Add parallel Print Page Options

Janbatis ap prepare chemen pou Jezi

(Mat 3:1-12; Lik 3:1-9,15-17; Jan 1:19-28)

Men kòmansman Bòn nouvèl konsènan Jezikris,[a] Pitit Bondye a.[b] Men kijan pwofèt Ezayi ekri:

“Men m ap voye mesaje m nan devan w.
    L ap prepare chemen an devan w.”[c]
“Gen yon moun nan dezè a k ap pale byen fò:
Prepare chemen pou Senyè a;
    fè wout yo byen dwat devan l.”[d]

Janbatis ki te vin nan dezè a epi li t ap di moun yo “vin batize pou montre nou vle chanje lavi nou epi Bondye va padone peche nou.” Moun t ap soti nan tout rejyon Jide a ak nan tout Jerizalem pou vin tande Jan. Yo te konfese peche yo epi Jan te batize yo nan rivyè Jouden an.

Jan te abiye ak yon rad ki fèt ak po chamo. Li te gen yon sentiwon an kui nan ren li. Li te konn manje krikèt ak siwo myèl.

Men sa Jan t ap di yo: “Moun ki gen pou vin apre m nan pi puisan pase m. Mwen pa bon ase pou m ta demare lasèt sandal li. Mwen batize nou nan dlo, men li menm l ap batize nou nan Sentespri a.”

Jan te batize Jezi

(Mat 3:13-17; Lik 3:21-22)

Nan epòk Jan t ap batize moun nan, Jezi sot Nazarèt, yon ti vil ki nan rejyon Galile, epi Jan te batize l tou nan rivyè Jouden an. 10 Tousuit apre l te soti nan dlo a, Jezi wè syèl la fann an de epi Sentespri Bondye desann sou li tankou yon pijon. 11 Epi yon vwa nan syèl la di: “Ou se Pitit mwen renmen anpil la; Ou fè kè m kontan anpil.”

Satan tante Jezi

(Mat 4:1-11; Lik 4:1-13)

12 Tousuit apre, Sentespri a te mennen Jezi nan dezè a. 13 Li pase karant jou nan dezè a pandan Satan t ap tante l pou chache fè l tonbe nan peche. Pandan tan sa a, Jezi te nan mitan bèt sovaj yo epi se te anj Bondye yo ki t ap sèvi l.

Jezi kòmanse ministè li nan Galile

(Mat 4:12-17; Lik 4:14-15)

14 Apre yo fin mete Jan nan prizon, Jezi al Galile, li kòmanse preche Bòn Nouvèl Bondye a. 15 Li di: “Lè a rive! Pa gen tan ankò. Wayòm Bondye rive sou nou. Chanje direksyon lavi nou epi kwè nan Bòn nouvèl la.”

Jezi chwazi kèk disip

(Mat 4:18-22; Lik 5:1-11)

16 Pandan Jezi t ap mache bò lak Galile a, li te wè Simon[e] ak Andre, ki se frè Simon, yo t ap voye senn yo nan lak la, paske mesye sa yo se pechè pwason yo te ye. 17 Jezi di yo: “Vin swiv mwen! Mwen pral montre nou peche moun pito.” 18 La menm, yo kite senn yo epi yo swiv Jezi.

19 Jezi te mache yon ti kras pi lwen, li te wè de lòt frè, Jak ak Jan, pitit Zebede yo. Mesye yo te nan bato a epi yo t ap repare senn yo. 20 San pèdi tan, li rele yo. Mesye yo leve, yo kite papa yo, Zebede, nan bato a ak tout ouvriye yo, epi yo swiv Jezi.

Jezi geri yon nonm ki te anba puisans move lespri

(Lik 4:31-37)

21 Jezi ak disip li yo te ale lavil Kapènawòm. Konsa, lè pwochen jou saba a te rive, Jezi te ale nan reyinyon nan sinagòg la, epi li kòmanse anseye moun ki te la yo.[f] 22 Pèp la pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye. Jezi pa t anseye menm jan ak pwofesè lalwa yo, paske li te anseye avèk otorite. 23 Menm lè sa a, te gen yon nonm ki te gen yon move lespri sou li, nan sinagòg la. Li te pran krye byen fò: 24 “Jezi moun Nazarèt, Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a!”

