Lik 6-8
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi se mèt jou repo a
(Mat 12:1-8; Mak 2:23-28)
6 Yon jou saba, Jezi t ap pase nan yon gwo jaden ble. Disip li yo keyi kèk grap ble, yo fwote ble a nan men yo, epi yo t ap manje grenn yo. 2 Lè sa a, kèk nan Farizyen yo di konsa: “Pouki sa n ap fè sa lalwa pa pèmèt nan jou repo a?”
3 Jezi reponn yo, li di yo: “Èske nou pa li sa David te fè lè li menm ak mesye l yo te grangou? 4 Li te antre nan tanp Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje epi li bay mesye ki te ak li yo tou, epi se prèt yo sèlman ki te gen dwa manje pen sa yo.” 5 Apre sa li di yo: “Pitit Lòm nan se chèf jou repo a.”
Jezi geri yon nonm yon jou repo
(Mat 12:9-14; Mak 3:1-6)
6 Yon lòt jou saba, Jezi te antre nan sinagòg la, li t ap anseye pèp la. Vwala te gen yon nonm ki te la ki te andikape nan men dwat li. 7 Skrib yo ansanm ak Farizyen yo t ap veye pou wè si Jezi t ap geri nonm nan pandan jou repo a, paske yo t ap chache jwenn yon koz pou yo akize l. 8 Men, Jezi ki te konnen sa k t ap pase nan tèt yo, li di nonm ki te andikape a: “Leve kanpe nan mitan la a.” Nonm nan leve, li kanpe. 9 Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon. Ki sa lalwa pèmèt moun fè nan jou repo a, byen osinon mal, sove lavi osinon detwi lavi?”
10 Apre sa, Jezi pwonmennen je li gade yo tout, epi li di nonm nan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri. 11 Men Skrib ak Farizyen ki te la yo te fache anpil. Yo t ap diskite antre yo menm sou kisa pou yo ta fè ak Jezi.
Jezi chwazi douz apot li yo
(Mat 10:1-4; Mak 3:13-19)
12 Kèk jou apre, Jezi te ale sou yon ti mòn pou l priye. Li te pase tout nuit la nèt ap priye Bondye. 13 Lè l te fè jou, li rele disip li yo. Li chwazi douz nan pami yo li te rele apot tou.
14 Simon, Jezi te rele l Pyè tou;
Andre, frè Simon an,
Jak,
Jan,
Filip,
Batèlmi.
15 Matye,
Toma,
Jak, pitit Alfe a,
Simon, sa yo te rele zelòt la.
16 Jid, pitit Jak la,
Jida Iskaryòt (sa k te trayi Jezi a).
Jezi anseye pèp la epi li geri anpil moun
(Mat 4:23-25; 5:1-12)
17 Apre sa, Jezi ansanm ak douz apot yo desann mòn nan. Li kanpe sou yon platon. Anpil disip li yo te la ansanm ak anpil anpil lòt moun ki soti nan tout rejyon Jide a, nan Jerizalèm, ak nan rejyon bò lanmè Tir ak Sidon, 18 Yo te vin pou tande li epi pou yo te jwenn gerizon pou maladi yo. Sa yo ki te gen move denmon ap twouble yo te jwenn gerizon tou. 19 Tout moun t ap chache mwayen pou yo manyen Jezi, paske te gen yon puisans ki t ap soti nan li. Jezi te geri yo tout.
20 Apre sa, Jezi leve je l li gade disip li yo epi li di:
“Anpil benediksyon pou nou menm ki pòv,
paske Wayòm Bondye a se pou nou li ye.
21 Anpil benediksyon pou nou menm ki grangou kounye a,
paske vant nou pral plen.
Benediksyon pou nou menm k ap kriye kounye a,
paske kè nou pral kontan.
22 Anpil benediksyon pou nou lè moun rayi nou, lè yo meprize nou, lè yo joure nou, lè yo twouve li pa bon pou yo ta menm site non nou, poutèt mwen menm, Pitit Lòm nan. 23 Se pou nou rejwi lè sa rive. Se pou nou danse menm tèlman nou kontan paske rekonpans nou gran nan syèl la. Zansèt moun sa yo te fè pwofèt yo menm bagay yo tou.
24 Men, malè pou nou, nou menm moun rich yo,
paske nou gen tan jwenn lavi fasil nou isit.
25 Malè pou nou menm k ap manje byen kounye a,
paske n ap gen pou n grangou.
