Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 119:145-176

145 ¶ M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Seyè, pou m' ka toujou fè sa ou vle m' fè.

146 M'ap rele ou, sove m' non, pou m' ka mache dapre prensip ou yo!

147 ¶ Solèy poko leve, m'ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye.

148 Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m' kalkile pawòl ou yo.

149 ¶ Seyè, koute sa m'ap di ou, paske ou gen bon kè. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.

150 ¶ Moun ki soti pou touye m' yo pwoche bò kote m'. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan.

151 Men, ou toupre m', Seyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre.

152 ¶ Gen lontan depi mwen konnen prensip ou yo. Yo la pou tout tan.

153 ¶ Gade nan ki mizè mwen ye. Delivre m' non, paske mwen pa janm bliye lalwa ou!

154 Defann kòz mwen, delivre m'. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.

155 ¶ Mechan yo p'ap janm sove, paske yo p'ap chache konnen sa ou vle yo fè.

156 ¶ Seyè, ou pa manke gen kè sansib! Ban m' lavi ankò, jan ou te deside l' la.

157 ¶ Mwen gen anpil moun ki pa vle wè m'. Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote.

158 ¶ Lè m'ap gade bann trèt sa yo, sa ban m' degoutans, paske se pa moun k'ap obeyi pawòl ou.

159 ¶ Gade jan m' renmen lòd ou yo, Seyè! Ban m' lavi ankò, paske ou renmen m'.

160 ¶ Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.

161 ¶ Yon bann chèf ap pèsekite m' san rezon, men se pou pawòl ou yo mwen gen krentif.

162 ¶ Pawòl ou fè kè m' kontan. Se tankou si m' te jwenn yon gwo richès.

163 ¶ Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa. Mwen renmen lalwa ou la anpil.

164 ¶ Sèt fwa chak jou m'ap di ou mèsi pou jijman ou yo ki san patipri.

165 ¶ Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite.

166 ¶ M'ap tann ou vin delivre m', Seyè. M'ap fè tou sa ou kòmande m' fè.

167 ¶ M'ap mache dapre prensip ou yo, se pa ti renmen mwen renmen yo.

168 M'ap swiv lòd ou yo, m'ap fè tou sa ou vle m' fè, paske ou konnen tout vire tounen m'.

169 ¶ Se pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Seyè. Jan ou te pwomèt la, ban m' bon konprann.

170 Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Jan ou te pwomèt la, delivre m'.

171 ¶ Se pou m' louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou, paske se ou ki moutre m' sa ou vle m' fè.

172 ¶ Se pou m' chante pou m' fè konnen pawòl ou yo, paske tout kòmandman ou yo dwat.

173 ¶ Se pou ou vin ede m' ak fòs ponyèt ou, paske mwen pran desizyon pou m' swiv lòd ou yo!

174 Ou wè jan m'ap tann ou vin sove m'! Mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa ou.

175 ¶ Ban m' lavi pou m' fè lwanj ou, pou ou ka vin ede m', jan ou te deside l' la.

176 ¶ Mwen tankou yon mouton ki pèdi bann li. Tanpri, vin chache m', paske mwen pa janm bliye kòmandman ou yo.

Sòm 128-130

128 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Seyè a, ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan!

Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen.

Madanm ou ap tankou yon pye rezen k'ap donnen anndan kay ou. Pitit gason ou yo ap tankou jenn ti plant oliv tout arebò tab ou.

Se konsa Seyè a ap beni moun ki gen krentif pou li!

Se pou Seyè a rete sou mòn Siyon an pou l' beni ou! Mwen mande l' pou l' fè ou wè lavil Jerizalèm rete kanpe jouk jou ou mouri.

Mwen mande l' pou l' fè ou wè pitit pitit ou yo! Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la!

129 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn.

Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pa t' janm rive mete pye sou kou nou.

Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k'ap bat tè pou plante.

Men, Seyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou.

¶ Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak.

Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen.

Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm, moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li.

