Add parallel Print Page Options

Janbatis ap prepare chemen pou Jezi

(Mak 1:1-8; Lik 3:1-9, 15-17; Jan 1:19-28)

Lè a te rive, Janbatis ki te vin nan zòn dezè rejyon Jide. Jan t ap di moun yo: “Repanti, chanje jan n ap viv lavi nou, paske wayòm Bondye a rive sou nou.” Se sou Janbatis Ezayi t ap pale, lè l te di:

“Gen yon vwa nan dezè a k ap pale byen fò:
Fè chemen pou Senyè a.
    Fè wout yo byen dwat devant l.”(A)

Jan te abiye ak yon rad ki fèt ak plim po chamo. Li te gen yon sentiwon an kui nan ren li. Li te konn manje krikèt ak siwo myèl. Moun te soti Jerizalèm, nan tout rejyon Jide a, ak nan tout zòn rivyè Jouden an pou yo vin tande Jan. Yo te konfese peche yo epi Jan te batize yo nan rivyè Jouden an.

Pami moun yo ki t ap vin resevwa batèm Jan an, te gen anpil Farizyen ak Sadiseyen. Lè Jan wè sa, li di yo: “Bann ras vipè! Kilès ki fè nou konnen pou n chape anba jijman kolè Bondye ki pa lwen vini an? Enben, se pou nou montre nou repanti nan jan n ap viv. Pa chita ap di: Se pitit Abraram nou ye! Paske, m ap di nou franchman, Bondye ka fè wòch sa yo fè pitit pou Abraram. 10 Rach la gentan pare pou koupe pyebwa yo depi nan rasin. Nenpòt pyebwa ki pa pwodui bonjan fwi, y ap koupe l epi jete l nan dife a.

11 Mwen menm, mwen batize nou nan dlo pou montre chanjman nan kè nou ak nan lavi nou. Men, sila a k ap vin apre m nan, li ka fè plis pase m. Mwen pa diy ase pou m sèvi kòm esklav pou delase sandal nan pye l. Li menm l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife. 12 Li gen laye l nan men l pou l ka separe bon grenn yo ak pay yo.[a] L ap mete bon grenn yo nan depo, epi l ap lage pay yo nan yon dife ki p ap janm etenn.”

Jan te batize Jezi

(Mak 1:9-11; Lik 3:21-22)

13 Nan menm epòk la, Jezi soti nan rejyon Galile, li vini bò larivyè Jouden an paske li te vle pou Jan batize l. 14 Men, Jan t ap chache yon fason pou l di non. Li di Jezi konsa: “Se mwen ki ta pou vin jwenn ou pou ou batize m, pouki ou vin jwenn mwen?”

15 Lè sa a, Jezi reponn li: “Kite tout bagay fèt kon sa pou kounye a. Nou dwe fè tout sa ki dwat pou akonpli plan Bondye.” Apre sa, Jan te vin dakò pou l batize Jezi.

16 Se kon sa Jezi te resevwa batèm nan. Touswit apre li te soti nan dlo a, syèl la te louvri. Lè sa a, Jezi wè Sentespri a tankou yon pijon ki t ap desann sou li. 17 Epi yon vwa soti nan syèl la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil.”

Footnotes

  1. 3:12 bon grenn yo ak pay yo Sa vle di Jezi ap separe moun pa l yo ak moun ki ou li yo.

開路先鋒

那時,施洗者約翰來到猶太的曠野傳道,說: 「悔改吧,因為天國臨近了!」 約翰就是以賽亞先知所說的那位,他說:「有人在曠野大聲呼喊,『預備主的道,修直祂的路。』」

約翰身穿駱駝毛的衣服,腰束皮帶,吃的是蝗蟲、野蜜。 那時,耶路撒冷、猶太各地和約旦河一帶的人都來到約翰那裡, 承認他們的罪,在約旦河裡接受他的洗禮。

約翰看見很多法利賽人和撒都該人也來受洗,就對他們說:「你們這些毒蛇的後代!誰指示你們逃避那將臨的烈怒呢? 你們要結出與悔改相稱的果子。 不要心裡說,『我們是亞伯拉罕的子孫。』我告訴你們,上帝可以從這些石頭中興起亞伯拉罕的子孫。 10 現在斧頭已經放在樹根上了,不結好果子的樹都要被砍下,丟在火裡。 11 我用水為你們施洗,叫你們悔改。但在我之後,有位比我更有能力的要來,我連替祂提鞋都不配。祂要用聖靈和火為你們施洗。 12 祂手拿簸箕,要把穀場清理乾淨,將麥子存入倉裡,用不滅的火把糠秕燒盡。」

耶穌受洗

13 後來,耶穌從加利利來到約旦河要約翰為祂施洗。 14 約翰想要攔住祂,就說:「應該是你為我施洗才對,你反倒來找我?」

15 耶穌回答說:「你就這樣做吧!我們理當這樣遵行上帝一切的要求。」於是約翰答應了。

16 耶穌受了洗,剛從水裡上來,天就開了。祂看見上帝的聖靈像鴿子一樣降到祂身上, 17 又有聲音從天上傳來:「這是我的愛子,我甚喜悅祂。」