Book of Common Prayer
137 ¶ Seyè, ou pa nan patipri. Ou jije tout moun menm jan.
138 Prensip ou bay yo, se bagay ki dwat, se bagay ki vre.
139 ¶ Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen, lè m' wè jan moun ki pa vle wè m' yo bliye pawòl ou yo.
140 ¶ Pawòl ou se pawòl sèten nèt. Sèvitè ou gen tan renmen li.
141 ¶ Mwen pa anyen, y'ap meprize m'. Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo.
142 ¶ Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite.
143 ¶ Mwen nan tray, kè m' ap kase. Men, mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande m' fè.
144 Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m' bon konprann pou m' ka viv.
145 ¶ M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Seyè, pou m' ka toujou fè sa ou vle m' fè.
146 M'ap rele ou, sove m' non, pou m' ka mache dapre prensip ou yo!
147 ¶ Solèy poko leve, m'ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye.
148 Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m' kalkile pawòl ou yo.
149 ¶ Seyè, koute sa m'ap di ou, paske ou gen bon kè. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
150 ¶ Moun ki soti pou touye m' yo pwoche bò kote m'. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan.
151 Men, ou toupre m', Seyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre.
152 ¶ Gen lontan depi mwen konnen prensip ou yo. Yo la pou tout tan.
153 ¶ Gade nan ki mizè mwen ye. Delivre m' non, paske mwen pa janm bliye lalwa ou!
154 Defann kòz mwen, delivre m'. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
155 ¶ Mechan yo p'ap janm sove, paske yo p'ap chache konnen sa ou vle yo fè.
156 ¶ Seyè, ou pa manke gen kè sansib! Ban m' lavi ankò, jan ou te deside l' la.
157 ¶ Mwen gen anpil moun ki pa vle wè m'. Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote.
158 ¶ Lè m'ap gade bann trèt sa yo, sa ban m' degoutans, paske se pa moun k'ap obeyi pawòl ou.
159 ¶ Gade jan m' renmen lòd ou yo, Seyè! Ban m' lavi ankò, paske ou renmen m'.
160 ¶ Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.
23 ¶ Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa:
2 -Fwa sa a ankò, m'ap kenbe tèt ak Bondye, m'ap plenyen nan pye l'. Se plenn m'ap plenn pou sa m'ap pase anba men l'.
3 Si m' te ka konnen kote pou m' jwenn li, mwen ta rive kote l' ye a.
4 M' ta defann kòz mwen devan li. M' ta di l' dènye sa ki nan lide m' pou defann tèt mwen.
5 M' ta konnen jan l'ap reponn mwen, m' ta tande sa l'ap di m'.
6 Eske Bondye tapral sèvi ak tout fòs li pou diskite avè m'? Non. Li ta rete koute m' ase.
7 Li ta wè moun k'ap pale avè l' la se yon moun ki toujou mache dwat. Li menm k'ap jije m' lan, li ta rekonèt mwen inonsan.
8 ¶ M' ale bò solèy leve, Bondye pa la. M' ale bò solèy kouche, mwen pa wè l' tou.
9 Mwen moute nan nò al chache l', m' pa wè l'. Mwen desann nan sid, bichi!
10 Men, Bondye konnen tout ti vire tounen mwen. Si li sonde m', l'a wè m' bon tankou bon lò ki pase nan dife.
11 M' mache pye pou pye dèyè l'. M' swiv chemen li mete devan m' lan. M' pa janm devire ni adwat ni agoch.
12 Mwen toujou fè tou sa li bay lòd fè. Mwen te fè volonte l', mwen pa fè sa m' te gen nan tèt mwen.
43 ¶ Nan denmen, Jezi te fè lide ale nan peyi Galile. Li jwenn Filip sou wout la, li di li: Swiv mwen.
44 (Filip te moun lavil Betsayda, kote Andre ak Pyè te rete a.)
45 Apre sa, Filip jwenn Natanayèl. Li di li: Nou jwenn moun Moyiz te pale nou nan liv lalwa a, moun pwofèt yo te pale a tou. Se Jezi, moun lavil Nazarèt, pitit gason Jozèf la.