Moun k'ap pase bò la yo p'ap di: -Se pou Seyè a beni nou! N'ap beni ou nan non Seyè a!

130 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou.

Seyè, koute m' non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.

Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?

Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou.

¶ Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di.

N'ap tann Seyè a, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve!

Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre.

Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo.

Jij 18:16-31

16 Sisan moun fanmi Dann yo te kanpe ak tout zam yo nan men yo bò pòt devan an.

17 Senk mesye yo te voye al vizite peyi a antre nan kay la, yo pran estati a, zidòl wogatwa yo ak estati an bwa ki kouvri ak ajan an. Prèt la menm te rete bò pòt devan an ak sisan sòlda ame yo.

18 Lè prèt la wè senk mesye yo ki t'ap soti lakay Mika a ak estati a, zidòl wogatwa yo ak estati an bwa kouvri ak ajan an, li di yo: -Sa n'ap fè la a?

19 Yo reponn li: -Pe bouch ou, monchè! Ou pa bezwen di anyen! Vin avèk nou, w'a sèvi nou konseye, w'a prèt nou tou. Sa ou pi pito: prèt fanmi yon grenn moun osinon prèt tout yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la?

20 Sa te fè kè prèt la kontan. Li pran zidòl la, estati an bwa a, ak lòt zidòl wogatwa yo, epi l' ale ansanm ak yo.

21 Mesye yo reprann chemen yo, y' al fè wout yo. Yo fè timoun yo pran devan ansanm ak bèt yo ak tout lòt bagay yo.

22 Yo te deja kite kay Mika a yon bèl ti bout, lè moun nan vwazinaj kay Mika yo sanble. Yo tanmen rapouswiv moun Dann yo.

23 Yo t'ap rele dèyè yo. Moun Dann yo vire, yo mande Mika: -Sa ki genyen? Pouki tout moun sa yo dèyè nou an?

24 Mika reponn yo: -N'ap mande m' sa ki genyen menm? Nou fin vòlò estati zidòl yo, ansanm ak prèt mwen an epi n' al fè wout nou. Ak kisa nou kite m' la a?

25 Moun Dann yo di l' konsa: -Pa pale fò sou nou konsa, tande. Mesye yo va fache. Y'a tonbe sou ou. Lè sa a, ni ou ni moun lakay ou yo, n'a pèdi lavi nou.

26 Aprè sa, moun Dann yo al fè wout yo. Mika menm, lè li wè mesye yo te pi fò pase l', li tounen tounen l', l' al lakay li.

27 ¶ Moun Dann yo te pran bagay Mika te fè yo ansanm ak prèt ki t'ap sèvi li a pou yo. Yo rive lavil layis, kote moun yo t'ap viv byen yonn ak lòt san bri san kont, yo atake lavil la. Yo bat moun yo, yo touye yo tout epi yo met dife nan lavil la.

28 Pa t' gen pesonn pou vin sove moun sa yo anba men moun Dann yo, paske lavil la te lwen peyi Sidon an anpil, lèfini tou, moun yo pa t' mele ak pesonn moun lòt nasyon yo. Lavil la te nan menm fon ak lavil Bètreyòb la. Moun Dann yo rebati lavil la, yo rete ladan l'.

29 Yo rele l' lavil Dann, menm non ak Dann, zansèt yo a, pitit gason Jakòb la. Anvan sa, lavil la te rele Layis.

30 Moun Dann yo fè yon zidòl pou yo sèvi. Se Jonatan, pitit gason Gèchon ki li menm te pitit Moyiz, ki te sèvi yo prèt. Se pitit li yo ki te toujou sèvi yo prèt apre sa jouk lè yo te depòte pèp la nan peyi etranje.

31 Zidòl Mika a te rete la nan mitan yo pandan tout tan kay Bondye a te lavil Silo.

Travay 8:14-25

14 ¶ Apòt yo menm ki te lavil Jerizalèm, lè yo tande moun Samari te asepte pawòl Bondye a, yo voye Pyè ak Jan bò kote yo.

