Read the Gospels in 40 Days
Jezi avèti moun yo sou sa ki gen pou rive
(Mat 24:1-25; Lik 21:5-24)
13 Pandan Jezi t ap kite tanp lan, youn nan disip li yo di l: “Mèt ala bèl wòch! Ala bèl konstriksyon!”
2 Jezi reponn yo: “Nou wè gwo konstriksyon sa yo, pa gen yon wòch k ap rete chita sou yon lòt, yo gen pou yo detwi rapyetè.”
3 Apre sa, Jezi te chita sou Montay Olivye a, anfas tanp lan. Pyè, Jak, Jan ak Andre vin kote l apa pou yo poze l kesyon sou sa li te di yo. 4 Yo mande l: “Di nou non, ki lè bagay sa yo gen pou rive? E ki siy k ap montre nou bagay sa yo prèt pou rive?”
5 Lè sa a Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf, 6 paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Kris la,[a] y ap rive twonpe anpil moun konsa. 7 Lè nou pran nouvèl sou lagè k ap fèt pasi pala, ou pa bezwen pè. Bagay sa yo dwe rive, men se poko lafen an sa. 8 Yon nasyon gen pou leve kont yon lòt nasyon. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt wayòm. Pral gen tranblemanntè ak grangou toupatou. Bagay sa yo se tranche anvan akouchman an.
9 Nou menm, fòk nou pran prekosyon. Y ap livre nou bay chèf yo, y ap bat nou nan sinagòg yo. Nou va konparèt devan wa ak gouvènè yo poutèt mwen. Sa va sèvi yo temwanyaj. 10 Anvan lafen an rive, fòk Levanjil la preche nan tout nasyon yo. 11 Kelkeswa lè yo arete nou, mennen nou nan tribinal, pa fatige kò nou sou sa nou gen pou n di, di sa nou jwenn nan moman an, paske se pa nou ki gen pou pale, men se Sentespri a.
12 Frè pral leve kont pwòp frè yo. Y ap livre yo bay lòt moun pou yo touye. Papa pral livre pwòp pitit yo bay lòt moun pou yo touye. Pitit pral leve kont pwòp paran yo epi touye yo. 13 Akòz nou se disip mwen, moun p ap vle wè nou. Men se moun ki pèsevere jiska lafen an ki va sove.
14 Lè nou wè bagay ki tèrib la, sila a k ap detwi tout bagay la,[b] tabli nan plas ki pa fèt pou li a, nou menm k ap li, nou menm k ap li, se pou n byen pran sans sa n ap li a. Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo. 15 Moun ki sou tèt kay yo p ap bezwen desann pou antre pran afè yo anndan kay la. 16 Moun te nan jaden, li p ap bezwen tounen lakay ankò.
17 Nan jou sa yo, bagay la p ap dous ditou pou medam ki ansent yo oswa sa yo ki ti nouris. 18 Priye Bondye pou pete kouri sa a pa rive pandan livè. 19 Paske dezas ki gen pou rive nan jou sa a ap pi grav pase tout sa ki te rive deja depi Bondye te kreye lemonn. Epi p ap janm gen yon lòt tankou l. 20 Amplis, si Bondye pa t deside fè tan bagay sa yo vin pit kout, pa t ap gen yon moun ki t ap chape. Men li fè l kout poutèt moun li chwazi yo.
21 Lè sa a, si w tande yon moun di w: Men Kris la isit, oswa men Kris la laba. Pa okipe l.[c] 22 Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib. 23 Alò, fè atansyon. M di nou bagay sa yo, anvan menm yo rive.
Lè Jezi va retounen sou latè
(Mat 24:29-51; Lik 21:25-36; 19:12-13,40)
24 Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sa a,
Solèy la pral vin tou nwa,
lalin nan ap sispann klere.
25 Zetwal yo ap sot nan syèl la tonbe,
epi puisans nan syèl yo pral tranble.[d]
26 Lè sa a, tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè. 27 Epi Pitit Lòm nan va voye anj li yo nan kat kwen latè rasanble moun pa l yo kelkeswa kote yo.
28 Pran leson sou yon pye figye. Depi l kòmanse pouse boujon, epi l pouse fèy, nou konnen lete rive. 29 Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Pitit Lòm nan nan papòt la. 30 An verite m ap di nou: jenerasyon sa a p ap pase, bagay sa yo ap gen tan rive! 31 Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen p ap janm pase.
