Chronological
Jezi se mèt jou saba a
(Mak 2:23-28; Lik 6:1-5)
12 Nan menm peryòd la, Jezi ak disip li yo t ap travèse yon jaden ble nan jou saba. Disip yo te grangou. Yo rape kèk grap ble, epi yo manje grenn ble yo. 2 Men lè Farizyen yo wè sa, yo di Jezi: “Atansyon! Apa disip ou yo ap fè bagay lalwa pa pèmèt nan jou saba a.”
3 Lè sa a Jezi di yo: “Èske nou pa li sa David te fè lè li menm ak mesye l yo te grangou? 4 Li te antre nan tanp Bondye a. Li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje ansanm ak mesye ki te avè l yo. Se sèlman sakrifikatè yo ki te gen dwa manje pen sa yo. 5 Èske nou pa janm li lalwa Moyiz la ki di chak jou saba prèt yo k ap fè sèvis nan tanp la vyole lalwa jou saba a? Poutan yo pa koupab. 6 Kite m di nou franchman, gen yon bagay la ki gen plis valè menm pase tanp la. 7 Bondye di nan Bib la: Mwen pito kè sansib pase bèt n ap ofri pou touye ban mwen yo.[a] Si nou byen konprann pawòl sa a, nou p ap kouri kondane moun ki inosan.
8 Pitit Lòm nan se chèf jou saba a.”
Jezi geri yon nonm yon jou saba
(Mak 3:1-6; Lik 6:6-11)
9 Apre sa Jezi antre nan youn nan sinagòg Juif yo. 10 Andedan sinagòg la te gen yon nonm ki te gen yon men pòk. Kèk moun ki t ap chache yon okazyon pou akize Jezi poze l yon kesyon: “Èske lalwa pèmèt moun fè gerizon nan jou saba a?”
11 Jezi reponn yo: “Kilès pami nou, si l gen yon mouton ki tonbe nan yon pi nan jou saba a, ki p ap rale l met deyò? 12 Mwen sèten yon moun gen plis valè pase yon mouton. Konsa, lalwa pèmèt moun fè sa ki byen nan jou saba a.”
13 Apre sa Jezi di nonm ki te gen men pòk la: “Lonje men w!” Nonm nan lonje men li, epi men pòk la te vini menm jan ak bon men an. 14 Apre sa, Farizyen yo leve y ale, epi yo t ap fè plan pou wè kijan ki pi fasil pou yo touye Jezi.
Jezi se moun Bondye chwazi a
15 Men Jezi te konnen ki plan Farizyen yo te gen pou li. Konsa li kite zòn nan ak yon foul moun ki t ap swiv li. Li geri tout malad ki te la. 16 Men Jezi pale avèk yo pou yo pa di ki moun Jezi ye. 17 Tout sa pase konsa pou konfime pwofesi pwofèt Ezayi a:
18 “Men sèvitè mwen an,
moun mwen chwazi a,
moun mwen renmen anpil la,
moun ki fè kè m kontan anpil la.
M ap ranpli l ak Sentespri m.
Se li k ap tabli jistis nan mitan pèp yo.
19 Li p ap nan fè diskisyon ni pale fò,
li p ap nan fè gwo bri ni gwo diskou nan lari.
20 Li p ap kraze menm yon pye zèb.
Li p ap etenn menm lanp ki prèske mouri.
L ap kenbe fèm jouktan lajistis gen viktwa.
21 Tout pèp sou latè ap mete espwa sou li.”[b]
Jezi geri yon nonm yon jou saba
(Mat 12:9-14; Lik 6:6-11)
3 Yon lòt fwa ankò, Jezi antre nan sinagòg la. Te gen yon nonm ki te gen yon men l paralize ki te la nan sinagòg la. 2 Kèk moun ki te la t ap veye Jezi byen pou wè si Jezi ta geri nonm nan jou saba a, pou yo ta jwenn yon bagay pou akize l. 3 Jezi di nonm ki te gen men paralize a: “Kanpe nan mitan pou tout moun ka wè w.”
4 Jezi mande moun yo: “Èske lalwa pèmèt nou fè bon bagay oubyen move bagay jou saba? Èske lalwa pèmèt sove lavi oubyen touye yon moun.” Yo pa reponn Jezi yon mo.
5 Lè sa a, Jezi gade yo ak yon kòlè melanje ak yon tristès, tèlman tèt yo te rèd. Jezi di nonm lan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri. 6 Apre sa, Farizyen yo pati al jwenn Ewodyen yo, pou yo fè plan pou wè kijan ki pi fasil pou yo touye Jezi.
