Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 70-71

70 ¶ (70:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. (70:2) Delivre m' non, Bondye! Prese vin pote m' sekou, Seyè!

(70:3) Moun k'ap chache touye m' yo, se pou yo wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont.

(70:4) Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo sitèlman yo wont.

(70:5) Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: Bondye gen gwo pouvwa!

(70:6) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm, prese vin delivre m'! Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Prese non, Seyè!

71 ¶ Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen! Pa janm kite m' wont!

Ou se yon jij ki pa nan patipri. Tanpri, sove m' non, delivre mwen. Panche zòrèy ou bò kote m'. Pote m' sekou!

Se ou menm ki twou wòch kote pou m' kache. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa ki pou sove mwen. Se ou menm k'ap pwoteje mwen. Se ou menm k'ap pran defans mwen.

Bondye mwen, wete m' anba men mechan yo, anba ponyèt moun k'ap bay manti yo ak moun k'ap fè mechanste yo.

Seyè, se ou menm ki tout espwa mwen. Mwen mete konfyans mwen nan ou depi lè m' te jenn gason.

Se sou ou mwen konte depi m' fèt. Se ou ki fè m' soti nan vant manman m'. Se tout tan m'ap fè lwanj ou.

Lavi m' se yon mistè pou anpil moun. Men, se ou menm k'ap pwoteje m' ak tout fòs ou.

Tout lajounen lwanj ou nan bouch mwen. M'ap fè konnen jan ou gen pouvwa.

Koulye a mwen fin granmoun, tanpri pa voye m' jete. Koulye a mwen fin pèdi fòs, pa lage m'.

10 Lènmi m' yo ap pale m' mal. Yo mete tèt yo ansanm, yo dèyè pou yo touye m'.

11 Y'ap plede di: -Bondye lage l'. Kouri dèyè l', kenbe l', paske pa gen moun pou delivre l'.

12 Bondye, pa rete lwen mwen. Bondye mwen, prese vin pote m' sekou.

13 Se pou moun k'ap atake m' yo wont, se pou yo disparèt. Wi, se pou yo wont, se pou moun pase yo nan rizib, moun sa yo ki te vle wè malè rive mwen.

14 ¶ M'ap toujou mete espwa mwen sou ou. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan.

15 M'ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p'ap janm fin konprann.

16 Seyè, Bondye, m'a rakonte bagay ou fè avèk pouvwa ou. M'a fè chonje jan ou fè lèzòm gras. Se ou menm sèlman ki ka fè bagay konsa.

17 Bondye, depi lè m' te jenn gason w'ap aprann mwen anpil bagay. Jouk koulye a m'ap rakonte bèl bagay ou fè yo.

18 Koulye a mwen fin vye granmoun, tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m'. Kanpe la avè m' pou m' ka fè moun k'ap viv koulye a konnen jan ou gen fòs, pou m' ka fè tout moun ki gen pou vin apre yo konnen jan ou vanyan,

19 jan jistis ou rive jouk nan syèl la. Bondye, ou fè bèl bagay. Pa gen tankou ou!

20 Ou voye traka ak soufrans ban nou. Men se ou k'ap ban nou lavi ankò. W'ap rale nou soti nan bouch twou a.

21 W'ap fè m' pi grannèg pase jan m' te ye a. W'ap konsole m' ankò.

22 Se vre wi, m'a fè lwanj ou avèk kout gita. M'a fè lwanj ou, Bondye mwen, paske w'ap toujou kenbe pawòl ou. M'a chante, m'a jwe mizik sou gita mwen pou Bondye pèp Izrayèl la.

23 M'a chante pou ou. M'a rele sitèlman mwen kontan. M'a chante ak tout kè m' paske ou te delivre m'.

24 Tout lajounen m'a fè konnen jan ou pa nan patipri, paske moun ki te vle wè malè rive m' yo gen pou yo wont. Yo p'ap konn sa pou yo fè.