Malè pou nou menm k ap ri kounye a,
paske nou pral nan lapenn, nou pral kriye.
26 Malè pou ou lè tout moun di bon bagay de ou, paske zansèt moun sa yo te fè menm bagay la pou fo pwofèt yo.”
Renmen lènmi ou
(Mat 5:38-48; 7:12a)
27 “Men sa m ap di nou, nou menm k ap koute m: Renmen lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou. 28 Mande Bondye pou l beni moun ki mande pou move bagay rive nou. Priye pou moun ki maltrete nou. 29 Si yon moun frape w nan yon bò machwè w, vire lòt bò a ba li tou. Si yon moun pran vès w, kite l pran chemiz la tou. 30 Nenpòt moun ki mande w, ba li. Nenpòt moun ki pran afè w, pa mande l remèt ou yo. 31 Sa ou ta renmen lòt moun fè pou ou, fè menm bagay pou yo.
32 Si ou renmen moun ki renmen w sèlman, èske ou panse Bondye dwe rekonpanse w pou sa? Non, paske menm moun k ap viv nan peche yo renmen moun ki renmen yo. 33 Menm jan an tou, si ou fè byen pou moun ki fè byen pou ou, ki merit ou genyen pou sa? Menm moun k ap viv nan peche yo fè menm bagay la tou. 34 Si nou prete moun nou konnen ki ka renmèt nou, èske n panse Bondye ta dwe rekonpanse nou pou sa? Menm moun k ap viv nan peche yo prete moun k ap viv nan peche parèy yo pou yo renmèt yo menm kantite a.
35 Men, se pou nou renmen lènmi nou yo, epi fè byen pou yo. Prete moun san nou pa met espwa y ap renmèt nou sa nou prete yo a. Konsa, rekonpans nou va gran. N a pitit Bondye ki pi wo nan syèl la. Paske li menm li bon anvè ni moun ki san rekonesans yo, ni mechan yo. 36 Se pou nou gen kè sansib, menm jan Bondye Papa nou gen kè sansib.
Piga youn kritike lòt
(Mat 7:1-5)
37 Pa jije moun si ou pa vle Bondye jije w tou. Pa kondane moun, kon sa Bondye p ap kondane w non plis. Padone moun, kon sa Bondye a padone w tou. 38 Se pou nou bay, kon sa Bondye ap ban nou tou. N a resevwa anpil. Dyakout nou ap tèlman byen ranpli, l ap fè tiyon, epi l ap ranvèse. Paske jan ou trete lòt moun se kon sa Bondye ap trete w tou.”
39 Apre sa, li rakonte yo yon parabòl. Èske yon avèg kapab mennen yon lòt avèg? Si yon moun avèg ap mennen yon lòt avèg, yo pa lwen tonbe nan yon menm twou. 40 Yon elèv pa pi fò pase mèt li. Men yon elèv ki fin resevwa tout fòmasyon li, l ap fò menm jan ak mèt li.
41 Pouki sa ou wè ti pay ki nan je frè w la, epi ou pa wè bout bwa ki nan pwòp je pa w la? 42 Ki jan ou fè ka di frè ou: “Frè m, kite m retire ti pay ki nan je w la.” Alòske ou pa wè bout bwa ki nan je pa w la? Ipokrit. Se bout bwa ki nan je w la pou ou retire anvan. Apre sa ou ap wè klè pou retire ti pay ki nan je frè w la.
Aksyon w montre kilès ou ye
(Mat 7:17-20; 12:34b-35)
43 Yon bon pyebwa pa janm donnen move fwi, ni yon move pyebwa pa donnen bon fwi. 44 Yo rekonèt kalite yon pyebwa pa mwayen fwi li donnen. Paske yo pa janm keyi fig sou pye pikan. Ni yo pa janm ranmase keyi rezen sou touf pikan. 45 Bon moun gen bon bagay sere nan kè yo. Se sa k fè yo di bon bagay. Men moun ki mechan, se mechanste ki ranpli kè yo. Se sa k fè se move bagay yo di. Sa yon moun di ak bouch li se nan kè l li soti.