25 Jezi pale byen rèd ak lespri a, li di l: “Fèmen bouch ou, retire kò w sou misye a!” 26 Movèzespri a sakaje misye a. Li pouse yon gwo kri epi li sòti sou misye a.

27 Tout moun te sezi wè sa ki te rive a, epi yo te komanse ap fè gwo diskisyon ant yo menm, youn t ap di lòt: “Sa k ap pase la a? Nonm sa a vini ak yon nouvo ansèyman ki mache avèk otorite. Li menm pase move lespri yo lòd epi yo oblije obeyi l.” 28 Sa ou tande a, nouvèl la gaye nèt nan tout rejyon Galile a.

Jezi geri anpil moun

(Mat 8:14-17; Lik 4:38-41)

29 Tousuit apre, Jezi avèk moun ki t ap swiv li yo soti nan sinagòg la. Yo ale lakay Simon ak Andre ansanm avèk Jak epi Jan. 30 Bèlmè Simon an te twouve l kouche malad ak lafyèv. Moun nan kay la di Jezi sa. 31 Jezi pwoche bò kote madanm lan, Jezi te touche men madanm lan epi lafyèv la tonbe. Madanm nan leve epi li te sèvi moun yo manje.[g]

32 Nan aswè, apre solèy te fin kouche, moun nan Kapènawòm mennen yon pakèt moun malad ak moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. 33 Tout vil la te rasanble devan pòt kay la. 34 Jezi geri yon pil moun ki te gen tout kalite maladi, li chase anpil demon ki te sou yo tou. Men li pat pèmèt demon yo pale, paske demon yo te konnen kilès li ye.

Jezi ale nan lòt vilaj yo

(Lik 4:42-44)

35 Byen bonè nan demen maten, anvan menm li fè jou, Jezi kite kay la, l ale nan yon ti kote apa pou li priye. 36 Simon ak moun ki te avèk li yo te soti pou yo al chache Jezi. 37 Lè yo jwenn Jezi, yo di li: “Tout moun ap chache w wi.”

38 Men Jezi reponn yo: “Ann al nan lòt ti vil yo tou pou m kapab preche yo tou, paske se pou sa m vini nan zòn nan.” 39 Se konsa li te mache bay mesaj la nan sinagòg yo ki nan tout rejyon Galile a, epi li t ap chase demon.

Jezi geri yon nonm malad

(Mat 8:1-4; Lik 5:12-16)

40 Yon nonm ki te gen yon move maladi po vin kote Jezi, li mete ajenou devan l epi li mande Jezi fè yon bagay pou li. Nonm nan di Jezi: “Si ou vle ou kapab geri m.”[h]

41 Jezi te santi l endinye[i] poutèt nonm nan. Li lonje men l epi li touche nonm nan. Li di: “Mwen vle. Geri!” 42 La menm, maladi po a te disparèt sou nonm nan, li te geri epi li te pwòp.

43 Jezi te di nonm lan li dwe ale. Men li ba li yon avètisman byen sevè. 44 Li di l: “Pa di pèsonn sa m fè pou ou. Men al fè sakrifikatè a egzamine w,[j] epi ofri sakrifis lalwa Moyiz la mande a. Konsa, tout moun va wè ou geri vre.” 45 Men, li gaye nouvèl la bay tout moun li rankontre. Se sa k fè Jezi pa t ka antre nan yon vil an piblik ankò. Jezi rete nan kèk ti zòn izole. Ak tout sa, pèp la sòti toupatou pou vin jwenn li.