Sòm 74

74 ¶ Se yon chante Asaf. Bondye, poukisa ou lage nou nèt konsa? Poukisa ou an kolè konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo?

Pa bliye pèp ou te chwazi depi nan tan lontan an, pèp ou te achte pou ou te fè yo tounen moun pa ou! Pa bliye mòn Siyon kote ou te chwazi pou rete a!

vin wè sa ki rete apre ravaj la! Lènmi nou yo fin kraze dènye bagay nan kay ki apa pou ou a.

Moun ki pa vle wè ou yo, yo kanpe nan mitan kote pèp ou konn reyini an, y'ap rele byen fò. Yo wete tou sa ki nan tanp lan, yo mete drapo pa yo.

Yo tankou moun k'ap voye kout rach pou koupe pyebwa nan yon gwo rak.

Yo kraze bout bèl panno bwa byen travay ki te nan tanp lan, anba kout rach ak kout mato.

Yo mete dife nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte kote yo fè sèvis pou ou a, yo kraze l' vide atè.

Nan kè yo yo te di: Ann kraze yo tout yon sèl kou! Yo boule tout kote ki te apa pou Bondye nan peyi a!

Tout bèl bagay ki te nan tanp lan disparèt. Pa gen pwofèt ankò. Pesonn pa konnen kilè sa va chanje.

10 Bondye, kilè moun k'ap pile nou anba pye yo va sispann joure? Gen lè lènmi yo p'ap janm gen respè pou non ou?

11 Poukisa ou derefize ede nou? Poukisa ou rete kanpe ap gade, de bra ou kwaze?

12 ¶ Men, Bondye, se ou ki wa nou depi nan tan lontan. Ou fè nou genyen anpil batay sou latè.

13 Se avèk pouvwa ou ou te fann lanmè a. Se avè l' ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo.

14 Se ou ki kraze tèt levyatan an, lèfini, ou fè bèt k'ap viv nan dezè a manje l'.

15 Ou te fè sous dlo pete, ou fè larivyè koule. Ou fe gwo larivyè rete konsa yo chèch.

16 Ou fè lajounen, ou fè lannwit. Se ou ki mete lalin lan ak solèy la nan plas yo.

17 Se ou ki fikse limit tè a. Se ou ki fè sezon chalè ak sezon fredi.

18 ¶ Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap pase ou nan rizib. Se yon bann moun san konprann ki pa gen respè pou non ou!

19 Pa lage pèp ou nan men lènmi l' yo tankou toutrèl devan malfini. Pa bliye moun pa ou yo ki nan mizè nèt.

20 Chonje kontra ou te siyen avèk yo a! Paske, nan tout ti kwen peyi a, nan tout mòn yo se ansasen.

21 Pa kite moun y'ap peze yo wont! Fè pou pòv malere yo ka fè lwanj ou.

22 Leve non, Bondye! Defann kòz ou! Pa bliye jan moun fou sa yo ap joure ou tout lajounen!

23 Pa bliye jan lènmi ou yo ap rele byen fò! Pa bliye jan moun ki pa vle wè ou yo ap fè eskandal san rete.

Jij 4:4-23

¶ Debora, madanm yon nonm yo te rele Lapidòt, te pwofèt Bondye. Nan tan sa a, se li ki te konn rann jijman sou tout bagay nan peyi Izrayèl la.

Nan mòn peyi Efrayim yo, ant lavil Rama ak lavil Betèl, te gen yon pye palmis yo te rele Palmis Debora. Se la anba pye palmis sa a li te konn chita, lèfini moun nan pèp la te konn vin kote l' pou l' te regle tout bagay pou yo.

Li voye chache Barak, pitit gason Abinoram, moun lavil Kadès nan peyi moun Neftali yo. Li di l' konsa: -Men lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Ale! Mennen sòlda ou yo sou mòn Tabò. Nan branch fanmi Neftali a ak nan branch fanmi Zabilon an, pran dimil (10.000) gason avè ou.

