Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
105 ¶ Lwanj pou Seyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè!
2 Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout mèvèy li te fè yo!
3 Fè kè nou kontan paske se moun pa l' nou ye. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt!
4 Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou, toujou chache rete devan li.
5 -(we vèsè pwochen)
6 Nou menm, pitit pitit Abraram, sèvitè Bondye, nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi, chonje mirak ak mèvèy li te fè. Chonje jijman ki te soti nan bouch li!
7 Seyè a se Bondye nou li ye. Lè li pase yon lòd se pou tout latè.
8 ¶ -(we vèsè pwochen)
9 L'ap toujou chonje kontra li te pase ak Abraram. L'ap kenbe pwomès li, pwomès li fè Izarak la pou tout tan tout tan.
10 Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l' tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo, yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan.
11 Li te di: -M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pòsyon ki rele ou pa ou nan byen m' yo.
12 Lè sa a, pèp Bondye a pa t' anpil, yo te sèlman yon ti ponyen moun, yo te tankou etranje toujou nan peyi a.
13 Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo, yo t'ap soti nan yon peyi ale nan yon lòt.
14 Men, li pa t' kite pesonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo.
15 Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen.
16 Lè Seyè a te voye yon grangou sou peyi yo a, lè li te koupe tout viv yo,
17 li te voye Jozèf devan yo, menm Jozèf yo te vann tankou esklav la.
18 Yo te mete pye l' nan sèp, yo te pase yon chenn nan kou li,
19 jouk sa li te di a te rive vre. Konsa, pawòl Seyè a te fè wè se Jozèf ki te gen rezon.
20 Wa peyi Lejip la te wete l' nan chenn yo, chèf nasyon yo te fè lage l'.
21 Li mete l' chèf sou tout moun lakay li, li mete l' pou l' gouvènen tout peyi a.
22 Li ba li kat blanch sou tout chèf yo, li ba li otorite pou l' moutre notab yo sa pou yo fè.
23 Apre sa, Jakòb te desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo. Li pase kèk tan nan peyi pitit Kam yo.
24 Seyè a te fè pèp li a peple anpil. Li te fè l' vin pi fò pase lènmi l' yo.
25 ¶ Li fè moun peyi Lejip yo rayi pèp li a: Yo aji mal ak li, yo twonpe li.
26 Lè sa a, li voye Moyiz, yon moun ki t'ap sèvi l', ansanm ak Arawon, yon moun li te chwazi.
27 Avèk pouvwa li, yo te fè mèvèy nan peyi pitit Kam yo. Yo te fè anpil mirak nan peyi Lejip.
28 Li voye fènwa kouvri tout peyi a. Men, moun peyi Lejip yo pa t' koute sa l' te di yo.
29 Li fè dlo larivyè yo tounen san, li touye tout pwason ladan yo.
30 Krapo te pran tout peyi a pou yo, yo te rive jouk anndan kay wa a.
31 Bondye annik pale, mouchavè ak vèmin parèt, yo kouvri tout peyi a.
32 Li pa ba yo lapli, li voye lagrèl pito ak kout zèklè sou peyi a.
33 Li te detwi tout pye rezen ak tout pye figfrans yo. Li jete tout pyebwa nan peyi a atè.
34 Bondye annik pale, chwalbwa parèt, chini vide an kantite.
35 Yo devore tout ti plant nan peyi a, yo manje tout rekòt nan jaden yo.
36 Bondye touye premye pitit gason nan tout fanmi nan peyi Lejip la. Wi, li touye tout premye pitit gason yo.
37 Apre sa, li fè pèp Izrayèl la pati avèk kantite lò ak ajan. Anyen pa t' rive yo yonn menm.
38 Moun peyi Lejip yo te fè fèt lè yo pati paske yo te pè anpil.
39 Seyè a mete yon nwaj pou pwoteje yo lajounen, yon dife pou klere yo lannwit.
40 Yo mande l' vyann, li ba yo zòtolan. Li ba yo pen ki soti nan syèl pou plen vant yo.
41 Li fann yon gwo wòch, sous dlo pete, dlo pran koule nan dezè a tankou larivyè.
42 Li te chonje pwomès li te fè a, pawòl li te bay Abraram, sèvitè l' la.
10 Lè sa a, tout pèp la ranmase wòch pou yo kalonnen Jozye ak Kalèb. Men, lamenm pouvwa Bondye a parèt anwo Tant Randevou a, li fè tout pèp la wè l'.
11 ¶ Seyè a di Moyiz konsa: -Kilè pèp sa a va sispann meprize mwen? Kilè y'a soti pou yo fè m' konfyans? Gade tout bèl bagay mwen te fè pou yo. Malgre sa, yo pa vle kwè m' toujou!