32 Pou sa ki konsènen jou a ak lè a, pèsonn pa konnen. Ni anj nan syèl la ni Pitit la pa konnen. Se Papa a sèl ki konnen. 33 Pran prekosyon, rete veyatif, paske ou pa konnen ki jou sa ap rive.
34 Se tankou yon moun ki pati pou yon vwayaj. Li kite kay li, epi li bay sèvitè l yo responsablite, chak moun gen zafè pa yo. Epi li bay gadyen an lòd poul veyatif. 35 Konsa, se pou nou toujou pare, paske nou pa konnen ki lè Mèt kay la ap tounen. Nou pa konnen si l ap retounen apremidi, aminui, avanjou, oubyen nan maten. 36 Si l vini sanzatann, pa kite l jwenn ou ap dòmi. 37 Sa m ap di nou la a, se sa m di tout moun: rete veyatif!”
Plan pou touye Jezi
(Mat 26:1-5; Lik 22:1-2; Jan 11:45-53)
14 De jou anvan fèt Pak la ak fèt Pen san ledven an, Chèf Jwif yo ak direktè Lalwa yo t ap chache yon fason avèk riz pou arete Jezi ankachèt epi touye l. 2 Paske yo t ap di: “Nou pa ka arete Jezi pandan fèt la. Pèp la ka leve kont nou.”
Yon dam fè lwanj pou Jezi
(Mat 26:6-13; Jan 12:1-8)
3 Lè Jezi te nan Betani, li t ap manje ansanm ak Simon. Simon sa a te gen maladi po yo te rele lèp. Pandan l t ap manje atab, yon fanm vini ak yon boutèy ki te fèt ak yon pyè presye yo rele albat, plen ak yon pafen byen chè ki fèt ak yon pwodui ki rele n a. Li ouvri boutèy la epi li vide pafen an sou tèt Jezi.
4 Kèk moun ki te la te fache anpil epi yo t ap di youn lòt, “Poukisa gaspiyaj sa a? 5 Paske nou ta ka vann pafen sa a pou plis pase 300 denye,[e] epi nou ta bay pòv lajan an.” Epi yo t ap blame fanm nan.
6 Men Jezi di yo: “Kite fanm nan a trankil. Poukisa n ap fatige l konsa? Se yon bon bagay li fè pou mwen. 7 N ap toujou gen pòv ak nou, nou ka ede yo nen pòt lè nou vle.[f] Men mwen menm mwen p ap avèk nou tout tan. 8 Fanm sa a fè sa l te kapab pou mwen. Li vide pafen sou kò m pou anbome l davans pou antèman m. 9 An verite m ap di nou, kèlkeswa kote Bòn Nouvèl la preche nan lemonn, yo gen pou yo pale de aksyon sa a, epi moun ap sonje dam nan.”
Jida dakò pou l ede lènmi Jezi yo
(Mat 26:14-16; Lik 22:3-6)
10 Jida Iskaryòt, youn nan douz disip yo, al kot chèf prèt yo pou li trayi Jezi. 11 Chèf prèt yo te kontan anpil, epi yo te pwomèt li yo t ap ba l lajan. Konsa Jida te kòmanse ap chache yon okazyon pou trayi Jezi.
Repa fèt Pak la
(Mat 26:17-25; Lik 22:7-14,21-23; Jan 13:21-30)
12 Nan premye jou fèt Pen san ledven an, lè yo te sakrifye ti mouton pou fèt Pak la, disip Jezi yo di l: “Ki kote ou ta vle nou al prepare pou ou repa fèt Pak la?”
13 Jezi voye de nan disip li yo, epi li di yo: “Al nan vil la, n ap rankontre yon nonm k ap pote yon krich dlo. Swiv li. 14 Kèlkeswa kote li antre a, di mèt kay la: Mèt la di Kote salamanje pou m manje repa fèt Pak la avèk disip mwen yo? 15 Mèt kay la ap montre nou you gwo chanm aletaj ki tou meble. Se la pou nou prepare manje a.”
16 Disip yo sòti, yo ale nan vil la. Yo jwenn tout bagay jan Jezi te di yo a. Se konsa yo prepare manje pou fèt Pak la.
17 Nan aswè, Jezi vini ak douz disip yo nan kay la. 18 Pandan y ap manje konsa, Jezi di: “An verite m ap di nou, gen youn nan nou ki pral trayi m, sila a k ap manje ak mwen an.”