Anpil moun ap swiv Jezi
7 Jezi ak disip li yo al bò lak Galile a, epi yon foul moun ki te sòti nan Galile ak nan Jide t ap swiv yo. 8 Te gen moun ki sòti nan Jerizalèm, nan Idime, lòt bò rivyè Jouden an ak nan zòn Tir ak Sidon ki t ap swiv li tou. Se te you gwo foul moun. Yo te vin wè Jezi paske yo te tande sa li t ap fè.
9 Alò Jezi di disip li yo pou yo pare yon ti bato pou li pou foul la pa ta antoure l twòp. 10 Kòm Jezi t ap fè anpil gerizon, tout moun ki te malad t ap pouse youn lòt pou yo ta kapab touche l. 11 Epi chak fwa yon move lespri wè Jezi, yo tonbe devan l epi yo tonbe rele byen fò: “Ou se Pitit Bondye a.” 12 Jezi pale avèk yo byen sevè pou yo pa di ki moun Jezi ye.
Jezi chwazi douz apot li yo
(Mat 10:1-4; Lik 6:12-16)
13 Apre sa, Jezi monte sou mòn lan, li rele moun li te vle epi yo te vin jwenn li. 14 Li chwazi douz, li rele yo apot.[a] Li chwazi yo pou yo te avèk li epi pou l te voye yo preche. 15 Jezi te chwazi yo tou pou yo te ka gen otorite pou chase demon. 16 Men non douz moun li rele apot yo.
Li bay Simon non Pyè,
17 Apre sa Jak ak Jan frè l, pitit Zebede yo li rele yo Bowanègès, ki vle di “Nonm ki mete l ankòlè kòm yon loray”,
18 Apre sa Andre,
Filip,
Batèlmi,
Matye,
Toma,
Jak pitit Alfe a,
Tade epi
Simon yo bay non Patryòt,
19 epi Jida Iskaryòt ki te trayi l la.
Puisans Jezi soti nan Bondye
(Mat 12:22-32; Lik 11:14-23; 12:10)
20 Apre sa, Jezi retounen lakay la, menm jan an ankò, you foul vin rasanble. Sa fè li menm ak disip yo pa t menm gen tan pou manje. 21 Lè fanmi Jezi yo te tande sa, yo te vin chache l, paske te gen moun ki t ap di Jezi pèdi tèt li.
22 Doktè lalwa yo ki te soti Jerizalèm t ap di: “Se Satan[b] ki nan tèt li. Se ak chèf demon an l ap chase demon.”
23 Jezi rele yo epi li pale ak yo an parabòl: “Ki jan Satan ka fè chase Satan? 24 Yon wayòm ki divize p ap rete kanpe. 25 Yon kay ki divize p ap kanpe non plis. 26 Si Satan ta leve kont pwòp tèt li, li divize, li pa ka kanpe, pouvwa l t ap fini.
27 Pèsòn pa ka antre nan kay yon nèg vanyan pou l vòlè afè l, si li pa mare l anvan. 28 An verite, m ap di nou sa byen, Bondye ap padone tout kalite peche, menm tout kalite move bagay mal yo di sou li. 29 Men kanta pou moun ki pale Sentespri a mal, peche sa a p ap jan jwenn padon.”
30 Jezi te di sa paske doktè Lalwa yo te akize l, lè yo di se yon move zespri ki te nan li.
Se disip Jezi ki vrè fanmi li
(Mat 12:46-50; Lik 8:19-21)
31 Pandan tan sa a, manman Jezi ak frè l yo te vin parèt. Yo rete deyò epi yo voye yon moun al rele l. 32 Yon foul moun te chita devan Jezi epi yo vin di l: “Men manman w, ak frè w yo ak sè[c] w yo deyò a ap chache w.”
33 Jezi reponn yo: “Ki moun ki manman m? Ki moun ki frè m ak sè m?” 34 Apre sa, Jezi gade moun ki te chita devan l yo epi li di: “Men moun ki manman m, frè m ak sè m. 35 Se moun ki fè volonte Bondye ki frè m, sè m ak manman m.”
Jezi se mèt jou saba a
(Mat 12:1-8; Mak 2:23-28)
6 Yon jou saba, Jezi t ap pase nan yon gwo jaden ble. Disip li yo keyi kèk grap ble, yo fwote ble a nan men yo, epi yo t ap manje grenn yo. 2 Lè sa a, kèk nan Farizyen yo di konsa: “Pouki sa n ap fè sa lalwa pa pèmèt nan jou saba a?”
