Add parallel Print Page Options

Jezi chwazi kèk disip

(Mat 4:18-22; Lik 5:1-11)

16 Pandan Jezi t ap mache bò lak Galile a, li te wè Simon[a] ak Andre, ki se frè Simon, yo t ap voye senn yo nan lak la, paske mesye sa yo se pechè pwason yo te ye. 17 Jezi di yo: “Vin swiv mwen! Mwen pral montre nou peche moun pito.” 18 La menm, yo kite senn yo epi yo swiv Jezi.

19 Jezi te mache yon ti kras pi lwen, li te wè de lòt frè, Jak ak Jan, pitit Zebede yo. Mesye yo te nan bato a epi yo t ap repare senn yo. 20 San pèdi tan, li rele yo. Mesye yo leve, yo kite papa yo, Zebede, nan bato a ak tout ouvriye yo, epi yo swiv Jezi.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:16 Simon Lòt non Simon an se te Pyè. Menm bagay nan vèsè 29, 30, 36.