Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Ak ki kalite kò n ap resisite?
35 Men, yon moun ka mande: “Ki jan pou l ta posib pou mò yo resisite? Ak ki kalite kò?” 36 Kesyon sa yo pa gen plas yo! Lè w mete yon grenn nan tè, fòk li mouri anba tè a anvan li jèmen. 37 Epi lè w ap plante, sa w mete nan tè a gen yon kò diferan de sa plant ap ye lè l devlope. Sa w plante a se sèlman yon grenn, se petèt yon grenn ble oswa yon lòt grenn. 38 Men, se Bondye ki chwazi ki kalite kò l ap ba li. E li bay chak grenn pwòp kò pa li.
42 Se menm jan an tou l ap ye lè mò yo resisite. Kò ki mete anba tè a tankou yon grenn se yon kò k ap pouri. Men, kò ki resisite a pa kapab pouri. 43 Lè kò a pral anba tè, li pa vo anyen. Men, li gen pou l resisite avèk anpil onè. 44 Kò ki pral anba tè a, se yon kò moun nòmal. Men, kò ki gen pou resisite a, se yon kò transfòme ak pouvwa Sentespri a. Paske, menm jan gen kò natirèl konsa tou gen kò espirityèl.
45 Jan Bib la di l la: “Premye Adan an, se te yon senp moun[a] ki te resevwa lavi.”[b] Dènye Adan an, ranpli ak Sentespri ki bay lavi. 46 Se pa espirityèl la ki vin an premye, men se natirèl la. Espirityèl vini apre natirèl la. 47 Premye Adan an te soti nan pousyè latè. Dezyèm Adan[c] an soti nan syèl. 48 Tout moun sou latè sanble ak premye nonm nan ki te soti nan pousyè. Tout moun ki pou syèl sanble ak sila a ki soti nan syèl. 49 Menm jan nou te pote menm mak fabrik ak nonm sa ki te soti nan pousyè a, se menm jan tou n ap pote menm mak fabrik ak sila a ki soti nan syèl la.
50 M ap di nou sa frè m ak sè m yo, kò sa ki fèt avèk chè epi san pa kapab eritye wayòm Bondye a. Bagay ki ap pouri pa gen anyen pou l wè avèk bagay ki pa ka pouri.
Renmen lènmi ou
(Mat 5:38-48; 7:12a)
27 “Men sa m ap di nou, nou menm k ap koute m: Renmen lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou. 28 Mande Bondye pou l beni moun ki mande pou move bagay rive nou. Priye pou moun ki maltrete nou. 29 Si yon moun frape w nan yon bò machwè w, vire lòt bò a ba li tou. Si yon moun pran vès w, kite l pran chemiz la tou. 30 Nenpòt moun ki mande w, ba li. Nenpòt moun ki pran afè w, pa mande l remèt ou yo. 31 Sa ou ta renmen lòt moun fè pou ou, fè menm bagay pou yo.
32 Si ou renmen moun ki renmen w sèlman, èske ou panse Bondye dwe rekonpanse w pou sa? Non, paske menm moun k ap viv nan peche yo renmen moun ki renmen yo. 33 Menm jan an tou, si ou fè byen pou moun ki fè byen pou ou, ki merit ou genyen pou sa? Menm moun k ap viv nan peche yo fè menm bagay la tou. 34 Si nou prete moun nou konnen ki ka renmèt nou, èske n panse Bondye ta dwe rekonpanse nou pou sa? Menm moun k ap viv nan peche yo prete moun k ap viv nan peche parèy yo pou yo renmèt yo menm kantite a.
35 Men, se pou nou renmen lènmi nou yo, epi fè byen pou yo. Prete moun san nou pa met espwa y ap renmèt nou sa nou prete yo a. Konsa, rekonpans nou va gran. N a pitit Bondye ki pi wo nan syèl la. Paske li menm li bon anvè ni moun ki san rekonesans yo, ni mechan yo. 36 Se pou nou gen kè sansib, menm jan Bondye Papa nou gen kè sansib.
Piga youn kritike lòt
(Mat 7:1-5)
37 Pa jije moun si ou pa vle Bondye jije w tou. Pa kondane moun, konsa Bondye p ap kondane w non plis. Padone moun, konsa Bondye a padone w tou. 38 Se pou nou bay, konsa Bondye ap ban nou tou. N a resevwa anpil. Dyakout nou ap tèlman byen ranpli, l ap fè tiyon, epi l ap ranvèse. Paske jan ou trete lòt moun se konsa Bondye ap trete w tou.”
Copyright © 2017 by Bible League International