Add parallel Print Page Options

Istwa yon plantè ki t ap simen grenn

(Mak 4:1-9; Lik 8:4-8)

13 Menm jou a Jezi deplase kite kay kote l te ye a, l ale chita bò lak la. Epi yon foul moun te vin rasanble bò kote l. Konsa Jezi monte nan yon bato li chita. Foul moun yo te rete sou rivaj la. Epi li te sèvi ak parabòl pou anseye yo anpil bagay. Li di yo:

Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn. Pandan l ap simen grenn, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo nan syèl vini, yo manje grenn yo. Yon lòt pati nan grenn yo tonbe sou karyann, kote ki gen yon ti gras tè. Grenn yo jèmen byen vit, men plant yo pa t pran anpil tan pou yo mouri, paske tè a pa fon ase pou rasin yo antre. Konsa lè chalè solèy la te frape sou plant yo, yo te mouri paske yo pa t gen bon rasin. Yon lòt pati nan grenn yo te tonbe nan touf pikan. Yo leve, men pikan an toufe yo. Yon lòt pati nan grenn yo tonbe nan bon tè. Gen ladan yo ki bay donn 30, 60, ak 100 fwa plis pase sa plantè a te simen an. Moun ki gen zòrèy pou tande, tande!

Pou kisa Jezi sèvi ak istwa pou l anseye

(Mak 4:10-12; Lik 8:9-10)

10 Disip Jezi yo pwoche bò kote li epi yo di li: “Pou kisa ou sèvi ak parabòl pou pale ak moun yo?”

11 Jezi reponn yo: “Bondye fè nou gras pou nou konnen tout ti sekrè wayòm syèl, men yo menm yo pa jwenn opòtinite sa a. 12 Nenpòt moun ki jwenn bon konprann kounye a gen pou yo jwenn plis pase sa yo gen bezwen. Men, nenpòt moun ki manke bon konprann ap gen pou yo pèdi menm ti sa yo te genyen an. 13 Se poutèt sa, m ap pale ak yo an parabòl.

Konsa, menm lè yo wè, yo pa wè vre.
    Menm lè yo tande, yo pa ni tande ni konprann vre.

14 Sitiyasyon yo a se yon akonplisman pwofesi Ezayi a:

Ou ap koute sou koute,
    men ou p ap konprann anyen.
Ou ap gade sou gade,
    men ou p ap wè anyen.
15 Kè pèp sa vin tounen zanpoud.
    Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande,
    yo fèmen je yo pou yo pa wè.
Si kè yo pa t tounen zanpoud
    yo ta wè ak je yo,
    yo ta tande ak zòrèy yo,
yo ta konprann, yo ta tounen vin jwenn mwen,
    mwen ta geri yo.[a]

16 Men nou menm, benediksyon pou nou paske je nou yo wè, zòrèy nou yo tande. 17 An verite m ap di nou: anpil pwofèt ak anpil moun ki fidèl te swete wè sa n ap wè la a. Yo te swete tande sa n ap tande la a, men yo pa t jwenn gras sa a.

Jezi eksplike istwa plantè a

(Mak 4:13-20; Lik 8:11-15)

18 Men eksplikasyon parabòl plantè a:

19 Grenn ki tonbe nan granchemen an se moun ki tande mesaj konsènan wayòm nan epi li pa konprann li. Dyab la pase touswit li ranmase ti grenn ki te simen an, l ale avè l.

20 Grenn ki tonbe nan karyann nan se moun ki tande pawòl epi ki resevwa l prese prese ak kè kontan. 21 Men kòm li pa kite l pran rasin nan lavi l, nan yon batje mesaj la disparèt. Depi pwoblèm oswa pèsekisyon vini poutèt mesaj la, moun nan retire kò l.

22 Grenn ki tonbe nan touf pikan an, se moun ki tande mesaj la, men sousi lavi ak renmen lajan toufe mesaj la nan lavi yo. Konsa pa gen okenn chanjman nan lavi yo.

23 Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la epi ki konprann mesaj la. Yo pwodui yon rekòlt 100, 60, epi 30 fwa plis pase sa ki te simen an.”