M'a pral fè Sisera, kòmandan an chèf lame wa Jaben an, vin goumen avè ou bò larivyè Kichon an. L'ap vini avèk cha lagè l' yo ansanm ak tout sòlda li yo. Men, m'ap lagè l' nan men ou.

Barak di Debora: -Si ou prale avè m', m'a prale. Men si ou pa prale avè m', mwen pa prale.

Debora reponn: -Bon. Dakò! M' prale avè ou. Men, yo p'ap janm di se ou ki te bat Sisera, paske se yon fanm Seyè a ap fè touye l'. Epi Debora leve, l' ale lavil Kadès ansanm ak Barak.

10 ¶ Barak rele moun nan branch fanmi Zabilon yo ak moun nan branch fanmi Neftali yo vin Kadès. Se konsa dimil (10.000) gason ale avè l'. Debora ale avè l' tou.

11 Lè sa a te gen yon nonm nan fanmi Kayen an yo te rele Ebè ki te moute kay li toupre lavil Kadès, bò pye chenn nan fon Zaranayim lan. Li te wete kò l' nan mitan lòt moun fanmi Kayen yo, desandan Obab, bòpè Moyiz la.

12 Y' al di Sisera men Barak, pitit gason Abinoram lan, te pran chemen moute mòn Tabò.

13 Sisera fè chache nèfsan (900) cha lagè an fè l' yo ak tout sòlda li yo, li fè yo kite Awochèt-Goyim desann ravin Kichon.

14 Debora di Barak konsa: -Annou wè! Jòdi a, se jou Seyè a pral lage Sisera nan men ou. Se Seyè a k'ap mache devan ou. Se konsa, Barak desann soti sou mòn Tabò a avèk dimil (10.000) sòlda dèyè l'.

15 Lè Barak parèt avèk lame l' la, Seyè a lage yon sèl kè kase sou Sisera ak tout moun sou cha lagè l' yo ansanm ak tout lame l' la. Sisera desann sot sou cha li a, li met deyò, li di pye sa m' manje m' pa ba ou!

16 Barak menm pran kouri dèyè cha yo ak lame a jouk Awochèt-Goyim. Yo touye tout sòlda Sisera yo nèt. Yo pa kite yonn chape.

17 ¶ Sisera kouri sou de pye l' bò tant Jayèl, madanm Ebè, moun branch fanmi Kayen yo, paske Jaben, wa Azò a, ak moun fanmi Ebè yo te byen yonn ak lòt.

18 Jayèl soti al kontre Sisera, epi li di l' konsa: -Vini non, chèf mwen! Vin kache lakay mwen non! Ou pa bezwen pè anyen. Se konsa Sisera antre lakay Jayèl ki kache msye anba yon gwo dra.

19 Sisera di l' konsa: -Tanpri, ban m' ti gout dlo. Swaf ap touye m'! Jayèl louvri yon veso lèt fèt an po, li ba l' ti gout lèt bwè, epi li kache l' anba gwo dra a ankò.

20 Sisera di l' ankò: -Rete kanpe devan papòt tant lan. Nenpòt moun ki ta vin mande ou si gen yon moun nan kay la w'a reponn li: Non. Pa gen pesonn.

21 Sisera te sitèlman bouke, dòmi pote l' ale. Lè sa a, Jayèl, madanm Ebè, pran yonn nan pikèt tant yo ak yon mato, li pwoche tou dousman bò kote Sisera, epi li foure pikèt la nan tanp msye, li fè l' travèse tèt Sisera pak an pak, jouk li antre nan tè. Epi Sisera mouri.

22 Lè Barak rive bò kay la ap chache Sisera, Jayèl soti vin kontre l', epi li di l': -Vini non! M'a fè ou wè moun w'ap chache a! Se konsa Barak antre avè l' anba tant li a, li wè Sisera kouche atè a tou mouri avèk pikèt la plante nan tanp li.

23 Jou sa a, Bondye te fè Jaben, wa peyi Kanaran an, bese tèt devan pèp Izrayèl la.

Travay 1:15-26

15 ¶ Yon jou tout frè yo te sanble, te gen sanven (120) moun antou konsa. Piè kanpe nan mitan yo, li di:

16 Frè m' yo, sa Sentespri te anonse nan Liv yo, fòk sa te rive vre. Se konsa, nan bouch David, li te fè konnen davans ki jan Jida t'apral mennen moun ki te arete Jezi yo.

17 Jida te yonn nan nou, li te gen sèvis pa l' nan travay nou an.

18 (Avèk lajan yon te ba l' pou krim lan, Jida te achte yon moso tè. Se la li tonbe sou tèt, vant li pete, tout zantray li gaye sot deyò.

19 Se bagay tout moun nan Jerizalèm konnen byen. Se pou sa nan lang yo, yo te rele tè a: Akeldama, ki vle di: jaden san an.)

20 Men sa ki ekri nan Liv Sòm yo: Se pou kay li rete san moun. Se pou pesonn pa rete ladan li. Pi lwen ankò nou jwenn: Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay la.

21 Se poutèt sa, nou bezwen yon lòt moun ansanm ak nou pou sèvi temwen Seyè Jezi te leve soti vivan nan lanmò. Moun sa a, fòk se yonn nan moun ki te toujou la avèk nou tout tan Seyè Jezi t'ap mache avèk nou nan tout peyi a,

22 depi lè Jan te batize l' la jouk jou li te kite nou an pou l' moute nan syèl la.

23 Yo bay non de moun: Jozèf, yo te rele Basabas ki te gen yon ti non Jistis, epi Matyas.

24 Apre sa, yo lapriyè konsa: Bondye, ou menm ki konnen kè tout moun, moutre nou kilès ou chwazi nan de moun sa yo,

25 pou sèvi apòt nan plas Jida te kite pou li al kote ki te pou li a.

26 Apre sa, yo tire osò: se Matyas ki soti. Se konsa yo mete l' ansanm ak onz apòt yo.

Matye 27:55-66

55 Te gen plizyè fanm la tou. Men, yo te rete lwen ap gade. Se moun ki t'ap swiv Jezi, ki t'ap okipe l' depi lè l' te nan peyi Galile.

56 Nan yo te genyen: Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Jak ak Jozèf, ansanm ak manman pitit Zebede yo.

57 ¶ Lè solèy fin kouche, yon nonm rich, moun lavil Arimate, vin rive. Yo te rele l' Jozèf. Li menm tou li te yon disip Jezi.

58 li al jwenn Pilat, li mande l' kò Jezi a. Pilat bay lòd pou yo renmèt li kò a.

59 Jozèf pran kò a, li vlope l' nan yon bèl dra blan tou nèf.

60 Apre sa, li mete kò a nan yon kavo li te fèk fè fouye nan wòch la pou tèt pa l'. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. Epi li al fè wout li.

61 Mari, moun lavil Magdala a, ansanm ak lòt Mari a te chita la, anfas kavo a.

62 Nan denmen, ki vle di jou repo a menm, chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo ale bò kot Pilat.

63 Yo di li: Chèf, nou chonje lè nonm ki t'ap bay manti a te vivan, li te di apre twa jou li pral leve soti vivan.

64 Bay lòd pou yo veye kavo a byen veye pandan twa jou. Konsa, disip li yo p'ap kapab vin pran kò a pou yo di pèp la apre sa msye leve soti vivan nan lanmò. Dènye kout manti sa a ta pi rèd pase premye a.

65 Pilat di yo: Men yon eskwad gad. Ale, veye kavo a jan nou vle a.

66 Y ale. Pou yo pi asire kavo a te byen fèmen, yo poze sele sou wòch ki te devan bouch kavo a, epi yo mete eskwad gad la veye li.