Add parallel Print Page Options

Jezi geri yon nonm paralize

(Mak 2:1-12; Lik 5:17-26)

Jezi monte yon ti bato, li travèse lak la pou li retounen lakay li.[a] Yo mennen bay Jezi yon nonm paralize ki kouche sou yon branka. Lè Jezi wè kijan moun yo te gen lafwa, li di nonm ki te paralize a: “Pa dekouraje, pitit gason m, peche w yo padone!”

Kèk pwofesè lalwa te tande sa Jezi te di. Yo t ap di nan kè yo: “Sa a se yon blasfèm!”[b]

Men, Jezi te konnen sa k t ap pase nan tèt yo. Li di yo: “Sa k fè panse nou sal konsa? Ki sa ki pi fasil pou di: Peche w yo padone, oubyen leve epi mache? Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!”

Nonm nan leve, l ale lakay li. Moun ki te la yo te pè anpil, men yo glorifye non Bondye tou paske li bay yon nonm kalite pouvwa sa a.

Jezi rele Matye pou vin swiv li

(Mak 2:13-17; Lik 5:27-32)

Jezi t apral deplase kite zòn nan lè l wè yon mesye yo rele Matye ki te chita bò yon tab pou ramase taks kontribisyon. Jezi di l: “Swiv mwen. Levi leve kanpe epi li swiv Jezi.”

10 Apre sa, Jezi ak disip li yo t al manje lakay Matye. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ak moun ki gen move repitasyon ki te la tou. 11 Lè Farizyen yo wè sa, yo kòmanse poze disip Jezi yo kesyon: “Poukisa mèt nou an ap manje ak pèseptè kontribisyon, ak moun ki gen move repitasyon?”

12 Lè Jezi tande sa, li di: “Moun ki an sante pa bezwen doktè. Se moun ki malad ki bezwen doktè. 13 Ale chache konprann sans Bib la ki di: Mwen pito kè sansib pase bèt n ap ofri pou touye ban mwen yo.[c] Epi tou, m pa vin pou m rele moun ki panse yo bon deja, men sa yo ki rekonèt se pechè yo ye.”

Yon kesyon sou moun k ap jene

(Mak 2:18-22; Lik 5:33-39)

14 Apre sa disip Jan yo te pwoche bò kote Jezi epi yo di l: “Nou menm ak Farizyen toujou fè jèn, poukisa disip ou yo pa janm fè jèn?”

15 Jezi reponn yo, li di yo: “Nan yon maryaj, zanmi misye marye a pa tris lè misye marye a la ak yo. Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene.

16 Pèsòn p ap pran yon moso twal nèf pou l fè pyès mete nan yon vès ki ize. Moso twal nèf la ap rale twal ize a epi twou a ap vin pi mal. 17 Pèsòn p ap pran diven nouvo pou l mete l nan yon vye barik.[d] Si yon moun ta fè sa, l ap pèdi ni barik la ni diven an. Vye barik la ap pete, diven an ap tonbe. Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf. Konsa barik la ak tout diven an ap konsève.”

Jezi resisite yon jèn fi epi li geri yon madam

(Mak 5:21-43; Lik 8:40-56)

18 Jezi pa t ko menm fin pale lè yon lidè nan sinagòg la vin kote l. Li mete ajenou nan pye Jezi, epi l di: “Pitit fi m nan fèk mouri! Men si ou vin poze men w sou li, l ap resisite.”

19 Jezi ak tout disip li yo te deplase ak mesye a pou ale lakay li.

20 Pami moun ki te la yo, te gen yon dam ki te gen douzan ak yon emoraji. Li pase pa dèyè epi li touche ke rad Jezi, 21 paske li t ap di nan kè l: “Si sèlman m ka touche ke rad li, m ap geri!”

22 Jezi vire tèt li, li wè dam nan epi li di: “Pran kouray pitit fi m, se lafwa w ki delivre w.” Nan menm lè a, emoraji a koupe.

23 Lè Jezi rive lakay lidè Jwif la, moun k ap jwe mizik finèb sou flit yo te gen tan rive. Foul la te ajite anpil epi yo t ap kriye. 24 Jezi di yo: “Ale lakay nou! Demwazèl la pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” Lè moun yo tande sa, yo te kòmanse pase Jezi nan betiz. 25 Apre yo fin fè tout moun ale, Jezi antre nan chanm demwazèl la, li kenbe men li epi ti jèn fi a leve. 26 Bri a kouri epi nouvèl la gaye nan tout zòn nan.

Jezi fè twa lòt gerizon

27 Pandan Jezi ta prale, de avèg pati dèyè l, epi yo t ap kriye byen fò: “Pitit David la, gen pitye pou nou!”

28 Jezi antre andan yon kay, avèg yo antre dèyè l. Jezi mande yo: “Èske nou kwè m ka fè nou wè ankò?” Yo reponn li: “Wi, Senyè.”

