi Jezi t ap grandi, li t ap kontinye devlope tou nan sajès epi ni Bondye ni lèzòm te apresye l anpil.
Janbatis ap prepare chemen pou Jezi
(Mat 3:1-12; Mak 1:1-8; Jan 1:19-28)
3 Nan epòk lè Seza Tibè te gen kenz an depi l t ap renye,
Pons Pilat te gouvènè nan Jide;
Ewòd t ap dirije rejyon Galile;
Filip, frè Ewòd la, t ap dirije Itoure ak Trakonit;
Lizanyas t ap dirije Abilèn;[h]
2 epi Àn ak Kayif te souveren sakrifikatè. Se nan menm epòk sa a, Jan, pitit Zakari a te resevwa mesaj nan men Bondye, pandan l t ap viv nan dezè a. 3 Konsa, li te ale nan tout rejyon an toudebò larivyè Jouden an ap preche. Li t ap di moun yo “Vin batize pou montre nou vle chanje lavi nou epi Bondye va padone peche nou.” 4 Se menm jan sa te ekri nan liv pwofèt Ezayi a:
“Gen yon vwa k ap pale byen fò nan dezè a:
Prepare chemen pou Senyè a.
Fè wout yo byen dwat devan l.
5 Tout vale yo gen pou konble,
tout gwo mòn yo ak kolin yo fèt pou vin plat.
Wout ki gen koub yo, nou dwe fè yo dwat,
epi chemen ki difisil yo fèt pou vin swa.
6 Tout moun gen pou yo wè jan
Bondye ap delivre nou!”[i]
7 Lè sa a, yon foul moun te vin jwenn Jan pou l te batize yo. Li di yo: “Bann ras vipè! Kilès ki fè nou konnen pou n chape anba jijman kolè Bondye ki pa lwen vini an? 8 Olye pou n chita ap di se pitit Abraram nou ye, se pou nou montre nou repanti nan jan n ap viv. Paske, m ap di nou franchman, Bondye ka fè wòch sa yo fè pitit pou Abraram wi. 9 Rach la gentan pare pou koupe pyebwa yo depi nan rasin. Nenpòt pyebwa ki pa pwodui bonjan fwi, y ap koupe l epi jete l nan dife a.”
10 Lè sa a, moun yo poze Jan kesyon, yo mande l: “Ki sa pou nou fè menm?”
11 Jan reponn yo: “Si ou gen de chemiz, bay moun ki pa genyen an youn. Si ou gen manje pou manje, bay sa k pa genyen tou.”
12 Ata pèseptè kontribisyon yo te vin jwenn Jan tou pou l batize yo. Yo mande l: “Mèt, kisa pou nou fè?”
13 Li te di yo, “Pa fè moun peye plis lajan pase sa gouvènman an te di nou fè yo peye a.”
14 Sòlda yo te poze Jan kesyon tou, yo te di l: “E nou menm, kisa pou nou fè?”
Li te reponn yo, “Piga nou itilize lafòs osinon manti pou nou soutire lajan nan men moun yo. Se pou nou kontante nou ak salè nou touche a.”
15 Kòm tout moun t ap veye ki lè pou Mesi a te parèt, yo t ap poze tèt yo kesyon. Yo t ap reflechi konsènan Jan. Yo t ap di: “Ou kwè se pa li menm ki Mesi a.”
16 Jan te reponn moun yo, li di yo: “Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, men gen yon lòt k ap vini apre m. Li pi fò pase m. Mwen pa bon ase pou m ta menm delase soulye l. Li menm, l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife. 17 Li gen laye[j] l nan men li pou l netwaye rekòt la. L ap mete bon grenn yo nan depo li, epi l ap boule pay la nan yon dife ki p ap janm etenn.” 18 Jan te di anpil lòt bagay konsa toujou pou l ankouraje pèp la viv lavi yo yon lòt jan. Li t ap preche pèp la bòn nouvèl levanjil la.