Parabòl move zèb nan jaden ble a

24 Jezi bay foul la yon lòt parabòl: “Wayòm syèl la se tankou yon nonm ki simen bon semans nan jaden li. 25 Nan menm nuit la, pandan tout moun ap dòmi, yon lènmi pase simen grenn zèb nan jaden ble a, epi l ale. 26 Lè ble a grandi epi li kòmanse mete grenn, move zèb yo parèt tou. 27 Travayè mèt jaden an pwoche bò kote li, yo di: Mèt, èske se pa t bon semans nou te simen nan jaden sa a? Kote move zèb sa yo soti?

28 Li reponn yo: se yon lènmi ki fè sa.

Travayè yo mande l: Èske w vle nou rache move zèb yo?

29 Li di yo: Non! Nan rache move zèb yo, nou ka rache pye ble tou. 30 Kite yo grandi ansanm jouktan jou rekòt la rive. Lè jou rekòt la rive, m a mande travayè yo pou yo koupe move zèb yo, sanble yo fè pakèt epi boule yo. Apre sa, n a sanble ble a pou nou mete nan depo.”

Yon lòt istwa sou wayòm

(Mak 4:30-34; Lik 13:18-21)

31 Jezi bay foul la yon lòt parabòl. Li di yo: “Wayòm syèl la se tankou yon grenn moutad yon plantè simen nan jaden l. 32 Grenn moutad la se semans ki pi piti, men lè li grandi, li vin pi gwo plant pami legim yo. Li vin tounen yon pyebwa kote zwazo yo ka fè nich.”

33 Li ba yo yon lòt parabòl: “Wayòm syèl la, se tankou ledven yon fi pran li melanje l ak yon gwo mamit farin pou l fè pen. Ledven an fè tout pat la leve.”

34 Jezi sèvi avèk parabòl pou l di foul la tout bagay sa yo. Alaverite, li toujou sèvi ak istwa ki fè moun reflechi pou l anseye yo. 35 Sa te rive konsa pou pwofesi sa a te ka akonpli:

“M pral pale an parabòl.
    M pral mete deyò sekrè ki kache depi fondasyon lemonn.”[b]

Jezi eksplike parabòl move zèb la

36 Apre sa Jezi voye foul moun yo ale lakay yo, epi li tounen lakay li. Disip li yo pwoche bò kote li, yo di l: “Ba nou yon ti eksplikasyon sou parabòl zèb nan jaden ble a.”

37 Lè sa a, Jezi di yo: “Moun ki plante bon grenn nan, se Pitit Lòm nan. 38 Jaden an reprezante lemonn antye. Bon grenn nan, se moun ki fè pati wayòm Bondye a. Zèb la se tout moun Satan yo. 39 Lènmi ki plante zèb la se Dyab la. Jou rekòt la reprezante lafendimond. Travayè yo se anj Bondye yo.

40 Menm jan yo rache zèb yo pou boule nan dife, se konsa sa pral ye lè lafendimond nan rive. 41 Pitit Lòm nan ap voye anj li yo pou vin triye tout sa yo k ap fè peche epi k ap pouse moun fè peche pou retire yo mete deyò wayòm li an. 42 Apre sa anj yo ap voye moun sa yo nan flanm dife kote ki gen kriye ak manje dan. 43 Moun ki te mache dwat devan Bondye pral klere kon solèy nan wayòm Bondye a. Moun ki gen zòrèy pou tande, tande!

Parabòl ja lajan an ak grenn pèl la

44 Wayòm syèl la se tankou yon ja lajan ki sere anba tè. Yon moun jwenn li, li sere l pi fon. Li tèlman kontan, l ale vann tout sa l genyen pou l achte jaden an.

45 Wayòm syèl la se tankou yon machannn bijou k ap chache bèl grenn pèl. 46 Lè l jwenn yon bèl grenn pèl ki gen anpil valè, l ale vann tout sa li genyen pou l achte li.