De kalite moun
(Mat 7:24-27)
46 Pou kisa n ap rele m Senyè, Senyè tandiske nou pa fè sa mwen di? 47 Moun ki vin jwenn mwen, ki tande pawòl mwen epi ki mete l an pratik, mwen pral montre nou ak kilès yo sanble. 48 Yo tankou yon moun k ap bati yon kay. Li fouye byen fon epi li chouke fondasyon kay la sou wòch. Lapli tonbe anpil epi gwo dlo frape kay la pou ta pote l ale. Men kay la pa brannen, paske li te byen bati.
49 Men moun ki tande pawòl la ki pa mete l an pratik, li tankou yon moun ki bati yon kay atè san fondasyon pou kenbe l. Lè gwo dlo frape kay la, lapoula kay la tonbe, li kraze nèt.
Jezi geri sèvitè yon Ofisye
(Mat 8:5-13; Jan 4:43-54)
7 Lè Jezi fin di pèp la tout pawòl li te gen pou di yo, li antre nan vil Kapènawòm. 2 Te gen yon chèf nan lame Women an ki te gen yon esklav li te renmen anpil, esklav la te malad, prèt pou mouri. 3 Lè chèf la te tande pale de Jezi, li voye kèk nan lidè Jwif yo al mande Jezi pou l vin geri esklav la pou li. 4 Lè mesye yo te rive kote Jezi, yo sipliye li pou l fè sa pou chèf la. Yo di li, “Li merite sa.” 5 Paske li renmen nasyon nou an epi li te peye lajan l pou fè bati yon sinagòg pou nou.
6 Jezi te pran wout la pou ale ak yo. Lè l te prèske rive nan kay la, chèf nan lame Women an voye kèk zanmi al kote Jezi pou di li: “Senyè, ou pa bezwen bay tèt ou traka. Mwen pa merite pou antre lakay mwen. 7 Se poutèt sa mwen pa kwè mwen ase bon pou m parèt devan w. Sèlman di yon mo, epi sèvitè m nan ap geri. 8 Paske mwen menm tou mwen gen otorite sou tèt mwen epi mwen gen anpil sòlda anba otorite m. Lè m di youn: Ale, li ale. Lè m di yon lòt: Vini, li vini. Lè m di sèvitè m: Fè tèl bagay, li fè l.”
9 Lè Jezi tande pawòl sa yo, li te etone. Li vire gade foul moun ki t ap swiv li a, epi li di yo: “Menm nan peyi Izrayèl mwen pa jwenn yon moun ki gen tout lafwa sa a.”
10 Lè moun chèf la te voye kot Jezi yo retounen lakay, yo jwenn sèvitè a geri.
Jezi resisite pitit gason yon vèv Nayin
11 Nan demen, Jezi t ap vwayaje ale nan yon vil yo rele Nayin. Disip li yo ansanm ak yon gwo foul t ap vwayaje ansanm ak li. 12 Etan l ap rive nan pòt lavil la, Jezi wè y ap pote yon kadav, sèl pitit gason vèv la te genyen. Anpil moun lavil la te akonpanye madanm nan ak kadav la. 13 Lè Senyè a wè madanm nan, li te gen konpasyon pou li epi li di li: “Pa kriye.” 14 Jezi pwoche pi pre, li manyen sèkèy la. Menm lè a, mesye yo ki t ap pote sèkèy la rete kanpe anplas, epi Jezi di: “Jèn gason, mwen di w leve!” 15 Menm kote a, jèn nonm ki te mouri a leve chita epi li kòmanse pale. Jezi remèt li bay manman li.
16 Yon gwo laperèz te anvayi tout moun yo. Yo t ap glorifye non Bondye. Yo t ap di: “Yon gran pwofèt resisite nan mitan nou.” Yo t ap di tou: “Bondye vizite pèp li a.”
17 Nouvèl la te gaye nan tout teritwa Jide a ak nan tout rejyon ozalantou yo.
Janbatis voye poze Jezi yon kesyon
(Mat 11:2-19)
18 Disip Janbatis te rakonte l tout bagay sa yo tou. Konsa, li rele de nan disip li yo. 19 Li voye yo al poze Senyè a kesyon sa a: “Èske ou se sila a nou t ap tann ki te gen pou vini an, osinon nou dwe tann yon lòt?”
20 Mesye yo vini kote Jezi epi yo di li: “Janbatis voye nou vin poze w kesyon sa a: Èske ou se sila a nou t ap tann ki te gen pou vini an, osinon nou dwe tann yon lòt?”