Footnotes

  1. 1:1 Jezikris Literalman, “Jezi ki se Kris la”, se yon mo Grèk ki tradui mo Ebre “Mesi”. Gade Kris ak Mesi nan Lis Mo yo. Gade tou nan vèsè 20 epi tou nan tout liv sa a.
  2. 1:1 Kèk kopi nan lang Grèk pa gen mo “Pitit Bondye”.
  3. 1:2 Sitasyon sa a soti nan Mal 3:1.
  4. 1:3 Sitasyon sa a soti nan Eza 40:3.
  5. 1:16 Simon Lòt non Simon an se te Pyè. Menm bagay nan vèsè 29, 30, 36.
  6. 1:21 moun ki te la yo Se te yon gwoup moun ki te reyini la, swa pou prye, swa pou etidye Lèzekriti oubyen pou pale sou zafè kominote a. Se yon kote nan anpil vil, Jwif yo te konn reyini pou regle de bagay konsa.
  7. 1:31 manje Nan sans ospitalite.
  8. 1:40 geri m Mo grèk itilize nan vèsè sa a vle di “pirifye”, paske yon maladi po konsa te fè po moun nan sal, men plis ankò, yon moun konsa pa t pwòp ase pou fè sèvis pou Bondye.
  9. 1:41 endinye Pi fò nan kopi Grèk yo genyen “Boulvèse ak pitye …”. Men li difisil pou eksplike poukisa kèk bon kopi Grèk ak tradiksyon nan lang Laten yo genyen “Ranpli ak kòlè …”, yon bann teyolojyen jodi a panse se sa ki tèks orijinal la.
  10. 1:44 al fè sakrifikatè a egzamine w Selon Lalwa Moyiz la, prèt yo te dwe deside kilè yon moun ki te gen maladi lalèp te geri epi pwòp. Gade nan Lev 13-14.

¶ Men konmansman Bon Nouvèl ki pale sou Jezikri, Pitit Bondye a.

Nan liv pwofèt Ezayi a, men sa ki te ekri: Bondye di: Men m'ap voye mesaje m' lan devan ou. La louvri chemen an pou ou.

Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li.

Se konsa Jan te parèt nan dezè a, li t'ap batize, li t'ap mache bay mesaj sa a: -Tounen vin jwenn Bondye. vin resevwa batèm, epi Bondye va padonnen peche nou yo.

Tout moun nan peyi Jide a ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm lan te vin jwenn li: yo te konfese peche yo devan tout moun, epi Jan te batize yo nan larivyè Jouden an.

Jan te mete yon rad pwal chamo sou li, ak yon sentiwon an po mare nan ren li. Se krikèt ak gato myèl li te jwenn nan bwa li te manje.

Li t'ap mache bay mesaj sa a: -Moun k'ap vin apre m' lan gen plis pouvwa anpil pase m'. Mwen pa bon ase pou m' ta bese demare sapat ki nan pye li.

Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men li menm, la batize nou nan Sentespri a.

¶ Menm epòk sa a, Jezi te soti Nazarèt, yon bouk nan peyi Galile. Lè sa a, Jan te batize l' nan larivyè Jouden an.

10 Antan Jezi t'ap soti nan dlo a, li wè syèl la louvri, epi Lespri Bondye a desann sou li an fòm yon pijon.

11 Li tande yon vwa ki soti nan syèl la ki di: -Ou se pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kè m' kontan anpil.

12 Touswit apre sa, Lespri Bondye a pouse Jezi al nan dezè a.

13 Li rete la pandan karant jou, epi se la Satan vin tante l'. Jezi t'ap viv nan mitan bèt bwa yo, epi zanj Bondye yo t'ap okipe li.

14 ¶ Apre yo te fin mete Jan nan prizon, Jezi ale nan peyi Galile pou l' te fè konnen Bon Nouvèl Bondye voye a.

15 Li t'ap di yo konsa: -Jou a rive. Koulye a, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bon Nouvèl la.

16 Pandan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de pechè pwason, Simon ak Andre, frè li a. Yo t'ap voye privye nan lanmè a.

17 Jezi di yo konsa: -vin jwenn mwen. m'a fè nou tounen pechè moun pito.

18 Lamenm, yo kite privye yo, y' ale avèk li.

19 Jezi vanse pi lwen, li wè de pitit gason Zebede yo, Jak ak Jan, frè li. Yo te chita nan kannòt yo a, yo t'ap repare privye yo.

