Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Kò Kris la
12 Chak moun gen yon kò, men kò a gen plizyè pati. Tout pati sa yo fòme yon sèl kò. Se menm jan an tou kò Kris la ye. 13 Gen kèk nan nou se Jwif, gen kèk nan nou ki pa Jwif; gen kèk nan nou ki lib, gen kèk nan nou ki esklav. Men nou tout resevwa batèm Sentespri a pou nou ka vin fòme yon sèl kò. Se menm Sentespri a Bondye bay[a] nou tout.
14 Wi, yon sèl manm pa vle di yon kò. Yon kò gen plizyè pati ladann. 15 Si pye a di: “Paske m pa yon men, mwen pa fè pati kò a.” Èske sa l di a ka fè l pa fè pati kò a pou sa? 16 Si zòrèy la di: “Paske m pa yon grenn je, mwen pa fè pati kò a.” Èske sa l di a ka fè l pa fè pati kò a pou sa? 17 Si tout kò a se te je nan kisa nou t ap tande? Si tout kò a se te zòrèy nan kisa nou t ap pran sant? 18 Se Bondye li menm ki deside kote l ap plase chak pati nan kò a. 19 Epi tou, si tout pati yo te menm, pa t ap gen sa yo rele kò a. 20 Wi, gen anpil pati, men yo fòme yon sèl kò.
21 Je a pa ka di men an: “Mwen pa bezwen w!” Tèt la pa ka di pye yo: “Mwen pa bezwen w!” 22 Okontrè, menm pati nan kò a ki parèt pi fèb la, se yon nesesite li ye pou kò a. 23 Pati nan kò a ki parèt san enpòtans yo, se yo menm nou bay plis valè. Pati nan kò a ki dwe rete kache, se yo nou bay swen espesyal. 24 Pati nan kò tout je ka wè pa bezwen tout swen espesyal sa yo. Bondye fòme kò a yon fason pou pati ki manke onè yo jwenn plis onè pase lòt yo. 25 Bondye fòme kò a yon fason pou pati kò a pa gen divizyon nan mitan yo. Okontrè, youn ap pran swen lòt san patipri. 26 Si yon pati nan kò a ap soufri tout lòt pati yo santi doulè a. Si yon pati resevwa onè tout lòt pati yo pataje onè sa a.
27 Ansanm, nou fòme kò Kris la. Chak moun pami nou se yon pati nan kò Kris la. 28 Nan Legliz la, Bondye te mete apot yo an premye. Li mete pwofèt yo an dezyèm. Li mete moun k ap anseye an twazyèm. Apre sa nou jwenn moun ki gen don mirak, moun ki gen don gerizon, moun ki gen don pou ede lòt moun, moun ki gen don pou dirije, moun ki gen don pale diferan kalite lang. 29 Èske tout moun se apot? Èske tout moun se pwofèt? Èske tout moun ka anseye? Èske tout moun gen don mirak? 30 Èske tout moun gen don gerizon? Èske tout moun ka pale diferan kalite lang? Èske se tout ki ka entèprete lang sa yo? 31 Chèche ak tout kè nou don ki pi enpòtan yo. Kounye a, mwen pral lonje dwèt montre nou yon chemen ki pi bon pase tout lòt chemen.
Jezi kòmanse ministè li nan Galile
(Mat 4:12-17; Mak 1:14-15)
14 Jezi retounen nan Galile, anba pouvwa Sentespri a. Nan tout rejyon alantou Galile a, moun yo t ap pale sou li. 15 Li te kòmanse anseye nan tout sinagòg yo nan zòn nan, epi tout moun yo t ap fè lwanj pou li.
Jezi ale nan vil kote l te grandi
(Mat 13:53-58; Mak 6:1-6)
16 Apre sa, Jezi ale Nazarèt, nan ti vil kote li te grandi a. Jan l te gen abitid fè a, nan jou saba a, li antre nan yon sinagòg, epi li kanpe pou fè lekti a. 17 Yo te ba li liv pwofèt Ezayi a, epi li louvri li nan kote pawòl sa yo ekri a:
18 “Lespri Senyè a sou mwen.
Li chwazi m pou m anonse pòv yo bòn nouvèl la.
Li voye m vin di prizonye yo, yo libere,
pou m di avèg yo yo kapab wè ankò.
Pou m libere moun k ap sibi opresyon yo.
19 Epi pou m anonse lè a rive
pou Bondye montre konpasyon li.”[a]
20 Jezi fèmen liv la. Li remèt li bay sekretè a, epi li chita. Kòm tout je moun yo nan sinagòg la te fikse sou li, 21 Li kòmanse pale ak yo konsa: “Jodi a, pandan nou t ap tande m ap li pawòl sa yo ki soti nan Bib la, yo akonpli!”
Copyright © 2017 by Bible League International