15 Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo lapriyè pou moun ki kwè yo pou yo te kapab resevwa Sentespri,

16 paske Sentespri a pa t' ankò desann sou okenn nan yo. Yo te resevwa batèm nan non Seyè Jezi a sèlman.

17 Lè sa a, Pyè ak Jan mete men sou tèt yo, yo resevwa Sentespri.

18 Simon te wè jan moun yo te resevwa Sentespri lè apòt yo mete men sou tèt yo. Li ofri Pye ak Jan lajan.

19 Li di yo: Ban m' pouvwa sa a tou, pou lè m' mete men m' sou tèt yon moun li ka resevwa Sentespri a tou.

20 Men, Pyè di li: Al mouri ansanm ak tout lajan ou lan! Sa Bondye fè kado, ou kwè moun ka achte sa ak lajan?

21 Nan travay sa a, pa gen anyen pou ou; ou pa gen dwa ladan l' paske kè ou pa dwat devan Bondye.

22 Wete move lide sa a nan tèt ou, lapriyè Bondye pou ou wè si la padonnen ou dèske ou te fè lide sa a.

23 Paske mwen wè kè ou anmè kou fyèl, peche fin mare nanm ou.

24 Lè sa a, Simon di Pyè ak Jan konsa: Tanpri souple, lapriyè Bondye pou mwen, pou anyen nan sa nou di a pa rive mwen.

25 Lè Pyè ak Jan fin rann temwayaj sa a, lè yo fin bay mesaj Bondye a, yo tounen lavil Jerizalèm. Sou tout wout la, yo t'ap bay bon nouvèl la nan anpil bouk peyi Samari.

Jan 6:1-15

¶ Apre sa, Jezi janbe lòt bò lanmè Galile a. Yo rele lanmè sa a lanmè Tiberyad tou.

Yon gwo foul moun t'ap swiv li, paske yo te wè mirak li t'ap fè, jan li t'ap geri anpil moun malad tou.

Jezi moute sou yon ti mòn, li chita la ansanm ak disip li yo.

Jou fèt Delivrans jwif yo te vanse rive.

Jezi gade, li wè yon gwo foul moun ki t'ap vin jwenn li. Li rele Filip, li di l' konsa: Ki bò nou ta ka jwenn manje pou n' achte pou n' bay moun sa yo manje?

(Li t'ap di sa pou l' te wè sa Filip tapral reponn li; li menm li te byen konnen sa l' tapral fè.)

Filip reponn li: Menm si nou ta gen desan (200) goud pou achte pen, pa ta gen ase pou chak moun ta jwenn ti kal.

Yon lòt nan disip yo, Andre, frè Simon Pyè a, di li:

Gen yon ti gason la a ki gen senk pen fèt ak farenn lòj, ak de ti pwason. Men, sa pa anyen pou tout kantite moun sa yo.

10 Lè sa a, Jezi di yo: Fè moun yo chita. (Te gen anpil zèb bò la.) Moun yo chita, te gen senkmil (5.000) gason konsa.

11 Jezi pran pen yo; lè li fin di Bondye mèsi pou yo, li bay tout moun ki te chita yo. Li fè menm jan an tou ak pwason yo. Yo tout te jwenn kantite yo te vle.

12 Lè tout fin manje vant plen, Jezi di disip li yo: Ranmase tout ti moso ki rete yo. Pa kite anyen gaspiye.

13 Yo ranmase tout moso ki te rete nan senk pen moun yo te manje yo. Yo plen douz panyen pote ale.

14 Lè moun yo wè mirak Jezi te fè a, yo di konsa: Se vre wi, nonm sa a se pwofèt ki te gen pou vini sou latè a.

15 ¶ Jezi te vin konnen yo tapral pran l' pa fòs pou yo fè l' wa. Li wete kò l' ankò sou ti mòn lan, men fwa sa a pou kont li.