29 Jezi touche je yo, epi li di yo: “Tout bagay ap pase jan nou kwè l la.” 30 La menm, mesye yo te wè. Apre sa, Jezi pale avèk yo byen sevè, li di yo: “Pa kite okenn moun konnen sa ki rive a.” 31 Poutan, kite mesye yo kite Jezi, yo te kòmanse gaye nouvèl la nan tout zòn nan.

32 Pandan mesye ki te avèg yo t ap soti, kèk lòt moun t ap mennen yon nonm bay Jezi. Nonm lan te bèbè paske li te gen demon sou li. 33 Apre Jezi fin chase demon an, bèbè a te kòmanse pale ankò. Foul la pa t manke sezi lè yo te wè sa a epi yo t ap di: “Se premye fwa nou wè yon bagay konsa nan Izrayèl.”

34 Men, Farizyen yo t ap di: “Se chèf demon yo ki ba li pouvwa pou l chase demon.”

Kè Jezi fè l mal pou pèp Jwif la

35 Jezi te vwayaje anpil. Li pase nan gwo vil tankou nan ti vil. Li t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a. Li t ap anseye nan sinagòg yo. Li geri tout kalite maladi. 36 Lè Jezi gade nan ki sitiyasyon pèp la t ap viv, kè l fè l mal anpil. Ti figi yo te rale, yo te sanzespwa. Yo te tankou yon bann mouton ki pa gen bèje. 37 Jezi di disip li yo: “Rekòt la anpil, men pa gen anpil ouvriye. 38 Se poutèt sa, mande mèt rekòt la pou l voye ouvriye pou ranmase rekòt la.”

Jezi voye apot li yo al nan yon misyon

(Mak 3:13-19; 6:7-13; Lik 6:12-16; 9:1-6)

10 Jezi rele douz disip yo, li ba yo otorite sou tout move lespri, pou yo chase demon epi geri tout kalite maladi. Men non douz apot yo:

An premye, nou jwenn Simon (yo rele l Pyè)

epi frè li ki rele Andre,

Jak pitit Zebede

ansanm ak frè li Jan,

Filip ak Batèlmi,

Toma ak Matye,

pèseptè kontribisyon an,

Jak pitit Alfe ak Tade,

Simon, zelòt la ak

Jida Iskaryòt, sila a ki te trayi Jezi.

Anvan Jezi voye yo douz apot yo pati pou misyon an, men lòd Jezi te bay: “Evite tout zòn payen yo. Pa antre nan vil Samariten. Ale sèlman nan zòn kote Juif yo ye. Yo tankou yon bann mouton ki pèdi patiray. Ale di yo: Wayòm syèl la pa lwen. Geri malad yo. Resisite moun mouri. Geri moun ki gen lèp yo. Chase demon. Nou resevwa gratis, bay moun gratis. Nou pa bezwen pote lajan pòch. 10 Nou pa bezwen pote sak pwovizyon. Nou pa bezwen pote rad derechany oswa sandal pou n mete. Nou pa bezwen pote baton. M di nou sa, paske ouvriye a merite salè li.

11 Lè nou antre nan yon gwo vil oswa yon ti vil, chache konnen kay ki moun serye nou ka desann, epi rete la jouktan nou kite zòn sa a. 12 Lè n ap antre nan yon kay, se pou nou di: Lapè! 13 Si moun ki nan kay la byen resevwa w, se moun ki merite salitasyon lapè w pote a. Lapè w la ap rete nan kay la. Men, si yo mal resevwa w, yo pa merite menm salitasyon lapè w la. Lapè a ap retounen vin jwenn ou. 14 Lè yo pa vle resevwa nou nan yon kay oubyen nan yon vil, lè yo pa vle resevwa nou, soti kite lavil la epi souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo. 15 M ap di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou moun lavil sa a pase pou moun Sodòm ak Gomò.[e]

Jezi avèti disip yo sou kèk moman difisil

(Mak 13:9-13; Lik 21:12-17)

16 Fè atansyon! M ap voye nou tankou ti mouton nan mitan lou. Se pou nou entèlijan tankou koulèv, se pou nou pèzib tankou pijon. 17 Fè atansyon! Yo gen pou yo arete nou, jije nou nan tribinal. Yo gen pou yo bat nou nan sinagòg. 18 Nou gen pou n al jije devan wa ak gouvènè poutèt nou se disip mwen. Temwanye pou mwen devan yo ak devan payen yo. 19 Lè yo arete nou, nou pa bezwen ap kraze tèt nou sou kisa nou pral di oubyen kijan nou pral di l. Lè lè a rive pou n pale, pawòl ap vin nan bouch nou san pwoblèm. 20 Se pa vrèman nou menm ki pral pale, se Lespri Papa nou ki nan nou ki pral pale.

21 Frè pral leve kont pwòp frè yo. Y ap livre yo bay lòt moun pou yo touye. Papa pral livre pwòp pitit yo bay lòt moun pou yo touye. Pitit pral leve kont pwòp paran yo epi touye yo. 22 Akòz nou se disip mwen, moun p ap vle wè nou. Men Bondye ap sove sila ki rete fidèl jiska lafen. 23 Lè y ap maltrete nou nan yon vil, al pran refij nan yon lòt. Mwen ba nou garanti nou p ap gen tan pran refij nan tout vil nan peyi Izrayèl anvan Pitit Lòm nan retounen.