Parabòl senn lan

47 Wayòm syèl la se tankou yon senn yo jete nan lak la ki pran tout kalite pwason. 48 Lè senn nan plen, pechè yo rale l mete deyò. Yo chita pou yo triye pwason yo. Yo mete tout sa k bon nan panye, epi yo jete rès sa k pa vo anyen yo. 49 Se menm jan an sa pral pase lè lafendimond lan rive. Zanj yo ap separe mechan yo ak moun jis yo. 50 Y ap voye mechan yo nan yon gwo flanm dife kote ki pral gen kriye ak manje dan.”

51 Apre sa Jezi mande disip yo:

“Èske nou konprann tout sa m di nou an?” Yo reponn li: “Wi, nou konprann.”

52 Li di yo ankò: “Pwofesè lalwa ki vin kwè nan mesaj wayòm syèl la se tankou yon mèt kay ki fouye nan depo li pou l chache non sèlman bagay ansyen men bagay nouvo tou.”

Jezi ale nan vil kote l te grandi

(Mak 6:1-6; Lik 4:16-30)

53 Lè Jezi fin bay tout parabòl sa yo, li kite zòn kote l te ye a. 54 Li ale Nazarèt, kote li te grandi. Li kòmanse anseye nan sinagòg la. Tout moun ki t ap koute l te etone anpil. Yo t ap mande tèt yo: “Kote li jwenn kalite sajès sa a ak kalite pouvwa sa a pou fè mirak?” 55 Èske se pa pitit bòs chapant la? Se pa Mari ki manman l? Jak, Jozèf, Simon, Jid, èske se pa frè l yo ye? 56 Tout sè l yo toujou rete nan zòn nan, pa vre? Kòman l fè ka fè tout bagay sa yo? 57 Yo te gen gwo pwoblèm pou yo aksepte Jezi.

Lè sa a Jezi di yo: “Moun tout kote fè lwanj pou pwofèt, eksepte moun nan pwòp vil kote pwofèt la te leve ak moun nan fanmi li.” 58 Poutèt moun yo te enkredil, Jezi pa t fè anpil mirak nan Nazarèt.

Ewòd pran Jezi pou Janbatis

(Mak 6:14-29; Lik 9:7-9)

14 Nan menm peryòd la, Ewòd, ki t ap gouvène rejyon Galile a, te tande tout sa moun yo t ap di sou Jezi. Li di sèvitè l yo: “Nonm sa a pa ka lòt moun sinon Janbatis. Se paske li resisite ki fè li gen pouvwa pou l fè tout gwo mirak sa yo.”

Men kijan Janbatis te mouri

Ewòd te di sa, paske se li menm ki te bay lòd pou arete Jan, anchene l epi mete l nan prizon. Ewòd te arete l poutèt Ewodias, madanm Filip, frè Ewòd. Janbatis te di Ewòd: “Li pa nòmal, selon lalwa, pou ou pran madanm frè w pou w marye avè l.” Ewòd te santi fòk li ta touye Janbatis! Men, li te pè reyaksyon pèp la, paske yo te toujou kwè Jan se yon pwofèt.

Men, nan jou fèt anivèsè nesans Ewòd, pitit fi Ewodias la te tèlman byen danse devan envite yo, sa te fè Ewòd plezi anpil. Konsa Ewòd fè sèman l ap bay ti madmwazèl la kèlkeswa sa l ta mande. Ti demwazèl la fè yon ti pale ak manman l, epi li di Ewòd: “Silvouplè, ban mwen tèt Janbatis. Pote l ban mwen nan yon kabare.”

Sa te fè Ewòd tris anpil. Men, poutèt pwomès li te fè devan tout envite yo, li te oblije kenbe mo l. 10 Li pase sòlda l yo lòd pou yo ale nan prizon an epi koupe tèt Janbatis. 11 Sòlda yo koupe tèt Janbatis. Yo mete tèt la nan yon asyèt, yo pote l bay madmwazèl la. Epi demwazèl la pran l pote bay manman l. 12 Lè disip Jan yo pran nouvèl la, yo vin pran kò a, yo antere l. Apre sa, yo pote nouvèl la bay Jezi.