20 Lamenm, Jezi rele yo. Yo kite Zebede, papa yo, nan kannòt la ansanm ak ouvrye yo. Y' ale avèk Jezi.

21 Apre sa, Jezi ale ak disip li yo nan yon lavil yo rele Kapènawòm. Jou repo a, Jezi antre nan sinagòg la; li kòmanse moutre moun yo anpil bagay.

22 Yo te sezi tande sa l' t'ap moutre yo. Se pa t' menm jan avèk dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize.

23 ¶ Lè sa a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li vin antre nan sinagòg la, li pran rele:

24 -ey Jezi, moun Nazarèt, kisa nou gen avè ou? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen pwòp ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a.

25 Jezi pale byen fò ak move lespri ki te sou nonm lan, li di li: -Pe la! Soti sou nonm sa a.

26 Move lespri a souke nonm lan byen souke, li bay yon gwo rèl, epi li soti, li ale.

27 Tout moun yo te sitèlman sezi, yonn t'ap mande lòt: -Sa sa ye la a menm! Sa se yon lòt bagay l'ap moutre nou la a. Menm move lespri yo, li pase yo lòd ak otorite, yo obeyi li.

28 Se tout moun ki t'ap nonmen non l' nan peyi Galile a.

29 ¶ Apre sa, yo soti kite sinagòg la, y' ale ansanm ak Jak ak Jan lakay Simon ak Andre.

30 Bèlmè Simon an te kouche ak lafyèv. Rive Jezi rive lakay la, yo di l' sa.

31 Lè sa a, li pwoche bò madanm lan, li pran men l', li fè l' leve. Latou, lafyèv la kite l', epi madanm lan resevwa yo.

32 Aswè, apre solèy fin kouche, yo mennen tout moun malad yo ansanm ak tou sa ki te gen move lespri sou yo bay Jezi.

33 Tout moun lavil la te sanble devan pòt kay la.

34 Lè sa a, Jezi te geri anpil moun ki te soufri divès maladi; li te chase anpil move lespri. Men, li pa t' kite move lespri yo pale, paske yo te konnen ki moun li te ye.

35 Nan granmaten, byen bonè, li pa t' ankò fè klè, Jezi leve, li soti li kite lavil la, li al yon kote ki pa gen moun. La li t'ap lapriyè.

36 Simon ak lòt zanmi l' yo soti, yo t'ap chache Jezi.

37 Lè yo jwenn li, yo di l' konsa: -Tout moun ap chache ou wi.

38 Men li reponn yo: -Ann al yon lòt kote, nan lòt bouk yo nan vwazinaj la. Fòk mwen fè yo konnen mesaj la tou. Se pou sa menm mwen vini.

39 Se konsa li te ale toupatou nan peyi Galile, li t'ap mache bay mesaj la nan sinagòg yo, li t'ap chase move lespri yo.

40 ¶ Yon nonm ki te gen lalèp vin jwenn Jezi; li tonbe ajenou devan li, li mande l' sekou; li di l' konsa: -Si ou vle, ou kapab geri mwen.

41 Kè Jezi fè l' mal, li lonje men l', li manyen nonm lan, li di li: -Wi, mwen vle ou geri.

42 Menm lè a, lalèp la kite l', li geri, li te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

43 Apre sa, Jezi voye l' ale, li pase l' lòd byen sevè.

44 Li di l' konsa: -Piga ou pale sa ak pesonn. Men, al fè prèt la wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd pou ofri a. Konsa wa bay tout moun prèv ou geri.

45 Men, nonm lan pati, li pran mache fè konnen bagay la toupatou. Li sitèlman gaye nouvèl la, Jezi pa t' kapab antre ankò nan okenn lavil pou moun pa t' wè li. Li te pito rete andeyò, kote ki pa gen moun. Men, moun te soti toupatou vin jwenn li.