24 Yon elèv pa pi fò pase pwofesè l. Ni, esklav la pa pi enpòtan pase mèt li. 25 Elèv la kontan pou l tankou pwofesè li. Esklav la kontan pou l tankou mèt li. Si mwen menm ki tèt fanmi lan, yo gentan rele m Bèlzebil,[f] nou pa menm bezwen mande kijan yo pral trete nou, nou menm ki fè pati menm fanmi lan.

Gen krentif pou Bondye, pa pè lòt moun

(Lik 12:2-7)

26 Nou pa bezwen pè moun sa yo. Pa gen anyen ki kache ki p ap dekouvri yon jou. Pa gen anyen sekrè ki p ap devwale. 27 Sa m ap di nou an prive, nou mèt di l devan tout moun. Sa m ap di nou nan zòrèy, nou mèt monte sou tèt yon kay pou repete l byen fò.

28 Nou pa bezwen pè moun ki ka touye kò a men ki pa ka fè nanm lan anyen. An nou pè Bondye pito, li menm ki ka detwi ni kò a ni nanm lan nan dife lanfè. 29 Gen zwazo ki tèlman piti, ou ka vann yon pè pou yon ti kòb ki pa itil anyen. Poutan pa gen youn nan ti zwazo sa yo ki ka tonbe atè san pèmisyon Papa a. 30 Bondye konte menm ata konbyen pye cheve ki nan tèt ou. 31 Ou pa bezwen pè, paske ou gen plis valè pase anpil ti zwazo.

Ou pa bezwen jennen devan moun poutèt lafwa w

(Lik 12:8-9)

32 Nenpòt moun ki kanpe an piblik pou l di se moun mwen li ye, mwen ap kanpe devan Papa m ki nan syèl la pou m di: moun sa a se moun mwen. 33 Men nenpòt moun ki kanpe an piblik pou l di li pa rekonèt mwen, m ap kanpe devan Papa m ki nan syèl la pou m di: mwen pa rekonèt li non plis.

Swiv Jezi ka pote anpil pwoblèm

(Lik 12:51-53; 14:26-27)

34 Pa mete nan tèt nou mwen vin pote lapè sou latè. Mwen pa vin pote lapè, mwen pote latwoublay. 35 Mwen vini pou m

mete dozado papa ak pitit gason l,
    manman ak pitit fi l,
    bèlmè ak bèlfi l.
36 Se pwòp fanmi yon nonm ki pral fè l lènmi.[g]

37 Nenpòt moun ki renmen manman l ak papa l plis pase m pa diy pou l vin disip mwen. Nenpòt moun ki renmen pitit gason l oswa pitit fi l plis pase m pa diy pou l vin disip mwen. 38 Nenpòt moun ki pa pare pou l mouri sou lakwa poutèt l ap swiv mwen pa diy pou l se disip mwen. 39 Moun k ap chache konsève lavi l ap gen pou yo pèdi l. Men nenpòt moun ki pèdi lavi l poutèt mwen ap gen pou jwenn vrè lavi a.

Bondye ap beni moun ki byen resevwa w

(Mak 9:41)

40 Nenpòt moun ki resevwa w, se mwen menm yo resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m resevwa sila a ki voye m nan. 41 Nenpòt moun ki resevwa yon pwofèt paske l se pwofèt ap resevwa rekonpans yon pwofèt. Nenpòt moun ki resevwa yon moun fidèl paske l fidèl ap resevwa rekonpans yon moun fidèl. 42 Nenpòt moun ki bay youn nan pi piti pami disip mwen yo yon vè dlo frèt, li p ap janm pèdi l.”

Footnotes

  1. 9:1 lakay li Pa vle di Jezi te gen yon kay. Li vle di Jezi te retounen Kapènawòm (Mak 2:1).
  2. 9:3 blasfèm Pale mal sou Bondye. Nan kontèks sa a li vle di Jezi ap pran pòz Bondye paske se Bondye sèl ki gen dwa pou padone peche.
  3. 9:13 Sitasyon sa a soti nan Oze 6:6.
  4. 9:17 barik Barik yo te fèt ak po bèt. Si po bèt la frèch epi diven an nouvo y ap vyeyi ansanm. Men si po bèt la ansyen epi diven an nouvo, l ap pete epi ni barik ni diven ap pèdi.
  5. 10:15 Sodòm ak Gomò Se 2 vil nan Ansyen Testaman ki te repite anpil poutèt mechanste ak imoralite yo. Bondye te detwi yo ak dife depi nan tan Abraram. Gade nan Jen 19.
  6. 10:25 Bèlzebil Se non yo te bay chèf denmon yo.
  7. 10:35-36 Gade nan Mi 7:6.