Jezi bay plis pase 5,000 moun manje

(Mak 6:30-44; Lik 9:10-17; Jan 6:1-14)

13 Lè Jezi te tande nouvèl la, li monte nan yon bato epi li travèse ale nan yon kote ki pa gen moun. Men moun yo ki te tande sa, yon foul moun ki sòti nan tout vilaj yo kouri ale kote yo t ap ale a. 14 Konsa, lè Jezi desann bato a, li te wè yon gwo foul moun ki te gen tan la ap tann li. Kè l te fè l mal anpil pou moun yo, epi li geri tout malad ki te nan foul la.

15 Li te kòmanse fènwa. Disip yo vin kote l epi yo di l: “Zòn sa a pa gen moun menm, epi li deja fin ta. Voye moun yo ale pou yo ka al chache manje achte nan zòn alantou yo.”

16 Jezi di yo: “Yo pa bezwen ale. Degaje nou pou n ba yo manje!”

17 Yo reponn Jezi: “Men se sèlman senk pen ak de pwason nou genyen.”

18 Jezi di: “Pote sa nou genyen yo ban mwen.” 19 Apre sa, li mande tout moun yo pou yo chita sou zèb yo. Li pran senk pen ak de pwason yo. Li leve je l anlè epi li di Bondye mèsi pou manje a. Apre sa, li kase pen yo fè plizyè moso epi li bay disip yo pou yo distribye bay moun yo. 20 Tout moun te manje vant deboutonnen. Lè tout moun fin rasazye, yo te ranmase douz panye plen rabouch ak ti mòso ki te rete. 21 Antotal te gen senk mil gason san konte medam yo ak timoun yo ki te manje jou sa a.

Jezi mache sou dlo

(Mak 6:45-52; Jan 6:16-21)

22 Apre sa, Jezi fè disip li yo monte nan yon bato pou yo travèse lak la. Men li menm, li te rete dèyè pou l te ka voye tout moun lakay yo. 23 Apre li fin voye tout moun lakay yo, Jezi te monte sou tèt yon ti mòn pou l al priye. Jezi te rete la pou kont li, menm apre li fin fènwa. 24 Bato disip yo te ladan l lan te gen tan byen lwen nan mitan lak la. Men poutèt yon van kontrè ki t ap soufle vag yo te move anpil epi bato a te nan gwo difikilte.

25 Ant twazè a sizè dimaten, bato a patko janm rive atè. Jezi te pati ale jwenn disip li yo. Li t ap mache sou dlo a. 26 Lè disip yo wè l ap mache sou dlo a, lapèrèz te pran yo. Yo tout te kòmanse rele “Anmwe, zonbi!”

27 Lè Jezi wè sa, li di yo: “Nou pa bezwen pè, se mwen!”

28 Lè sa a, Pyè di li: “Si ou vre Senyè, fè m mache sou dlo a vin jwenn ou.”

29 Jezi di li: “Vini non!”

Konsa Pyè desann bato a epi li kòmanse mache sou dlo a pou l al jwenn Jezi. 30 Lè Pyè reyalize jan van an te toujou fò, lapèrèz te pran l. Epi, Pyè kòmanse fè fon. Li rele byen fò: “Jezi, sove m!”

31 Lè sa a, Jezi lonje men l, li pran Pyè epi li di l: “Lafwa w piti! Sa ou te bezwen doute fè?”

32 Monte Jezi monte nan bato a avèk yo, tout van an sispann. 33 Lè sa a, disip Jezi yo te kòmanse adore l. Yo t ap di: “Nou wè vrèman vre, ou se pitit Bondye.”

Jezi geri anpil moun malad

(Mak 6:53-56)

34 Apre yo fin travèse lak la, Jezi ak disip li yo te debake Jenezarèt. 35 Moun ki te bò lak la epi ki te wè lè Jezi t ap desann bato a, voye nouvèl toupatou pou fè moun yo konnen Jezi nan zòn nan. Konsa, moun yo mennen tout moun malad yo bay Jezi. 36 Yo te priye Jezi pou l ba yo pèmisyon pou yo touche ke manto li pou yo ka geri. Konsa tout moun ki te touche ke manto Jezi a te jwenn gerizon.

Footnotes

  1. 13:15 Sitasyon sa a soti nan Eza 6:9-10.
  2. 13:35 Sitasyon sa a soti nan Sòm 78:2.