19 Disip yo te vin tris, epi yo t ap di l, yonn apre lòt: “Sètènman se pa mwen menm.”
20 Jezi di yo: “Youn nan nou douz la, sila a k ap tranpe pen l nan bòl la avè m nan. 21 Pitit Lòm nan gen pou mouri jan sa te prevwa nan Bib la, men malè pou moun ki livre l bay la. Li t ap pi bon pou moun sa pou l pa t janm fèt.”
Repa Senyè a
(Mat 26:26-30; Lik 22:15-20; 1 Kor 11:23-25)
22 Pandan yo t ap manje, Jezi pran pen an, li di Bondye mèsi, li kase l, li bay disip yo, epi li di: “Pran, Sa a se kò mwen.”
23 Apre sa li pran yon vè diven, li di Bondye mèsi, epi li bay disip li yo. Epi yo tout bwè ladan l. 24 Jezi di yo: “Sa a se san mwen, san k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou siyen nouvo kontra Bondye fè ak anpil moun. 25 Sa m di a, se vre: Mwen p ap bwè diven ak nou ankò, jouk lè mwen va bwè nouvo diven an nan wayòm Bondye a.”
26 Apre yo chante kèk kantik, yo ale sou Mòn Olivye a.
Jezi anonse disip yo pral abandone l
(Mat 26:31-35; Lik 22:31-34; Jan 13:36-38)
27 Apre sa Jezi di disip yo: “Nou tout gen pou n kouri kite m, paske men sa ki ekri nan Bib la:
M ap touye bèje a
epi mouton yo ap gaye toupatou.[g]
28 Men apre m fin resisite, M pral tann nou nan Galile.”
29 Lè sa a Pyè di l: “Menmsi tout lòt moun yo kouri, mwen m p ap janm kouri kite.”
30 Alò Jezi di li: “Anverite, m ap di w sa, aswè a menm, anvan menm kòk chante de fwa, ou ap di ou pa konnen m pandan twa fwa.”
31 Men Pyè te ensiste pi plis toujou: “Menm si mwen ta dwe mouri pou w Mwen p ap janm di m pa konnen w.” Tout lòt disip yo t ap di menm bagay la tou.
Jezi ap priye poukont li
(Mat 26:36-46; Lik 22:39-46)
32 Jezi ak disip li yo ale yon kote yo rele Jetsemane. Li di disip li yo: “Rete isit la pandan m pral lapriyè.” 33 Li pran Pyè, Jak, Jan ak li. Li te kòmanse santi gwo tristès ak anpil kè sere. 34 Jezi di disip ki te avè l yo: “Kè m tèlman lou, mwen santi se mouri m ap mouri. Kenbe m konpay, pa kite dòmi pran nou.”
35 Jezi avanse pi devan, li lage kò l atè epi li priye. Li mande Bondye si li ta posib pou li pa ta pase nan moman soufrans sa a. 36 Li di: “Abba,[h] O Papa! Tout bagay posib pou ou. Retire gode[i] soufrans sa a devan m non. Men, pa fè volonte pa m, fè volonte pa w.”
37 Lè Jezi tounen bò kote disip li yo, li jwenn yo tout ap dòmi. Li di Pyè: “Simon, ou ap dòmi? Ou pa ka rete veye avè m pou inèdtan? 38 Fè je nou klè! Epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon! Lespri a byen dispoze, men lachè a fèb.”
39 Jezi deplase yon dezyèm fwa pou l te ka priye, li repete menm priyè a. 40 Lè l tounen bò kote yo ankò, li jwenn yo ap dòmi, paske je yo pa t ka rete ouvè. Disip yo pa t konnen kisa pou yo te di li.
41 Li retounen yon twazièm fwa epi li di yo: “N ap dòmi toujou? N ap repoze? Se twòp atò. Lè a rive, yo pral livre Piti lòm nan bay mechan yo. 42 Leve! Ann ale! Men moun k ap livre m nan rive.”
Yo arete Jezi
(Mat 26:47-56; Lik 22:47-53; Jan 18:3-12)
43 Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, direktè Lalwa yo ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe ak baton.
44 Jida, nonm ki te gen pou trayi Jezi a, te bay moun ki avè l yo yon sinyal. Li di yo: “Moun nou wè m bo a, se li menm. Nou mèt arete l, epi eskòte l mennen l ale.” 45 Konsa, kou Jida rive, l al sou Jezi epi l di: “Mèt mwen!” Epi Jida bo Jezi. 46 Moun ki te avèk Jida yo met men sou li, yo arete l. 47 Youn nan disip Jezi yo ki te kanpe tou pre, rale nepe l, li fè you kout nepe sou sèvitè gran chèf prèt la, li koupe zòrèy li.