21 Lè sa Jezi t ap geri anpil malad ansanm ak anpil moun enfim. Li t ap chase move lespri epi li t ap fè anpil avèg wè ankò. 22 Jezi reponn mesye yo, li di yo: “Al di Jan sa nou wè ak sa nou tande. Avèg yo wè. Kokobe yo mache. Moun ki gen lèp jwenn gerizon. Moun soud yo tande. Moun mouri resisite. Pòv yo tande mesaj Bòn Nouvèl la. 23 Benediksyon pou tout moun ki pa gen dout sou mwen!”
24 Pandan mesaje Janbatis yo t aprale, Jezi kòmanse pale ak foul la konsènan Janbatis. “Ki sa nou t al wè nan dezè a? Èske se yon pye wozo van t ap souke? 25 Non, seryezman! Ki sa nou t al wè pito? Èske se yon moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè? Nou konnen byen moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè yo se nan palè nou jwenn yo. 26 Men, kisa nou t al wè menm? Yon pwofèt? Wi. M ap di nou sa: Li plis pase yon pwofèt. 27 Men sa ki ekri nan Bib la sou li:
Men m ap voye mesaje m nan devan w.
L ap prepare chemen an devan w.(A)
28 M ap di nou sa: Nan pami tout moun sou latè, pa gen youn ki gen plis valè pase Janbatis. Epoutan, moun ki mwens enpòtan nan wayòm Bondye a gen plis valè pase Janbatis.”
29 Tout moun ki te resevwa batèm Janbatis la te rekonèt plan Bondye a te bon, lè yo te tande ansèyman Jezi yo. Menm pèseptè kontribisyon yo te rekonèt epi resevwa batèm Janbatis la. 30 Men, Farizyen ansanm ak doktè lalwa yo te derefize aksepte plan Bondye pou yo. Yo pa t dakò resevwa batèm Janbatis la.
31 “A kisa m te ka konpare moun k ap viv nan tan alèkile yo? A kisa yo sanble menm? 32 Yo tankou yon bann timoun ki chita sou plas piblik k ap rele youn lòt pou di:
Nou jwe mizik ak flit pou nou,
nou pa danse.
Nou chante chan ki tris pou nou,
nou pa kriye.
33 Janbatis vini li pa ni manje pen ni li pa bwè diven, nou di li gen yon denmon sou li. 34 Pitit Lòm nan vini, li manje li bwè menm jan ak tout moun. Yo di li se granmanjè, ak bwasonyè. Yo di li se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun movèz repitasyon. 35 Men vrè sajès la ap toujou bay bon rezilta nan pitit li yo.”
Jezi ak yon fi ki t ap mennen movèz vi
36 Youn nan Farizyen yo te mande Jezi pou vin manje ak li. Jezi antre lakay Farizyen an epi li pran plas li bò tab la pou l manje.
37 Te gen yon fi nan vil sa a ki t ap mennen movèz vi. Fi sa a te konnen Jezi t ap manje lakay Farizyen an. Konsa, li vini avèk yon boutèy ki te fèt ak yon wòch ki te gen anpil valè.[a] Boutèy la te plen pafen. 38 Li mete kò l yon jan pa dèyè bò pye Jezi epi li t ap kriye. Li mouye pye Jezi ak dlo je li epi li siye yo ak cheve nan tèt li. Li tonbe bo pye Jezi epi li vide pafen an sou pye yo.
39 Lè Farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li di nan kè l: “Si nonm sa a te yon pwofèt vre, li t ap konnen ki kalite moun k ap manyen n nan, paske fi sa a se yon moun k ap mennen movèz vi.”
40 Jezi reponn Farizyen an, li di li: “Simon, kite m di w yon bagay.”
Simon di li: “Pale non, Mèt.”
41 Jezi di: “Te gen de moun ki te dwe yon bankye lajan. Youn te dwe senk san (500) goud epi lòt la te dwe senkant (50) goud. 42 Toulede mesye yo pa t gen mwayen ditou pou peye dèt yo. Bankye a te fè pa yo. Li efase dèt yo. Ki lès nan de mesye sa yo ou panse k ap renmen bankye a plis?”