Men kijan travay Jan te fini
19 Pandan tan sa a tou, Jan t ap kritike Ewòd, chèf rejyon an, konsènan sa l te fè ak Ewodyas, madanm frè l la, ansanm ak yon bann lòt bagay mal Ewòd te fè ankò. 20 Konsa, Ewòd tou ajoute yon lòt move bagay ankò sou sa l te fè deja yo: Li mete Jan nan prizon.
Jan te batize Jezi
(Mat 3:13-17; Mak 1:9-11)
21 Nan moman tout pèp la t ap vin resevwa batèm nan, Jezi te vini epi li te batize tou. Pandan l t ap priye, syèl la te louvri, 22 epi Sentespri a desann sou li sou yon fòm fizik, tankou yon pijon. Apre sa, yon vwa pale nan syèl la, li di: “Ou se pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kè m kontan anpil.”
Istwa branch fanmi Jezi yo
(Mat 1:1-17)
23 Lè Jezi te kòmanse anseye pèp la, li te gen yon trant an konsa. Tout moun te panse Jezi se te pitit Jozèf.
Jozèf sa a te pitit Eli.
24 Eli te pitit Matat.
Matat te pitit Levi.
Levi te pitit Mèlki.
Mèlki te pitit Janayi.
Janayi te pitit Jozèf.
25 Jozèf te pitit Matatyas.
Matatyas te pitit Amòs.
Amòs te pitit Nawoum.
Nawoum te pitit Esli.
Esli te pitit Nagay.
26 Nagay te pitit Maat.
Maat te pitit Matatyas.
Matatyas te pitit Semeyin.
Semeyin te pitit Jozèk.
Jozèk te pitit Joda.
27 Joda te pitit Joanan.
Joanan te pitit Resa.
Resa te pitit Zowobabèl.
Zowobabèl te pitit Salatyèl.
Salatyèl te pitit Neri.
28 Neri te pitit Mèlki.
Mèlki te pitit Adi.
Adi te pitit Kosam.
Kosam te pitit Èlmadam.
Èlmadam te pitit Èr.
29 Èr te pitit Jezi.
Jezi te pitit Elyezè.
Elyezè te pitit Jorim.
Jorim te pitit Matat.
Matat te pitit Levi.
30 Levi te pitit Simeyon.
Simeyon te pitit Jida.
Jida te pitit Jozèf.
Jozèf te pitit Jonam.
Jonam te pitit Elyakim.
31 Elyakim te pitit Meleya.
Meleya te pitit Mena.
Mena te pitit Matata.
Matata te pitit Natan.
Natan te pitit David.
32 David te pitit Izayi.
Izayi te pitit Obèd.
Obèd te pitit Boaz.
Boaz te pitit Sala.
Sala te pitit Naason.
33 Naason te pitit Aminadab.
Aminadab te pitit Admin.
Admin te pitit Arni.
Arni te pitit Eswòm.
Eswòm te pitit Perès.
Perès te pitit Jida.
34 Jida te pitit Jakòb.
Jakòb te pitit Izaak.
Izaak te pitit Abraram.
Abraram te pitit Terak.
Terak te pitit Nakò.
35 Nakò te pitit Sewouk.
Sewouk te pitit Rago.
Rago te pitit Falèk.
Falèk te pitit Ebè.
Ebè te pitit Sala.
36 Sala te pitit Kayinam.
Kayinam te pitit Afaksad.
Afaksad te pitit Sèm.
Sèm te pitit Noye.
Noye te pitit Lemèk.
37 Lemèk te pitit Metousala.
Metousala te pitit Enòk.
Enòk te pitit Jarèt.
Jarèt te pitit Maleleyèl.
Maleleyèl te pitit Kayinam.
38 Kayinam te pitit Enòs.
Enòs te pitit Sèt.
Sèt te pitit Adan.
Adan te pitit Bondye.
Copyright © 2017 by Bible League International