Font Size
Verse of the Day
A daily inspirational and encouraging Bible verse.
Duration: 366 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Matye 5:43-45
Renmen lènmi ou
(Lik 6:27-28,32-36)
43 Nou te konn tande yo di: Renmen zanmi w, rayi moun ki lènmi w.[a] 44 Men, mwen m ap di nou: renmen lènmi nou yo, priye pou moun k ap pèsekite nou. 45 Konsa, n a vin sanble toutbon ak pitit papa nou ki nan syèl la. Li fè solèy leve ni sou mechan yo ni sou moun ki gen bon kè. Li voye lapli ni pou moun ki fè byen ni pou moun ki fè mal.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International