43 Simon reponn: “M panse se moun li efase pi gwo dèt la pou li a.”
Jezi di li: “Ou byen reponn.” 44 Apre sa Jezi vire gade fi a, epi li di Simon konsa: “Ou wè dam sa a? M te antre lakay ou, ou pa t banm dlo pou m lave pye m; men li menm, li lave pye m ak dlo je li epi li siye yo ak cheve li. 45 Ou pa t bo m; men li menm, depi mwen antre la a, li pa sispann bo pye m. 46 Ou pa t vide lwil sou tèt mwen; men li menm, li vide pafen santi bon sou pye m. 47 Se poutèt sa, mwen di ou, peche l yo ki anpil vre jwenn padon. Se sa k fè li fè tout bagay sa yo pou montre jan li renmen anpil. Moun yo padone ti kras ap renmen yon ti kras tou.”
48 Apre sa Jezi di li: “Peche w yo padone!”
49 Lè sa a, moun yo ki te chita bò tab la kòmanse di youn lòt: “Ki lès nonm sa a panse l ye menm pou l ta padone peche moun?”
50 Jezi di fi a konsa: “Poutèt ou kwè, ou delivre anba peche w yo. Ale ak lapè.”
Gwoup moun ki te ak Jezi a
8 Apre sa, Jezi t ap vwayaje nan tout vil yo ak bouk yo, li t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a. Douz disip li yo te ansanm ak li tou. 2 Te gen yon ekip medam avèk li tou. Se moun ki te gen move lespri sou yo ak lòt kalite maladi, lè te geri yo. Youn ladan yo se te Mari, moun Magdala a, sa Jezi te chase sèt denmon sou li a. 3 Nan pami medam sa yo, te gen Jàn, madanm Kouza. Kouza sa te responsab pou jere byen Wa Ewòd yo. Te gen Sizàn ak anpil lòt medam ankò. Tout medam sa yo te konn pran nan pwòp byen yo pou yo fè pwovizyon pou Jezi ak disip li yo.
Istwa yon plantè ki t ap simen grenn
(Mat 13:1-17; Mak 4:1-12)
4 Yon gwo foul moun te rasanble. Yo te soti nan tout vil yo vin jwenn Jezi epi li rakonte yo parabòl sa a:
5 “Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn. Pandan l ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Pye pile yo epi zwazo nan syèl manje grenn yo. 6 Gen lòt ki tonbe nan yon sou karyann. Yo kòmanse grandi men yo seche, paske yo pa jwenn ase tè mouye. 7 Gen lòt toujou ki tonbe nan mitan pikan. Yo kòmanse grandi, men pikan yo toufe yo. 8 Gen lòt menm ki tonbe nan bon tè. Yo grandi. Yo donnen anpil fwi, menm san fwa lavalè.”
Lè l fin rakonte istwa a, li di byen fò: “Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande.”
9 Disip Jezi yo mande l: “Ki sa parabòl sa vle di?”
10 Jezi reponn yo: “Bondye fè nou gras pou nou konnen tout ti sekrè wayòm Bondye a. Men lòt yo menm, yo pale ak yo an parabòl poutèt
Menm lè yo wè,
yo pa vrèman wè.
Menm lè yo tande,
yo pa vrèman ni tande ni konprann.(B)
Jezi eksplike istwa plantè a
(Mat 13:18-23; Mak 4:13-20)
11 Men sa parabòl sa a vle di: Grenn yo se pawòl Bondye a. 12 Gen moun se tankou grenn ki tonbe bò chemen an yo ye. Lè yo fin tande pawòl Bondye, Satan vini li fè yo bliye li pou yo ka pa kwè, pou yo pa sove. 13 Grenn ki tonbe nan tè ki gen wòch yo, se tankou moun lè yo tande pawòl la, yo resevwa l ak anpil jwa. Men yo pa pouse rasin. Konsa, yo kwè pou yon ti bout tant, men lè eprèv frape yo, yo vire do bay Bondye.
14 Grenn ki tonbe nan pikan yo menm, se tankou moun ki tande pawòl la, men firamezi y ap avanse, traka nan lavi chak jou a, richès ak plezi lavi kwense yo fè yo pa byen devlope. Si se pou donnen, yo donnen, men fwi yo pa janm rive a tèm pou yo ta pwodui yon bon rekòt. 15 Grenn ki tonbe nan bon tè yo menm, se tankou moun ki tande pawòl la ak yon kè onèt epi bon. Yo obeyi pawòl la kòrèkteman epi avèk pasyans, yo pwodui yon bon rekòt.