12 M'ap voye yon sèl epidemi sou yo, m'ap touye yo tout. M'ap anpeche yo pran posesyon tè ki pou yo a. Men ou menm, m'ap fè ou tounen yon nasyon k'ap pi gwo, k'ap pi fò pase yo.
13 Men, Moyiz di Seyè a konsa: -Se ou menm ak fòs ponyèt ou ki te fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip la.
14 Lè moun pèyi Lejip yo va vin konnen sa ou pral fè pèp la, y'a rakonte l' bay moun ki rete nan peyi Kanaran yo. Yo menm tou, yo deja konnen se ou menm, Seyè, ki kanpe la nan mitan pèp la, se ou menm ki parèt aklè devan je yo, se nwaj ou, Granmèt, ki rete anwo yo. Se ou menm ki t'ap mache devan yo lajounen nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto, lannwit nan yon gwo flanm dife ki te gen fòm yon poto tou.
15 Koulye a, si ou rete konsa ou touye tout pèp ou a, moun lòt nasyon yo ki te tande pale ki kalite moun ou ye, yo pral di
16 se kapab ou pa t' kapab mennen pèp la nan peyi ou te fè sèman w'ap ba yo a kifè ou touye yo nan dezè a.
17 Non. Seyè! Se koulye a pou ou fè wè gwo pouvwa ou la, jan ou te pwomèt l' a, lè ou te di:
18 Se mwen menm ki Seyè a, mwen pa an kòlè fasil, mwen p'ap janm sispann renmen nou. M'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal ak sa nou te dwe fè nou pa fè. Men, mwen pa nan kase fèy kouvri sa ak pesonn. Si yon moun fè yon bagay mal, m'ap pini pitit li, pitit pitit li, ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon.
19 Tanpri, jan ou gen bon kè sa a, padonnen sa pèp la fè ki mal la, menm jan ou te pran pasyans ak yo depi yo kite peyi Lejip jouk yo rive isit la.
20 ¶ Seyè a di: -M'ap padonnen yo, jan ou mande m' lan.
21 Men, menm jan ou wè mwen vivan an, menm jan ou wè pouvwa mwen toupatou sou latè,
22 okenn nan moun sa yo p'ap rive viv lontan ase pou yo antre nan peyi a. Yo te wè pouvwa mwen, yo te wè tout bèl bagay mwen te fè nan peyi Lejip ak nan dezè a. Men anpil fwa deja, yo chache wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo pa janm vle koute m' lè m' pale ak yo.
23 Yo p'ap menm wè peyi mwen te sèmante mwen t'ap bay zansèt yo a. Yo tout ki vire do ban mwen yo, yo yonn p'ap wè peyi a.
24 Men, paske Kalèb, sèvitè m' lan, pa aji tankou yo, li swiv mwen san gad dèyè, m'ap fè l' antre nan peyi li te al rekonèt la. Pitit pitit li yo va pran peyi a pou yo.
10 ¶ Frè m' yo, mwen vle fè nou chonje sa ki te rive zansèt nou yo lè yo t'ap swiv Moyiz. Yo tout te anba pwoteksyon nwaj la, yo tout te pase nan mitan Lanmè Wouj la.
2 Antan yo te nan nwaj la ak nan lanmè a ansanm ak Moyiz, yo tout te resevwa yon batèm.
3 Yo tout te manje menm manje Lespri Bondye te ba yo a.
4 Yo tout te bwè menm bwason Lespri Bondye te ba yo a. Se konsa yo t'ap bwè dlo ki t'ap soti nan gwo wòch Lespri Bondye te ba yo epi ki t'ap mache ansanm ak yo a: Wòch sa a, se te Kris la menm.
5 Atousa, anpil ladan yo pa t' fè Bondye plezi. Se poutèt sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a.
6 ¶ Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi nou leson pou nou pa kite move lanvi kaye nan kè nou tankou yo te genyen l' lan.
7 Piga nou sèvi zidòl tankou kèk ladan yo te fè l', jan sa ekri nan Liv la: Pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pran plezi yo.
8 Pa lage kò nou nan dezòd lachè tankou kèk ladan yo te fè li. Lè sa a, venntwamil (23.000) tonbe, yo mouri yon sèl jou.
9 Piga nou seye fè plan ak Bondye tankou kèk ladan yo te fè li. Sa lakòz sèpan te mòde yo, yo tout yo mouri.
10 Pa bougonnen tankou kèk ladan yo te bougonnen. Lè sa a, zanj lanmò a te touye yo tout.
11 Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi lòt yo egzanp. Yo ekri yo nan Liv la pou sa sèvi nou avètisman. Paske, pou nou menm k'ap viv koulye a, pa rete lontan ankò anvan pou lafen an rive.
12 Se sak fè, moun ki kwè li byen kanpe a, pito li veye kò l' pou l' pa tonbe.
13 Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l', pou nou ka soti anba li.