3 Jezi reponn yo, li di yo: “Èske nou pa li sa David te fè lè li menm ak mesye l yo te grangou? 4 Li te antre nan tanp Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje epi li bay mesye ki te ak li yo tou, epi se prèt yo sèlman ki te gen dwa manje pen sa yo.” 5 Apre sa li di yo: “Pitit Lòm nan se chèf jou saba a.”
Jezi geri yon nonm yon jou saba
(Mat 12:9-14; Mak 3:1-6)
6 Yon lòt jou saba, Jezi te antre nan sinagòg la, li t ap anseye pèp la. Vwala te gen yon nonm ki te la ki te andikape nan men dwat li. 7 Skrib yo ansanm ak Farizyen yo t ap veye pou wè si Jezi t ap geri nonm nan pandan jou saba a, paske yo t ap chache jwenn yon koz pou yo akize l. 8 Men, Jezi ki te konnen sa k t ap pase nan tèt yo, li di nonm ki te andikape a: “Leve kanpe nan mitan la a.” Nonm nan leve, li kanpe. 9 Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon. Ki sa lalwa pèmèt moun fè nan jou saba a, byen osinon mal, sove lavi osinon detwi lavi?”
10 Apre sa, Jezi pwonmennen je li gade yo tout, epi li di nonm nan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri. 11 Men Skrib ak Farizyen ki te la yo te fache anpil. Yo t ap diskite antre yo menm sou kisa pou yo ta fè ak Jezi.
Jezi chwazi douz apot li yo
(Mat 10:1-4; Mak 3:13-19)
12 Kèk jou apre, Jezi te ale sou yon ti mòn pou l priye. Li te pase tout nuit la nèt ap priye Bondye. 13 Lè l te fè jou, li rele disip li yo. Li chwazi douz nan pami yo li te rele apot tou.
14 Simon, Jezi te rele l Pyè tou;
Andre, frè Simon an,
Jak,
Jan,
Filip,
Batèlmi.
15 Matye,
Toma,
Jak, pitit Alfe a,
Simon, sa yo te rele zelòt la.
16 Jid, pitit Jak la,
Jida Iskaryòt (sa k te trayi Jezi a).
Jezi anseye pèp la epi li geri anpil moun
(Mat 4:23-25; 5:1-12)
17 Apre sa, Jezi ansanm ak douz apot yo desann mòn nan. Li kanpe sou yon platon. Anpil disip li yo te la ansanm ak anpil anpil lòt moun ki soti nan tout rejyon Jide a, nan Jerizalèm, ak nan rejyon bò lanmè Tir ak Sidon, 18 Yo te vin pou tande li epi pou yo te jwenn gerizon pou maladi yo. Sa yo ki te gen move denmon ap twouble yo te jwenn gerizon tou. 19 Tout moun t ap chache mwayen pou yo manyen Jezi, paske te gen yon puisans ki t ap soti nan li. Jezi te geri yo tout.
20 Apre sa, Jezi leve je l li gade disip li yo epi li di:
“Anpil benediksyon pou nou menm ki pòv,
paske Wayòm Bondye a se pou nou li ye.
21 Anpil benediksyon pou nou menm ki grangou kounye a,
paske vant nou pral plen.
Benediksyon pou nou menm k ap kriye kounye a,
paske kè nou pral kontan.
22 Anpil benediksyon pou nou lè moun rayi nou, lè yo meprize nou, lè yo joure nou, lè yo twouve li pa bon pou yo ta menm site non nou, poutèt mwen menm, Pitit Lòm nan. 23 Se pou nou rejwi lè sa rive. Se pou nou danse menm tèlman nou kontan paske rekonpans nou gran nan syèl la. Zansèt moun sa yo te fè pwofèt yo menm bagay yo tou.
24 Men, malè pou nou, nou menm moun rich yo,
paske nou gen tan jwenn lavi fasil nou isit.
25 Malè pou nou menm k ap manje byen kounye a,
paske n ap gen pou n grangou.
Malè pou nou menm k ap ri kounye a,
paske nou pral nan lapenn, nou pral kriye.