46 Natanayèl di li: Ki bon bagay ki ka soti Nazarèt? Filip reponn li: Vini non, wa wè.
47 Lè Jezi wè Natanayèl ap vin bò kote l', li di sou li: Men yon moun pèp Izrayèl tout bon. Se yon nonm ki pa gen riz nan li.
48 Natanayèl mande li: Ki jan ou fè konnen mwen? Jezi reponn li: Anvan Filip te rele ou la, mwen te wè ou lè ou te anba pye fig frans lan.
49 Lè sa a, Natanayèl di li: Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la!
50 Jezi reponn li: Paske mwen di ou mwen te wè ou anba fig frans lan, poutèt sa ase ou kwè? Ou gen pou wè bagay pi gwo pase sa.
51 Apre sa, li di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: N'a wè syèl la louvri, avèk zanj Bondye yo k'ap moute desann sou Moun Bondye voye nan lachè a.
139 ¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, ou sonde m', ou konnen ki moun mwen ye.
2 Ou konnen lè m' chita, ou konnen lè m' kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen.
3 Mwen te mèt ap mache, mwen te mèt kouche, ou wè m', ou konnen tou sa m'ap fè.
4 Mwen poko menm louvri bouch mwen, ou gen tan konnen tou sa mwen pral di.
5 Kote m' vire, ou la bò kote m', w'ap pwoteje m' ak pouvwa ou.
6 Konesans ou genyen yo twòp pou mwen. Yo depase m', mwen pa konprann yo.
7 ¶ Ki bò mwen ta ale pou m' pa jwenn ak ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m' devan je ou?
8 Si m' moute nan syèl la, se la ou ye. Si m' desann kote mò yo ye a, ou la tou.
9 Si m' vole ale bò kote solèy leve, osinon si m' al rete bò lòt bò lanmè,
10 l'a ankò, w'ap toujou la pou mennen m', w'ap la pou pwoteje m'.
11 Si mwen di: -Bon! M' pral kache nan fènwa a. M' pral rete kote tout limyè mouri.
12 Fènwa pa fè nwa pou ou. Lannwit klere kou lajounen pou ou. Kit li fènwa, kit li lajounen, se menm bagay pou ou.
13 Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m', se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m'.
14 M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.
15 Ou te konnen tout zo nan kò m', depi lè m' t'ap fòme kote moun pa t' ka wè a, depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a.
16 Depi anvan m' te fèt, tout lavi m' te devan je ou. Tou sa mwen tapral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.
17 ¶ Bondye, sa ki nan tèt ou twò difisil pou m' konprann, lèfini yo anpil!
18 Si m' ta vle konte yo, yo ta pi plis pase grenn sab ki bò lanmè. Si m' ta janm rive fin konte yo, mwen p'ap pi konnen ou pase sa.
19 Bondye, si ou ta vle touye mechan yo! Si ou ta vle fè ansasen yo manyè kite m' an repo!
20 Yo anba chal! Y'ap revòlte kont ou. Y'ap pale ou mal.
21 Seyè, kouman ou ta vle pou m' pa rayi moun ki rayi ou yo! Kouman ou ta vle pou m' pa gen degoutans pou moun k'ap leve dèyè ou yo?
22 Mwen pa manke rayi yo. Mwen konsidere yo tankou lènmi m'.
23 Sonde m', Bondye! Wè tou sa ki nan kè m'! Fouye m'! Wè tou sa ki nan lide m'!
24 Gade wè si m' sou yon move chemen. Mennen m' sou chemen ki la pou tout tan an.
20 ¶ Te gen kèk moun peyi Lagrès nan moun ki te vin Jerizalèm pou adore pandan fèt la.
21 Y' al jwenn Filip (ki te moun Betsayda nan peyi Galile), yo di l' konsa: Msye, nou ta renmen wè Jezi.
22 Filip al di Andre sa. Epi yo tou de al di Jezi sa.
23 Jezi reponn yo: Koulye a, lè a rive pou Moun Bondye voye nan lachè a resevwa lwanj ki pou li a.
24 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l' mouri. Men tou, si l' mouri, l'ap bay anpil grenn.
25 Moun ki renmen lavi l' ap pèdi li. Men moun ki rayi lavi li pandan l' sou latè a, l'ap konsève l' pou lavi ki p'ap janm fini an.
26 Si yon moun ap sèvi m', se pou l' swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m' va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen.