Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 103

103 ¶ Se yon sòm David. Kite m' di Seyè a mèsi! Kite m' di Seyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen!

Wi, kite m' di Seyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen.

Li padonnen tout peche m' yo, li geri tout maladi m' yo.

Li wete m' nan bouch twou a. Li beni m', li fè m' wè jan li renmen m', jan li gen pitye pou mwen.

Li kouvri m' ak benediksyon pandan tout lavi m', li fè m' rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini.

¶ Seyè a pa nan patipri. Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis.

Li fè Moyiz konnen sa l' te gen nan tèt li, li fè pitit Izrayèl yo wè mèvèy li yo.

Seyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.

Li p'ap pase tout tan l' ap pini nou, li pa ankòlè pou lontan.

10 Li pa aji ak nou jan nou ta merite l' la, li pa pini nou jan l' ta dwe pini nou.

11 Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Seyè a renmen moun ki gen krentif pou li.

12 Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou.

13 Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Seyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li.

14 Li konnen ak kisa nou fèt, li chonje se pousyè tè nou ye.

15 Lèzòm menm, lavi yo tankou zèb. Yo grandi, yo fleri tankou flè savann.

16 Kou van soufle sou yo, yo disparèt. Pesonn pa rekonèt kote yo te ye a.

17 Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo,

18 pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo.

19 ¶ Seyè a mete fotèy li anwo nan syèl la, l'ap gouvènen tout bagay.

20 Nou menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs, nou menm k'ap fè tou sa li mande nou fè, nou menm k'ap koute sa l'ap di nou, fè lwanj Seyè a!

21 Nou tout ki fè pati lame ki nan syèl la, nou tout k'ap sèvi l', k'ap fè volonte li, di Seyè a mèsi!

22 Nou tout kreyati Bondye, nou tout ki toupatou kote l'ap gouvènen, di Seyè a mèsi! Wi, kite m' di Seyè a mèsi!

Error: Book name not found: Sir for the version: Haitian Creole Version
Lik 1:5-23

¶ Nan tan Ewòd te wa nan peyi Jide a, te gen yon prèt yo te rele Zakari. Li te fè pati gwoup prèt Abiya yo. Madanm li te rele Elizabèt: se te yon moun ras Arawon, ansyen granprèt la.

Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san ankenn repwòch.

Men, yo pa t' gen pitit paske Elizabèt pa t' kapab fè pitit. Yo tou de te fin vye granmoun.

Yon jou, Zakari te desèvis kou prèt devan Bondye, paske se te tou gwoup pa l' la.

Dapre koutim sèvis la, yo te tire osò pou chwazi yonn nan prèt yo pou antre nan tanp Mèt la pou ofri lansan an. Twouve fwa sa a, se Zakari ki te soti.

10 Tout mas pèp la t'ap lapriyè deyò, antan Zakari menm te anndan ap ofri lansan an.

11 Vwala, yon zanj Bondye parèt devan Zakari; li te kanpe sou bò dwat lotèl kote yo boule lansan an.

12 Lè Zakari wè l', li sezi; li te pè anpil.

13 Men zanj lan di li: Pa pè, Zakari. Bondye te tande lapriyè ou la. Elizabèt, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason; ou va rele l' Jan.

14 Ala kontan wa kontan lè pitit sa a va fèt! Anpil lòt moun va kontan tou lè sa a.

15 L'ap yon grannèg devan Bondye, Mèt la; li p'ap bwè ni diven, ni ankenn alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri a.

16 L'ap fè anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Mèt la, Bondye yo a.

17 L'ap mache devan Bondye nan menm lespri ak menm pouvwa pwofèt Eli te genyen an. L'ap fè papa vin byen ankò ak pitit; l'ap fè moun ki rebèl rive gen konprann tankou moun k'ap obeyi Bondye, l'ap pare yon pèp byen dispoze pou resevwa Mèt la.

18 Zakari di zanj lan konsa: Ki jan pou m' fè kwè sa w'ap di m' la a se vre? Ala mwen fin vye, madanm mwen fin vye granmoun tou.

19 Zanj lan reponn li: Mwen se Gabriyèl ki toujou kanpe nan sèvis devan Bondye. Se Bondye menm ki voye m' pale avè ou, pou m' pote bon nouvèl sa a ba ou.

20 Men, paske ou pa kwè pawòl mwen yo ki gen pou rive nan tan yo, ou pral vin bèbè, ou p'ap ka pale jouk jou bagay sa yo va rive.

21 Tout tan sa a, pèp la menm t'ap tann Zakari; yo te sezi wè jan l' te mize nan tanp lan.

22 Men, lè Zakari soti, li pa t' kapab pale avèk yo. Lè sa a yo vin konprann li te gen yon vizyon nan tanp lan. Li t'ap fè yo yon bann siy ak men l', men li pa t' kapab pale.

23 Lè tan sèvis li fini, Zakari tounen lakay li.