26 Malè pou ou lè tout moun di bon bagay de ou, paske zansèt moun sa yo te fè menm bagay la pou fo pwofèt yo.”
Renmen lènmi ou
(Mat 5:38-48; 7:12a)
27 “Men sa m ap di nou, nou menm k ap koute m: Renmen lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou. 28 Mande Bondye pou l beni moun ki mande pou move bagay rive nou. Priye pou moun ki maltrete nou. 29 Si yon moun frape w nan yon bò machwè w, vire lòt bò a ba li tou. Si yon moun pran vès w, kite l pran chemiz la tou. 30 Nenpòt moun ki mande w, ba li. Nenpòt moun ki pran afè w, pa mande l remèt ou yo. 31 Sa ou ta renmen lòt moun fè pou ou, fè menm bagay pou yo.
32 Si ou renmen moun ki renmen w sèlman, èske ou panse Bondye dwe rekonpanse w pou sa? Non, paske menm moun k ap viv nan peche yo renmen moun ki renmen yo. 33 Menm jan an tou, si ou fè byen pou moun ki fè byen pou ou, ki merit ou genyen pou sa? Menm moun k ap viv nan peche yo fè menm bagay la tou. 34 Si nou prete moun nou konnen ki ka renmèt nou, èske n panse Bondye ta dwe rekonpanse nou pou sa? Menm moun k ap viv nan peche yo prete moun k ap viv nan peche parèy yo pou yo renmèt yo menm kantite a.
35 Men, se pou nou renmen lènmi nou yo, epi fè byen pou yo. Prete moun san nou pa met espwa y ap renmèt nou sa nou prete yo a. Konsa, rekonpans nou va gran. N a pitit Bondye ki pi wo nan syèl la. Paske li menm li bon anvè ni moun ki san rekonesans yo, ni mechan yo. 36 Se pou nou gen kè sansib, menm jan Bondye Papa nou gen kè sansib.
Piga youn kritike lòt
(Mat 7:1-5)
37 Pa jije moun si ou pa vle Bondye jije w tou. Pa kondane moun, konsa Bondye p ap kondane w non plis. Padone moun, konsa Bondye a padone w tou. 38 Se pou nou bay, konsa Bondye ap ban nou tou. N a resevwa anpil. Dyakout nou ap tèlman byen ranpli, l ap fè tiyon, epi l ap ranvèse. Paske jan ou trete lòt moun se konsa Bondye ap trete w tou.”
39 Apre sa, li rakonte yo yon parabòl. Èske yon avèg kapab mennen yon lòt avèg? Si yon moun avèg ap mennen yon lòt avèg, yo pa lwen tonbe nan yon menm twou. 40 Yon elèv pa pi fò pase mèt li. Men yon elèv ki fin resevwa tout fòmasyon li, l ap fò menm jan ak mèt li.
41 Pouki sa ou wè ti pay ki nan je frè w la, epi ou pa wè bout bwa ki nan pwòp je pa w la? 42 Ki jan ou fè ka di frè ou: “Frè m, kite m retire ti pay ki nan je w la.” Alòske ou pa wè bout bwa ki nan je pa w la? Ipokrit. Se bout bwa ki nan je w la pou ou retire anvan. Apre sa ou ap wè klè pou retire ti pay ki nan je frè w la.
Aksyon w montre kilès ou ye
(Mat 7:17-20; 12:34b-35)
43 Yon bon pyebwa pa janm donnen move fwi, ni yon move pyebwa pa donnen bon fwi. 44 Yo rekonèt kalite yon pyebwa pa mwayen fwi li donnen. Paske yo pa janm keyi fig sou pye pikan. Ni yo pa janm ranmase keyi rezen sou touf pikan. 45 Bon moun gen bon bagay sere nan kè yo. Se sa k fè yo di bon bagay. Men moun ki mechan, se mechanste ki ranpli kè yo. Se sa k fè se move bagay yo di. Sa yon moun di ak bouch li se nan kè l li soti.
De kalite moun
(Mat 7:24-27)
46 Pou kisa n ap rele m Senyè, Senyè tandiske nou pa fè sa mwen di? 47 Moun ki vin jwenn mwen, ki tande pawòl mwen epi ki mete l an pratik, mwen pral montre nou ak kilès yo sanble. 48 Yo tankou yon moun k ap bati yon kay. Li fouye byen fon epi li chouke fondasyon kay la sou wòch. Lapli tonbe anpil epi gwo dlo frape kay la pou ta pote l ale. Men kay la pa brannen, paske li te byen bati.
49 Men moun ki tande pawòl la ki pa mete l an pratik, li tankou yon moun ki bati yon kay atè san fondasyon pou kenbe l. Lè gwo dlo frape kay la, lapoula kay la tonbe, li kraze nèt.
Copyright © 2017 by Bible League International