Add parallel Print Page Options

¶ Yon jou, Jezi te bò kote letan Jenezarèt la; yon foul moun t'ap kwense l' toupatou pou tande pawòl Bondye a.

Li wè de kannòt bò rivaj la; pechè yo te desann atè, yo t'ap lave senn yo.

Jezi moute nan yonn nan kannòt yo ki te pou Simon. Li mande l' pou l' vanse yon ti kras nan fon. Antan Jezi chita nan kannòt la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay.

Lè li fin pale, li di Simon konsa: Vanse kannòt la plis nan fon; jete senn ou pou peche.

Simon reponn li: Mèt, nou pase tout nwit lan ap travay san nou pa pran anyen. Men, paske se ou ki di nou fè sa, nou pral lage senn lan.

Yo lage senn lan; yo pran yon kantite pwason. Tèlman pwason yo te anpil, senn lan t'ap chire.

Yo fè asosye yo ki te nan lòt kannòt la siy vin ede yo. Yo vini; de kannòt yo te sitèlman plen pwason, yo te prèt pou koule.

Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l' nan pye Jezi, li di l' konsa: Mèt, pa rete kote mwen, paske mwen pa bon.

Yon sèl sezisman te pran Simon ak tout mesye ki te avèk li yo lè yo wè kantite pwason yo te pran.

10 Se te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, de pitit Zebede yo, ki te asosye Simon. Lè sa a Jezi di Simon: Pa pè. Depi koulye a se moun ou pral peche.

11 Yo mennen kannòt yo atè, yo kite tout bagay, y' ale avèk Jezi.

12 ¶ Pandan Jezi te nan yon lavil, yon nonm ki te kouvri ak lalèp vin rive. Lè l' wè Jezi, li lage kò l' fas atè, li di l' konsa: Mèt, si ou vle, ou ka geri mwen.

13 Jezi lonje men l', li manyen nonm lan, li di l': Wi, mwen vle ou geri. Menm lè a, lalèp la kite li.

14 Jezi pase l' lòd sevè sa a: Pa di pesonn sa. Men, ale fè prèt la wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa wa bay tout moun prèv ou geri.

15 Malgre sa, nouvèl la gaye pi plis; moun t'ap vin an foul pou tande li, pou chache gerizon nan men li.

16 Men, Jezi wete kò l', li al yon kote ki pa gen moun menm, li t'ap lapriyè.

17 ¶ Yon jou, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay. Kèk farizyen ak kèk dirèktè lalwa te chita la; yo te soti nan tout bouk Galile yo, nan bouk Jide yo ak nan lavil Jerizalèm. Pouvwa Bondye te avèk Jezi, li t'ap geri malad yo.

18 Se konsa, kèk moun vin ap pote yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Yo t'ap chache fè l' antre nan kay la pou mete l' devan Jezi.

19 Men, akòz foul moun yo, yo pa t' jwenn plas pou fè l' antre. Lè yo wè sa, yo moute sou do kay la, yo fè yon twou nan kouvèti kay la ki te fèt an brik, yo file malad la desann ak tout kabann li, nan mitan moun yo, dwat devan Jezi.

20 Jezi wè jan yo te kwè nan li, li di nonm malad la: Monchè, tout peche ou yo padonnen.

21 Dirèktè lalwa ak farizyen yo t'ap di nan kè yo: Kilès nonm sa a k'ap pale mal sou Bondye konsa? Pa gen moun sou latè ki ka padonnen peche: sa se travay Bondye sèlman.

22 Jezi menm te konnen sak t'ap pase nan tèt yo, li di yo konsa: Poukisa n'ap fè lide konsa nan tèt nou?

23 Ki sak pi fasil pou m' di: Peche ou yo padonnen osinon: Leve kanpe, mache.

24 Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m' padonnen peche tande. Apre sa, Jezi di nonm paralize a: Se mwen menm k'ap pale avè ou: Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou.

25 Menm lè a, nonm lan kanpe devan yo tout, li pran kabann li te kouche sou li a, li al lakay li, li t'ap fè lwanj Bondye.

26 Tout moun te sezi. Yo t'ap fè lwanj Bondye. Yo te pè anpil tou, yo t'ap di: Ala bèl mèvèy nou wè jòdi a!

27 ¶ Apre sa, Jezi soti, li wè yon pèseptè kontribisyon yo te rele Levi. Li te chita devan biwo travay li.

28 Jezi di l' konsa: Swiv mwen. Levi annik leve, li kite tout bagay, li swiv Jezi.

29 Apre sa, Levi fè yon gwo resepsyon lakay li pou Jezi. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun ankò ki te chita bò tab la avèk yo.

30 Farizyen yo ak dirèktè lalwa ki te fè gwoup ak yo t'ap babye, yo di disip Jezi yo: Poukisa n'ap plede manje, n'ap plede bwè konsa ak pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun k'ap fè sa ki mal?