Chache konprann sa ou tande
(Mak 4:21-25)
16 Pèsonn p ap limen yon lanp pou l kouvri l anba yon bokit osinon pou l sere l anba kabann. Okontrè, l ap mete l anlè sou etajè, yon fason pou lè moun ap antre limyè a ka klere pou yo. 17 Tout bagay ki kache gen pou parèt aklè. Tout bagay ki te fèt ankachèt gen pou devwale, epi tout moun gen pou wè yo. 18 Fè atansyon sou jan n ap tande pawòl la. Paske, moun ki gen bon konprann, y ap ba li plis bon konprann. Men, nenpòt moun ki pa gen bon konprann, menm sa l te sanble genyen an y ap retire l nan men l.”
Se disip Jezi ki vrè fanmi li
(Mat 12:46-50; Mak 3:31-35)
19 Manman ak frè Jezi yo te vin parèt. Men, poutèt foul la, yo pa t kapab rive kote Jezi te ye a. 20 Yon moun di Jezi konsa: “Men manman w ak frè w yo kanpe deyò a, yo vle wè w.”
21 Jezi reponn yo: “Manman m ak frè m se moun ki tande pawòl Bondye epi ki fè sa li mande a.”
Jezi kalme yon tanpèt
(Mat 8:23-27; Mak 4:35-41)
22 Yon jou, Jezi te monte nan yon bato ansanm ak disip li yo epi li di yo: “Annou travèse sou lòt bò lak la.” Konsa, yo kòmanse navige pou y ale. Etan yo t ap navige, dòmi te pran Jezi. 23 Lamenm, yon gwo van vin tonbe soufle sou lak la. Bato a te kòmanse pran dlo epi lavi mesye yo te an danje. 24 Disip yo pwoche bò kote Jezi, yo reveye l. Yo di: “Mèt, mèt, men n ap nwaye wi.”
Jezi leve, li pale byen rèd ak van an ansanm ak lanm lanmè yo. Van an sispann epi lanmè a vin kal. 25 Apre sa, Jezi di disip yo: “Kote lafwa nou?”
Disip yo menm te pè epi yo te sezi tou. Yo t ap pale youn ak lòt. Yo t ap di: “Ki lès nonm sa a ye menm, pou menm van ak lanmè li pase yo lòd epi yo obeyi l?”
Jezi delivre yon nonm anba move lespri
(Mat 8:28-34; Mak 5:1-20)
26 Jezi ak disip li yo navige ale nan peyi Jerazenyen[b] yo ki sitiye lòt bò lak la, fas pou fas ak Galile. 27 Kou Jezi kite bato a, li desann atè, yon nonm lavil la ki te gen move lespri sou li kontre ak Jezi. Pandan anpil tan, nonm sa a pa t mete rad sou li, li pa t abite nan yon kay tankou tout moun, men se nan mitan tonm li te abite nan simityè.
28 Lè l fè sa li wè Jezi, li kriye byen fò. Li lage kò l atè devan Jezi epi li di byen fò: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Mwen priye w angras, pa toumante m non.” 29 Li te pale kon sa paske Jezi te di move lespri a, “Soti nan nonm sa a.” Lè w tande denmon an te konn sele nonm sa a, se mare yo te konn mare ni men li ni pye li nan chenn epi mete l nan prizon. Malgre sa toujou, move lespri a te konn fè l kase chenn yo epi pati ak li ale nan raje, kote ki pa gen moun.
30 Jezi mande li: “Ki jan ou rele?”
Li reponn: “Lejyon.”[c] Li te di sa paske se anpil anpil denmon ki te antre sou nonm nan. 31 Lespri yo te pran soupriye Jezi pou l pa t voye yo ale nan gwo tou san fon an.[d] 32 Te gen yon latriye kochon ki t ap manje sou mòn nan. Denmon yo soupriye Jezi pou l ba yo pèmisyon antre nan kochon sa yo. Jezi te ba yo pèmisyon. 33 Denmon yo soti sou nonm nan, yo antre sou kochon yo. Kochon yo kouri al lage kò yo nan falèz la. Y al nwaye tèt yo nan lak la anba.
34 Lè yo wè sa, moun ki t ap gade kochon yo pran kouri al gaye nouvèl la nan lavil la ak nan tout zòn andeyò yo. 35 Anpil moun kouri vini pou wè sa k te pase a. Lè yo rive kote jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen denmon yo sou li a chita nan pye Jezi. Li te byen abiye epi li te nan bon sans li. Sa te fè moun yo vin gen laperèz. 36 Moun ki te temwen yo te pran rakonte lòt yo kijan nonm ki te gen denmon sou li a te geri. 37 Apre sa, tout moun yo ki t ap viv nan tout rejyon alantou peyi Jerazenyen yo te mande Jezi pou l pati kite zòn nan, paske yo te vin pè anpil.
