Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 89 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Abakouk 2:1-4' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Abakouk 2:9-20' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jak 2:14-26

Lafwa ak bòn zèv

14 Frè ak sè m yo, si yon moun di li gen lafwa men li pa fè zèv, lafwa sa a pa vo anyen. Yon kalite lafwa kon sa pa kapab sove pèsòn. 15 Ann sipoze yon frè oubyen yon sè ki vin kote w pa gen rad pou l mete oubyen manje pou l manje. 16 Epi ou di l konsa, “Bondye avè w! Mwen swete ou jwenn rad pou ou mete ak anpil manje pou ou manje,” men ou pa ba li bagay sa yo li bezwen. Si ou pa ede l, pawòl ou yo pa vo anyen. 17 Se menm bagay ak lafwa. Si se sèlman lafwa epi pa gen anyen ankò, li pa fè anyen, se yon lafwa ki mouri.

18 Men gen moun k ap bay agiman yo, “Gen moun ki gen lafwa, epi lòt yo gen bòn zèv.” Repons mwen se ta pou m di yo, ou pa kapab montre m lafwa san ou pa fè anyen. Men mwen menm m ap montre w lafwa pa mwayen bòn zèv mwen fè. 19 Ou kwè gen yon sèl Bondye. Se byen, men menm demon yo kwè sa tou! Epi yo pran tranble ak laperèz.

20 Sanble ou pa byen nan tèt! Yon lafwa ki pa fè anyen pa vo anyen. Èske w vle m pwouve sa? 21 Papa nou Abraram te vin konsidere kòm moun dwat devan Bondye poutèt sa l te fè. Li te bay Bondye pitit li Izaak sou yo lotèl. 22 Konsa, ou wè lafwa Abraram ak sa l di travay ansanm. Lafwa li te bon nèt poutèt sa l te fè. 23 Sa montre vrèman sa Bib la di a, “Abraram te konfye l nan Bondye, epi poutèt li te kwè, Bondye te aksepte l pou moun ki fè sa ki dwat devan l.”(A) Yo te rele Abraram “Zanmi Bondye”.(B) 24 Konsa ou wè yon moun vin moun dwat devan Bondye poutèt sa li fè. Li pa vin yon moun dwat poutèt lafwa l sèlman.

25 Yon lòt egzanp se Raab. Se yon pwostitye l te ye, men li te vin tounen yon moun dwat devan Bondye poutèt yon bagay li te fè. Li te ede moun ki t ap espyone pou pèp Bondye a. Li te resevwa yo lakay li epi li te ede yo chape pa yon lòt chemen.[a]

26 Yon kò moun ki pa gen souf ladan, se yon mò. Se menm bagay la pou lafwa. Yon lafwa ki pa fè anyen se yon lafwa ki mouri!

Lik 16:19-31

Nonm rich la ansanm ak pòv Laza

19 Jezi di ankò: “Vwala se te yon nonm rich ki te toujou renmen abiye chè. Rad li te fèt ak bèl twal wouj ki koute chè ansanm ak len. Chak jou se te gwo fèt lakay li, epi se bon manje sèlman yo t ap manje. 20 Te genyen tou yon mandyan yo te rele Laza ki te toujou kouche bò papòt nonm rich la. Tout kò Laza te kouvri ak maleng. 21 Laza t ap byen renmen manje ti moso ki t ap tonbe soti sou tab nonm rich la. Menm chyen te konn ap vin niche maleng yo sou kò Laza.

22 Se kon sa Laza vin mouri. Zanj Bondye yo pote l al met chita nan plas donè bò kote Abraram,[a] pou l manje ak li. Nonm rich la mouri tou, epi yo antere li. 23 Pandan nonm rich la te kote mò[b] yo ye a, nan mitan soufrans li, li voye je li, li wè Abraram byen lwen ansanm ak Laza chita nan plas donè bò kote l, nan yon fèt. 24 Lè sa a, li rele byen fò, li di: Papa Abraram, gen pitye pou mwen. Tanpri, voye Laza vin tranpe pwent dwèt li nan yon ti dlo pou l mete sou lang mwen, paske se pa ti soufri m ap soufri nan flanm dife sa a!

25 Men Abraram reponn li: Monchè, sonje ou te gentan resevwa tout bon bagay yo lè w te sou latè; epi Laza menm te nan pwoblèm ak soufrans. Kounye a li jwenn konsolasyon bò isit la, men ou menm ou ap soufri. 26 Fòk mwen di w tou, gen yon gwo twou san fon ki separe nou ansanm ak ou. Sa fè, pa gen mwayen menm pou yon moun ta sot isit la al jwenn ou lòtbò a, ni pou yon moun ta sot kote ou ye a pou vin jwenn nou bò isit la.

27 Lè sa a, nonm rich la di: Enben, si se pou sa, tanpri papa Abraram, voye Laza kay papa m sou latè. 28 Paske mwen gen senk (5) frè, pou l ka avèti yo pou yo pa vin isit la kote m ap soufri kon sa a.

29 Men, Abraram di li: Yo gen lalwa Moyiz la ansanm ak sa pwofèt yo te ekri yo nan men yo, se pou yo aprann ladan yo.

30 Nonm rich la reponn: Non! Papa Abraram, yo p ap koute! Men, si youn nan mò yo al kote yo, y ap chanje lavi yo.

31 Men Abraram reponn: Si frè w yo p ap obeyi ni lalwa Moyiz la ni ekri pwofèt yo, yo p ap tande nonplis menmsi yon moun mouri ta leve vin pale ak yo.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International