31 Jezi reponn yo: Lè yon moun ansante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè.

32 Enben, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye, men moun k'ap fè sa ki mal pou yo kapab tounen vin jwenn Bondye.

33 Gen kèk moun ki di Jezi konsa: Patizan Jan Batis yo ak patizan farizyen yo fè jèn souvan, se tout tan y'ap lapriyè. Men disip pa ou yo, tout tan se manje, se bwè.

34 Jezi reponn yo: Eske nou ka fòse zanmi yon nonm k'ap marye pou yo rete san manje tout tan li la avèk yo?

35 Non. Men, lè lè a rive pou nonm k'ap marye a pa avèk yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.

36 Epi li di yo parabòl sa a: Pesonn p'ap chire yon moso nan yon rad nèf pou pyese yon vye rad. Si ou fè sa, ou chire rad nèf la, lèfini moso twal nèf la pa ale ak vye rad la non plis.

37 Konsa tou, pesonn pa mete diven ki fenk fèt nan vye veso fèt an po. Si ou fè sa, diven ki fenk fèt la va pete veso an po yo. Lè sa a, diven an koule atè, veso an po yo pèdi tou.

38 Men, diven ki fenk fèt, sa dwe ale nan veso an po ki fenk fèt tou.

39 Yon moun ki fin bwè diven ki la lontan p'ap vle bwè diven ki fenk fèt. Se sa pawòl la di: Pi vye pi bon.

Jezi chwazi kèk disip

(Mat 4:18-22; Mak 1:16-20)

Vwala yon jou Jezi te kanpe bò lak Jenezarèt la, epi yon foul moun t ap kwense li pou yo tande pawòl Bondye a. Li te wè de bato bò lak la. Bato yo te vid paske pechè yo t ap lave filè yo. Jezi monte nan youn nan bato yo, sa k te pou Simon an, epi li mande Simon pou l avanse bato a yon ti kras plis nan mitan dlo. Li te chita nan bato a epi li te kòmanse anseye foul la.

Lè Jezi te fin anseye, li di Simon konsa: “Avanse bato a nan kote ki pi fon an epi jete filè a pou pran enpe pwason.”

Simon reponn, li di: “Mèt, nou gentan travay pandan tout nuit la deja, nou pa pran anyen. Men, poutèt se ou menm ki di jete filè a, m ap jete l.” Lè yo jete filè a, mesye yo pran yon gran kantite pwason ki te fè filè a kòmanse chire. Yo fè asosye yo ki te nan lòt bato a siy pou vin ede yo. Mesye yo vini, yo ranpli tou de bato yo ak pwason. Bato yo te prèt pou koule.

Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l nan pye Jezi, epi li di li: “Pa rete kote mwen, Senyè. Mwen se yon pechè.” Li te di sa paske li menm ak tout moun ki te avè l yo te sezi wè kantite pwason yo te pran. Simon Pyè ansanm ak tout moun ki te ak li yo pa t manke sezi, lè yo wè kantite pwason yo te pran yo. 10 Se te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, de pitit Zebede yo, ki te asosye Simon tou.

Jezi di yo: “Nou pa bezwen pè. Apati de jodi a, nou pral peche moun pito.”

11 Yo rale bato a atè sou rivaj la, yo kite tout bagay, epi yo swiv Jezi.

Jezi geri yon nonm malad

(Mat 8:1-4; Mak 1:40-45)

12 Pandan Jezi te nan youn nan vil yo, yon nonm ki te gen tout kò l kouvri ak la lèp te rankontre ak li. Lè li wè Jezi, nonm nan lage kò l fas atè, li sipliye Jezi, li di li: “Mèt, si ou vle, ou kapab pirifye m.”

13 Jezi lonje men l, li touche nonm ki te malad la. Epi li di: “Mwen vle w geri!” La menm lèp la disparèt sou li. 14 Jezi pase mesye a lòd pou l pa di pèsonn moun anyen. Li di l: “Ale fè prèt la wè ou.[a] Ofri sakrifis pou pirifikasyon ou, jan lalwa Moyiz la mande a. Sa ap pèmèt tout moun wè ou geri vre.”

15 Malgre sa, nouvèl konsènan mèvèy Jezi te fè yo te gaye pi rèd toujou. Moun te rasanble an foul pou vin tande Jezi epi pou jwenn gerizon pou maladi yo. 16 Men, Jezi li menm rale kò li. Li ale nan yon kote ki pa gen moun, li al priye.