Jezi tou monte nan yon kannòt li retounen Galile. 38 Nonm ki te gen move lespri sou li a t ap ensiste pou l te ale avèk Jezi, men Jezi te refize. Li voye l ale, li di l: 39 “Retounen lakay ou, al rakonte sa Bondye fè pou ou.”
Nonm nan ale, li mache nan tout lavil la ap fè konnen sa Jezi fè pou li.
Jezi resisite yon jèn fi epi li geri yon madam
(Mat 9:18-26; Mak 5:21-43)
40 Lè Jezi retounen nan Galile, yon foul moun te kontan resevwa li, paske tout moun t ap tann li. 41 Yon nonm yo rele Jayiris vin devan li. Jayiris se te youn nan chèf sinagòg yo. Li lage kò l atè nan pye Jezi, li t ap soupriye l pou l al lakay li avè l. 42 Paske sèl pitit fi li ki te gen anviwon douzan kon sa te prèske mouri.
Lè pou Jezi te ale lakay Jayiris, yon foul moun t ap kwense l toupatou. 43 Nan foul la te gen yon fi ki te gen yon emoraji sou li depi douzan. Li gentan depanse tout resous li te genyen kay doktè,[e] men yo youn pa t ka geri li. 44 Li bat li pase pa dèyè, li touche ke rad Jezi epi lamenm emoraji a koupe. 45 Apre sa, Jezi di: “Ki lès ki touche m nan?”
Tout moun di se pa yo menm. Epi Pyè di: “Mèt, ou nan kalite foul sa a, moun fwote sou ou, moun toupatou?”
46 Men Jezi reponn: “Wi m di w gen yon moun ki touche m. Paske mwen santi yon puisans soti sou mwen.” 47 Lè fi ki te touche Jezi a wè li pa ka kache bagay la, li vin lage kò l atè devan Jezi. Pandan l tou ap tranble, li temwanye devan tout pèp la poukisa li te touche Jezi. Epi li di yo li te geri imedyatman. 48 Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze.”
49 Pandan Jezi t ap pale toujou, yon moun soti lakay Jayiris ki chèf sinagòg la, li vin di Jayiris konsa: “Ti fi a gentan mouri. Ou pa bezwen twouble mèt la ankò.”
50 Men Jezi ki te tande sa moun nan te di Jayiris la, li di Jayiris konsa: “Ou pa bezwen pè. Annik kwè sèlman epi pitit ou a ap geri.”
51 Lè Jezi rive nan kay la, li pa t pèmèt okenn moun antre ak li, eksepte Pyè Jan ak Jak, ansanm ak papa ti fi a epi manman li. 52 Tout moun t ap kriye. Yo te aflije pou ti pitit la. Men Jezi di yo: “Pa kriye. Paske tifi a pa mouri. Se dòmi l ap dòmi.”
53 Konsa, moun yo te pran pase Jezi nan betiz, paske yo konnen tifi a te mouri. 54 Men Jezi pran men tifi a. Li rele l byen fò, li di: “Ti pitit, leve!” 55 Lespri tifi a retounen nan limenm epi san pèdi tan li leve kanpe. Apre sa Jezi mande pou yo ba l manje. 56 Manman ak papa tifi a te sezi anpil. Jezi pase yo lòd pou yo pa di pèsonn kisa k te pase.
Footnotes
- 7:37 wòch ki te gen anpil valè Literalman, “alabastè”. Se te yon kalite wòch ki te byen bèl yo te konn fè twou ladan l pou fè l sèvi kòm boutèy.
- 8:26 Jerazenyen Kèk kopi nan lang Grèk yo genyen “Gadarenyen” epi kèk lòt genyen “Jegazenyen”.
- 8:30 Lejyon Non sa a vle di anpil anpil. Yon lejyon se te yon rejiman ki te gen 6,000 sòlda nan lame Women an.
- 8:31 gwo tou san fon an Literalman, “yon abim”, se menm jan ak twou trè fon, kote yo te konn kenbe move lespri yo.
- 8:43 Li gentan depanse … doktè Kèk kopi nan lang Grèk pa gen pawòl sa yo.
Copyright © 2017 by Bible League International