48 Lè sa a, Jezi reponn yo: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? 49 Chak jou mwen te avèk nou, m t ap anseye nan tanp lan chak jou ap anseye, pouki nou pa t arete m? Antouka, sa pase konsa pou pawòl pwofèt yo te ka akonpli.” 50 Lè sa a, disip Jezi yo abandone l, yo kouri.
51 Te gen yon jenn gason ki t ap swiv li, li pa t gen anyen sou li, eksepte yon dra. Yo fè sa yo mete men sou li pou yo te arete l; 52 Jenn gason an kite dra a nan men yo, epi li chape poul li toutouni.
Jezi devan lidè relijye yo
(Mat 26:57-68; Lik 22:54-55,63-71; Jan 18:13-14,19-24)
53 Yo mennen Jezi devan gran chèf prèt la. Epi yo rasanble tout chèf prèt yo, lidè pèp Juif la ak pwofesè lalwa yo. 54 Pyè ki t ap swiv yo a yon distans te antre nan lakou granprèt la tou. Li rantre nan lakou a epi li chita nan mitan sèvitè yo, li t ap chofe dife.
55 Chèf prèt yo ak gran Konsèy Juif la t ap chache fo temwayaj pou yo met sou do Jezi pou yo ka jwenn yon rezon pou yo fè touye l, men yo pa t jwenn anyen. 56 Anpil moun te vin bay fo temwanyaj kont li, men tout temwanyaj yo te depaman youn ak lòt.
57 Se konsa kèk lòt moun kanpe pou kontinye bay plis manti toujou. Yo di: 58 “Nou tande nonm lan di M ap kraze tanp sa lèzòm fè a, epi nan twa jou m ap bati yon lòt tanp ki pa fèt ak men lòm.” 59 Men, menm sa moun sa yo t ap di te depaman tou.
60 Lè sa a, Granprèt la leve kanpe nan mitan mesye yo epi l mande Jezi: “Ki sa w di sou akizasyon sa yo? Èske sa yo di a se vre?” 61 Men Jezi rete an silans, li pa reponn anyen. Gran chèf prèt la mande l ankò: “Èske ou se Mesi a,[j] Pitit Bondye beni an?”
62 Jezi reponn li: “Oui, se sa menm. Nou gen pou n wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.”[k]
63 Lè sa a gran chèf prèt la chire rad li. Epi li di: “Ki temwanyaj nou bezwen anplis! 64 Nou tout tande jan li t ap ensite Bondye. Ki sa a n ap fè ak sa? Konsa, yo tout kondane l, yo di li merite lanmò.”
Yo tout kondane li pou li mouri. 65 Kèk moun kòmanse krache sou li. Yo kouvri figi l epi yo di l: “Pwofetize non, di nou ki moun ki te frape w?” Apre sa, gad tanp lan yo te ba l anpil kalòt.
Pyè di li pa konnen Jezi
(Mat 26:69-75; Lik 22:56-62; Jan 18:15-18,25-27)
66 Pandan Pyè te toujou nan lakou a, youn nan ti sèvant gran chèf prèt la vin parèt. 67 Lè li wè Pyè ki t ap chofe dife, li gade Pyè epi li di l: “Ou menm tou ou te avèk Jezi, nonm Nazarèt la.”
68 Men Pyè te nye sa jenn fi a di a, li di: “M pa ni konnen ni menm konprann sa ou ap di la.” Apre sa, Pyè fè yon vire, l al kanpe nan baryè a, se konsa yon kòk vin chante.[l]
69 Lè ti sèvant lan wè li, li ensiste devan moun ki te la yo, li di: “Nonm sa a se youn nan yo!” 70 Pyè nye sa ankò. Apre yon ti moman, moun ki te la yo di Pyè: “vle pa vle ou se youn nan yo, paske ou menm tou, ou sòti Galile.”
71 Pyè kòmanse fè sèman, li di: “M pa konn nonm sa a n ap pale a.”
72 La menm kòk la chante yon dezyèm fwa epi Pyè sonje pawòl Jezi te di li la: “Anvan kòk la chante de fwa, ou gen pou di ou pa konnen m twa fwa.” Lè Pyè pran sans sa k pase a, li tonbe kriye.
Copyright © 2017 by Bible League International