Jezi geri yon nonm paralize

(Mat 9:1-8; Mak 2:1-12)

17 Yon jou, pandan Jezi t ap anseye pèp la, kèk Farizyen ansanm ak direktè Lalwa ki te la ap koute. Yo te soti nan tout bouk yo nan Galile, nan Jide, ak nan Jerizalèm. Senyè a te bay Jezi puisans pou l geri malad. 18 Se konsa te gen kèk moun ki te vin rive ak yon nonm paralize ki te kouche sou yon kabann. Yo t ap chache rive kote Jezi te ye a pou yo depoze malad la devan li. 19 Lè mesye yo wè yo p ap kapab rive kote Jezi ye a poutèt foul la, yo monte sou tèt kay la. Yo fè yon twou nan tèt kay la ki te an ajil, epi yo glise kabann nan desann nan mitan foul la, devan Jezi. 20 Lè Jezi wè jan yo te gen lafwa, li di nonm ki te malad la: “Monchè, peche w yo padone tande.”

21 Lè sa a, Farizyen yo ak Skrib yo kòmanse ap reflechi, yo t ap di nan kè yo: “Kilès li ye menm k ap blasfeme kont Bondye konsa a? Kilès moun ki gen pouvwa pou l padone peche, si se pa Bondye sèlman?”

22 Men, Jezi te konnen ki lide ki t ap pase nan tèt yo, se sa k fè li di yo: “Pouki sa nou gen kalite panse sa yo nan tèt nou? 23-24 Ki sa ki pi fasil pou di: Peche w yo padone, oubyen leve epi mache? Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!”

25 Menm kote a, nonm nan leve devan je tout moun yo, li ranmase kabann li te kouche a, li pati al lakay li. Sou tout wout la, li t ap bay Bondye glwa. 26 Tout moun te sezi epi yo t ap bay Bondye glwa. Yo te vin pè anpil epi yo t ap di: “Jodi a, nou wè gwo mèvèy yon moun pa t ap janm vle kwè.”

Levi (Matye) swiv Jezi

(Mat 9:9-13; Mak 2:13-17)

27 Apre bagay sa yo te fin pase, Jezi soti, li wè yon pèseptè kontribisyon yo te rele Levi ki te chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di li: “Swiv mwen.” 28 Levi kite tout bagay yo, li leve, li swiv Jezi.

29 Apre sa, Levi òganize yon gwo festen lakay li pou fè lwanj pou Jezi. Te gen yon gwo foul pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun ki te la ap manje ak yo. 30 Farizyen yo ansanm ak direktè lalwa yo t ap plenyen bay disip Jezi yo, yo t ap di: “Pouki sa n ap manje bwè ansanm ak pèseptè kontribisyon yo, ak moun k ap viv nan peche yo?”

31 Lè sa a, Jezi reponn yo, li di yo: “Moun ki an sante pa bezwen doktè. Se moun malad ki bezwen doktè. 32 Mwen pa vin mande moun k ap mache dwat devan Bondye pou chanje lavi yo, men mwen vin rele moun k ap viv nan peche, pou yo repanti.”

Yon kesyon sou moun k ap jene

(Mat 9:14-17; Mak 2:18-22)

33 Men yo di li: “Disip Janbatis yo fè jèn souvan, epi yo priye souvan. Disip Farizyen yo tou fè menm bagay la, epi disip pa w ou yo menm ap manje bwè.”

34 Jezi reponn yo, li di yo: “Nan yon maryaj, zanmi misye marye a pa tris lè misye marye a la ak yo. 35 Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene.”

36 Epi li rakonte yo yon parabòl. Li di: “Pèsonn p ap pran yon moso twal nan yon rad nèf pou l pyese yon rad ize avèk li. Si ou fè sa, ni rad nèf la ni rad ize a ap chire. Pyès twal nèf la pa t ap mache ak twal ize a non plis. 37 Konsa tou, Pèsòn p ap pran diven nouvo[b] pou l mete l nan yon vye barik. Si ou fè sa, diven nouvo pete vye barik la, diven an ap tonbe epi l ap detwi veso yo.[c] 38 Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf. 39 Pèsonn p ap fin bwè diven ki gentan ansyen epi pou l ta anvi bwè nouvo diven. Paske l ap di: diven ki gentan ansyen an pi bon.”

Footnotes

  1. 5:14 Ale fè prèt la wè ou Lalwa Moyiz di yon prèt te dwe deside ki lè yon moun ak maladi po te geri.
  2. 5:37 diven nouvo Ji rezen ki fèk kòmanse ap fèmante.
  3. 5:37 Yo te konn estoke diven nan veso ki te fèt ak po kabrit. Nòmalman, po ize a frajil. Si yo mete nouvo diven nan po ki ize a, nouvo diven an vin fèmante epi li pwodui yon gaz. Se presyon gaz la ki eklate veso an po ki ize a. Veso an po tou nèf la pi elastik, sa pèmèt li kenbe nouvo diven an menm lè l fèmante.